Moun ki gen kontra asirans pou Inondasyon Florid yo jwenn plis tan

Release Date Release Number
049
Release Date:
November 7, 2022

BRANDON, Fla. - Moun ki gen asirans nan Pwogram Nasyonal pou Asirans Inondasyon (NFIP) nanFlorid ki afekte pa Siklòn Ian kapab renouvle asirans ki fèk ekspire yo san konsekans akoz yon poz nan kouvèti asirans lan.

Ekstansyon renouvèlman an aplike pou asire ki gen dat ekspirasyon kontra asirans inondasyon yo ki kòmanse 25 out 2022 jiska 23 oktòb 2022 enkli. Pa egzanp, si dat orijinal renouvèlman yon asirans te 25 out 2022, yo ka renouvle asirans lan nan dat 23 novanm 2022 oswa anvan, epi ou ka ranpli reklamasyon w pou domaj ou te sibi pandan Siklòn Ian. Si dat renouvèlman an te 23 oktòb 2022, yo ka renouvle asirans nan dat 21 janvye 2023 oswa anvan.

Moun ki gen kontra asirans ki vle pwofite peryòd gras la ta dwe kontakte ajan yo oswa konpayi asirans yo nan 90 jou apre dat ekspirasyon asirans yo. Kontakte ajan asirans ou oswa konpayi asirans ou pou diskite sou asirans ou. Si w pa genyen enfòmasyon sa yo, rele NFIP nan 877-336-2627.

Pou rive 5 novanm 2022, yo te peye 44,000 reklamasyon NFIP nan Florid pou yon total $351 milyon dola,
ki gen ladan $170 milyon dola nan peman davans.

FEMA Pwolonje Egzijans Prèv Pèt

FEMA te pwolonje tou egzijans prèv pèt pou moun ki gen kontra asirans pou inondasyon Florid ki te sibi domaj inondasyon nan siklòn Ian soti 60 rive 365 jou

Moun ki gen kontra asirans nan 26 konte Florid yo deziyen pou pwogram Asistans Endividyèl FEMA a kapab pwofite ekstansyon NFIP yo. Konte sa yo se Brevard, Charlotte, Collier, DeSoto, Flagler, Glades, Hardee, Hendry, Highlands, Hillsborough, Lake, Lee, Manatee, Monroe, Okeechobee, Orange, Osceola, Palm Beach, Pasco, Pinellas, Polk, Putnam, Sarasota, Seminole, St Johns ak Volusia. Sepandan, tout moun nan Florida ki gen asirans -- menm moun ki nan konte ke yo pa deziyen yo -- ta dwe kontwole fema.gov paske yo ka ajoute plis konte.

Kouvèti NFIP disponib indepandaman de deklarasyon federal katastwòf yo. Asirans pou kontni yo disponib tou pou lokatè yo. Kouvèti ki disponib pou batiman rezidansyèl ak komèsyal:

  • Jiska $250,000 nan kouvèti batiman ak jiska $100,000 nan pwoteksyon kontni pou estrikti rezidansyèl pou youn-a-kat fanmi.
  • Jiska $500,000 nan pwoteksyon batiman ak jiska $100,000 nan pwoteksyon kontni pous estrikti rezidansyèl pou senk-oswa-plis fanmi.
  • Jiska $500,000 nan pwoteksyon batiman ak jiska $500,000 nan pwoteksyon kontni pou biznis yo.

Gen yon peryòd datant 30 jou anvan nouvo asirans yo antre an aplikasyon, donk pa tann. NIFP fè patenarya ak plis pase 50 konpayi asirans prive ak NFIP Direct pou vann ak sèvis kontra asirans inondasyon. Pou jwenn yon lis moun ki ekri asirans inondasyon nan Florid, ale nan Flood Insurance Writers in Florida (floir.com)

Pou jwenn plis enfòmasyon sou NFIP, pou konnen si w ap viv nan yon kominote k ap patisipe, ak sa ki garanti nan règleman NFIP oswa kijan pou ou fè yon reklamasyon, kontakte founisè asirans ou oswa vizite FloodSmart.gov

Tags:
Dènye mizajou