Mezon Adorasyon ki nan Missippi yo Ka Petèt Elijib pou Èd FEMA a

Release Date Release Number
NR-004
Release Date:
Novanm 12, 2021

PEARL, Miss.— Mezon adorasyon ki kalifye nan Missippi yo ka petèt elijib pou sibvansyon FEMA a pou kouvri depans ki lye ak ouragan yo.

Sibvansyon yo bay nan kad Pwogram Asistans Piblik FEMA a ka kouvri depans pou reparasyon ak ranplasman etablisman ki andomaje pandan yon dezas. Se FEMA ki sitou finanse pwogram nan epi yo administre li atravè Ajans pou Jesyon Ijans Mississippi (Mississippi Emergency Management Agency, MEMA) a.

Delè pou fè Demann pou Asistans Piblik (Request for Public Assisttance, RPA) pou Ouragan Ida a se 21 Novanm 2021.

FEMA defini etablisman relijye yo kòm yon legliz, sinagòg, moske, tanp oswa yon lòt mezon adorasyon san li pa fè diskriminasyon sou karaktè relijye etablisman an. Ka gen yon èd pou depans pou reparasyon ak ranplasman ki disponib nan konte yo deziyen pou Pwogram Asistans Piblik FEMA a: Amite, Claiborne, Copiah, Covington, Franklin, George, Hancock, Harrison, Jackson, Jefferson, Jefferson Davis, Lawrence, Lincoln, Pearl River, Pike, Simpson, Walthall, Wayne, ak Wilkinson.

Pou yon mezon adorasyon elijib, fòk li:

  • Se pwopriyete yon òganizasyon san bi likratif oubyen se òganizasyon sa k ap jere li.
  • Sibi domaj Ouragan Ida a te lakoz yo nan peryòd 28 Out ak 1ye Septanm nan.
  • Pa t resevwa finansman oswa li pa t resevwa ase finansman apre l te fin aplike pou prè pou ka dezas nan Administrasyon pou Ti Biznis nan Peyi Etazini (U.S. Small Business Administration) an pou repare oswa ranplase yon etablisman.
  • Bay yon lèt desizyon aktyèl IRS la bay ki akòde ekzanpsyon fiskal konfòmeman ak Atik 501 (c) (d) oswa (e) ki nan Kòd IRS la oswa bay dokiman eta a bay ki konfime li se yon òganizasyon san bi likratif.

Mezon adorasyon yo ka kontakte MEMA pou yo jwenn detay sou kijan pou yo aplike pou asistans FEMA a. Yo kapab jwenn plis enfòmasyon oswa soumèt RPA yo a sou entènèt la lè yo ale sou https://www.msema.org/about/public-assistance/.

Prè pou ka dezas afèb enterè Administrasyon pou Ti Biznis nan Peyi Etazini (U.S Small Business Administration) an disponib pou kèk òganizasyon san bi likratif ki sibi domaj materyèl ki ekivo a jiska $2 milyon dola.

Aplike sou entènèt la nan sba.gov/funding-programs/disaster-assistance. Pou kesyon ak èd pou ranpli yon aplikasyon, rele 800- 659- 2955 oswa voye imèl nan FOCWAssistance@sba.gov.

Pou jwenn dènye enfòmasyon sou Ouragan Ida a, ale sou fema.gov/disaster/4626 oswa swiv kont Twitter Rejyon 4 FEMA a nan twitter.com/FEMARegion4.

Tags:
Dènye Mizajou