Asistans Federal pou Katastwòf Depase $656 Milyon De Mwa apre Siklòn Michael Touche Tè

Release Date Release Number
R4-DR-4399-FL NR 065
Release Date:
Desanm 12, 2018

TALLAHASEE, Fla. – De mwa apre Siklòn Michael ravaje Nòdwès Florida ak vitès van ki te 155 mil pa è epi yon mare tanpèt ki te akablan, asistans federal pou katastwòf yo alwe pou sivivan yo depase $656 milyon.

“Ekip Repons Iijans Eta Florida a te reyaji defason istorik nan pi gwo siklòn ki janm rive
afekte Bann Kotyè a de sa nou ka sonje, yo te konplete dè milye misyon pou yo pote sipò yo pou jefò entèvansyon lokal yo,” se sa Wes Maul direktè Divizyon Jesyon Ijans Florida a te fè konnen.

Thomas J. McCool, otorite federal ki kowòdone rekiperasyon nan Florida, te vin ajoute: ”Florida
sou wout pou yon rekiperasyon byen long. Sivivan yo ka sèten ke eta a, FEMA ak patnè federal nou yo ap kontinye travay ansanm pou ede moun ki afekte akoz Siklòn Michael yo pou yo rekonstwi lavi yo ak kominote yo.”

Depi dat 9 desanm, asistans federal pou katastwòf gen ladan:
 

  • Plis pase $119.3 milyon nan sibvansyon pou endividi ak lojman pou pote asistans finansye pou moun
    ki genyen depans ki nesesè apre katastwòf la epi ki pa kapab reponn ak bezwen yo avèk asirans yo epi lòt fason.
     
  • Nan montan sa a, prèske $97.8 milyon gen ladan asistans pou lojman pou ede pwopriyetè kay yo repare oubyen ranplase pwopriyete rezidansyèl yo ki andomaje akoz katastwòf la e ke asirans pa garanti, epi
  • Plis pase $21.5 milyon pou Asistans pou Lòt Bezwen yo genyen. Asistans sa a kouvri depans ki nesesè ki gen rapò ak katastwòf la tankou fakti medikal; lajan pou netwayaj, reparasyon oubyen pou ranplase atik menaje yo; pou repare oubyen ranplase otomobil ki andomaje nan katastwòf la epi lòt bezwen yo genyen ki pa menaje.
  • Prèske $411.4 milyon nan prè Administrasyon Ti Biznis ki apwouve, pami yo plis pase $363.3 milyon pou pwopriyetè kay ak lokatè epi plis pase $48 milyon pou biznis yo repare, rekonstwi oubyen ranplase pwopriyete ak atik yo genyen ki andomaje epi pou domaj ekonomik.
  • Plis pase $126 million nan reklamasyon yo peye pou 3,300 moun ki gen kontra Asirans Nasyonal pou Inondasyon.

Asistans federal pou lojman bay:

 

  • Sejou tanporè nan chanm lotèl pou plis pase 1,800 fwaye avèk 651 ki toujou nan lotèl yo anba Pwogram Asistans pou Tranzisyon Lojman.
  • 52 Inite Lojman Tanporè pou sivivan yo apwouve pou Lojman Tanporè Dirèk, ak
  • Prèske tout – 99.5 pousan – sou 67,914 enspeksyon lojman ki te deklare pou zòn katastwòf la ki fin konplete.
     

Nan yon lòt etap enpòtan rekiperasyon an, kontraktè ke U.S. Army Corps of Engineers jere, rive enstale dènye “twati ble” tanporè a nan Bann Kotyè Florida a e rive bay 7,800 kouvèti pouke sivivan yo te ka jwenn abri nan pwòp kay yo pandan y ap fè reparasyon.

Sant rekiperasyon apre katastwòf yo te resevwa plis pase 33,600 vizitè ki t ap chèche asistans oubyen enfòmasyon, pandan ekip Asistans pou Sivivan Katastwòf ki fè sosyal yo te fè plis pase 1,270 vizit nan etablisman kominotè yo, plis pase 2,200 nan biznis yo, plis pase 95,800 vizit adomisil epi yo te fè prèske 30,000 referans pou resous nan tout kominote a.

Sant rekiperasyon apre katastwòf yo kontinye rete louvri nan pifò konte yo deziyen yo pou bay enfòmasyon ak asistans. Sivivan yo kapab sèvi avèk aplikasyon mobil FEMA a pou jwenn adrès sant yo oubyen yo ka vizite FEMA.gov/DRC, oubyen yo kapab voye yon tèks nan 43362 epi bay DRC ak kòd POSTAL ou. Reprezantan Florida, FEMA, ak Administrasyon Ti Biznis Etazini ak lòt òganizasyon yo prezan nan sant yo pou yo eksplike pwogram asistans ki disponib yo epi pou ede sivivan yo konekte ak resous ki pi byen koresponn ak bezwen yo genyen pou rekiperasyon yo.

FEMA ap ede gouvènman leta ak lokal yo nan rekiperasyon an. Dizwit konte ak eta a kalifye pou pwogram Asistans  Leta FEMA a. Finansman federal la disponib pou ranbouse kominote yo ak sèten òganizasyon ki pa travay pou pwofi pou depans yo fè pou netwayaj apre katastwòf la, aksyon yo pran annijans pou pwoteje lavi oubyen pwopriyete moun, epi reparasyon, ranplasman, oubyen restorasyon etablisman ki domaje akoz katastwòf la.

Yo konseye kominote ak òganizasyon sa yo pou yo soumèt yon Demann pou Asistans Leta (RPA) sou entènèt nan https://floridapa.org. Dat limit pou soumèt yon RPA se 31 desanm.

Pou plis enfòmasyon sou rekiperasyon Siklòn Michael, vizite www.fema.gov/ht/disaster/4399.

 

###

 

Misyon FEMA: N ap ede moun anvan, pandan epi apre katastwòf.

Pou yon lis resous ki disponib pou moun ak biznis ki afekte akoz Siklòn Michael, vizite www.floridadisaster.org/info

Pou jwenn plis enfòmasyon sou rekiperasyon apre Siklòn Michael, vizite www.fema.gov/ht/disaster/4399.

Tags:
Dènye Mizajou