ORLANDO, Fla. – Sant Sekou akòz Katastwòf(Disaster Recovery Center ,DRC) ki nan adrès Florida Gulf Coast University (FGCU) Emergent Technologies Institute (ETI) 16301 Innovation, Lane Fort Myers, FL 33913 nan Konte Lee County pral fèmen 26 septanm aswè a apati 8 p.m. FEMA prevwa yo pral louvri yon nouvo sant nan Konte Lee pita nan semèn sa a.
Pafwa nou chanje adrès DRC yo, tankou sa a, pou nou kapab ofisyèl federal, ofisyèl leta ak ofisyèl lokal yo ogmante kantite moun y ap ede yo nèt.
Sant Sekou akòz katastwòf yo ofri sipò fas-a-fas pou moun ak pwopriyetè ti biznis yo. Espesyalis sekou yo ki nan Administrasyon Federal pou Jesyon Ijans ( Federal Emergency Management Administration , FEMA) AK Eta a disponib pou bay èd pou nenpòt moun pou ranpli aplikasyon oswa pou modifye sitiyasyon yo. Gen òganizasyon volontè ki disponib epi ki ofri anpil kalite sèvis pou ede sivivan yo retounen nan aktivite yo.
Pandan plis sant yo ap louvri, sivivan yo ka chèche youn ki pi pre yo sou sitwèb https://www.fema.gov/disaster-recovery-centers oswa yo ka rele Liy Èd nan nimewo 800-621-3362, (TTY) 800-462-7585. Nimewo Liy Èd yo louvri ant 7 a.m. ak 11 p.m., sèt jou pa semèn. Enfòmasyon sou DRC disponib tou sou Aplikasyon Mobil FEMA.
Ekip k ap bay èd pou sivivan yo akòz katastwòf la (Disaster Survivor Assistance, DSA) ap fè sondaj nan zòn afekte yo epitou yo kapab enskri sivivan yo pou yo jwenn èd nan FEMA , si li nesesè. Lè rezidan yo bezwen plis èd ekip yo ka voye yo nan yon DRC.
Pwosesis enskripsyon an se premye etap nan sekou a epi li egzije pou bay enfòmasyon tankou kontra asirans, ak enfòmasyon sou kont labank pou transfè posib lajan dirèk Nou ankouraje sivivan yo pou yo enskri anvan yo ale nan yon DCR.
Si ou gen telefòn oswa aksè nan entènèt, ou ka enskri nan youn nan fason sa yo:
- sou sitwèb DisasterAssistance.gov.
- Rele Liy Èd FEMA Helpline nan nimewo 800-621-3362 pou pale, 711 ak Sèvis Relè nan Videyo (Video Relay Service ,VRS). Si ou soud oswa mal pou tande oswa si ou gen andikap pou pale epi w ap itilize yon TTY, rele nimewo 800-462-7585. Enfòmasyon sou pwosesis enskripsyon an disponib nan ASL sou sitwèb: fema.gov/medialibrary/assets/videos/111546.
- Gen èd ki disponib nan pifò lang yo.
- Tele chaje Aplikasyon Mobil FEMA epi aplike.
Ou ka gen lòt bezwen pandan ou ale nan yon DRC:
- Si ou bezwen yon aranjman rezonab tankou Langaj Siy Ameriken, Ekriti Bray, gwo lèt elatriye ou ka rele nimewo Liy Èd la pou jwenn sipò nan nimewo 800-621-3362.
- Nou ofri tradiksyon lang nan Sèvis Entèpretasyon nan Telefòn nan 200 lang.
Si ou enskri deja, li pa nesesè pou ale nan yon DRC, men ou ka toujou vle pale avèk yon Espesyalis sekou pou modifye sitiyasyon ou oswa pou jwenn èd nan lòt òganizasyon yo.
Ou pa oblije ranbouse sibvansyon FEMA bay yo Ou pa peye taks sou èd FEMA epi li p ap afekte kalifikasyon ou pou avantaj Sekirite Sosyal, Medicaid oswa lòt avantaj federal.
Sivivan Yo ta dwe enskri menmsi yo gen asirans. FEMA pa kapab double peman asirans yo, men aplikan ki pa gen ase asirans yo ka resevwa èd apre yo resevwa peman pou reklamasyon yo.
Pou jwenn plis enfòmasyon sou sekou a, ale sou sitwèb www.fema.gov/hurricane-irma.
###
Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen ak premye repondè nou yo pou asire n ap travay ansanm antan yon peyi, pou devlope, sipòte ak amelyore kapasite nou pou prepare pou tout danje, bay pwoteksyon kont danje, bay repons pou danje yo, retabli nou apre yo, epitou minimize yo.
Gen asistans pou reparasyon apre katastwòf ki disponib san konsiderasyon ras, koulè, relijyon, si ou se fanm oswa gason, laj, andikap, konpetans nan lang Angle oswa sitiyasyon ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan nimewo 800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele 800-462-7585.
Asistans lojman FEMA pou yon ti tan ak sibvansyon pou depans transpò piblik, depans pou swen medikal ak swen dantè, ak depans pou sèvis finerè ak antèman pa egzije moun pou yo aplike pou yon prè SBA. Men, aplikan ki resevwa aplikasyon prè SBA dwe soumèt yo ba ofisye kredi SBA pou yo kapab kalifye pou asistans ki garanti byen pèsonèl, reparasyon oswa ranplasman veyikil, ak depans pou amenaje ak depo.