FDEM, FEMA Ap Kontinye Travay avèk Sivivan, Kominote nan Florida

Release Date Release Number
R4-DR-4399-FL NR 090
Release Date:
February 13, 2019

TALLAHASSEE, Fla. – Kat mwa apre pasaj Siklòn Michael, Depatman Jesyon Ijans nan Florida, FEMA ak lòt ajans leta ak ajans federal ap kontinye asiste sivivan ak kominote etan y ap rekipere apre tanpèt la. Se yon angajman pèmanan li ye.

 

Depi dat 12 fevriye, plis pase $935 milyon nan finansman federal deja distribye sou fòm sibvansyon, prè ak peman asirans inondasyon. Administrasyon Ti Biznis nan Etazini (SBA) deja bay pwopriyetè kay, lokatè ak biznis $605 milyon e l ap opere senk sant pou ede aplikan yo avèk prè pou katastwòf. Pwogram Nasyonal Asirans Inondasyon an deja peye $195 milyon nan reklamasyon pou inondasyon. FEMA deja apwouve plis pase $135 milyon nan sibvansyon pou pwopriyetè kay ak lokatè.

 

Prèske 21,000 pwopriyetè kay ak lokatè deja resevwa asistans finansye pou lwaye nan FEMA. FEMA ap kontinye mete sivivan ki elijib yo nan lojman tanporè pandan y ap planifye pou lojman ki pi pèmanan. Jiska dat, yo deja mete fanmi nan 556p inite. Genyen sèt local lojman angwoup ki deja ap resevwa okipan oubyen ki an konstriksyon. FEMA genyen kontra avèk 30 pak komèsyal pou yo mete inite lojman. Yo mete plizyè inite tou sou pwopriyete sivivan yo.

 

Apre yo deklare yon katastwòf, an jeneral FEMA opere sant rekiperasyon apre katastwòf pou peryòd tan kout. Nan Florida, FEMA te kòmanse ouvri sant nan mwa Oktòb 2018. Jiska dat, genyen sant ki louvri nan 29 lokal
nan Bann Kotyè a. Sivivan yo fè plis pase 49,000 vizit nan sant sa yo pou yo pale ak reprezantan leta a, ak FEMA e ak lòt ajans.

 

FEMA kowòdone avèk Eta Florida pou detèmine ki kote ki genyen yon bezwen pou yon sant epi pou konbyen tan li pral rete louvri. Apre yon sant fin fèmen, sivivan yo kapab toujou jwenn mizajou sou aplikasyon yo, jwenn enfòmasyon sou pwosedi apèl la oubyen verifye kondisyon aplikasyon yo nan nenpòt nan fason sila yo:

 

  • Konekte sou kont yo nan DisasterAssistance.gov.
  • Vizite nenpòt sant rekiperasyon ki louvri; pou jwenn sant ki pi pre a ale sou entènèt nan FEMA.gov/DRC.
  • Rele Liy Asistans Telefonik pou katastwòf la nan 800-621-3362, (TTY, 800-462-7585). Nimewo telefòn gratis yo louvri chak jou apatide 7 a.m. jiska 11 p.m.

Pou ede ajan leta ak ajans lokal yo ranbouse depans pou repons ak rekiperasyon, Pwogram Asistans Leta FEMA a bay sibvansyon federal siplemantè pou katastwòf pou evakyasyon debri, mezi pwoteksyon annijans ki sove lavi ak reparasyon, ranplasman oubyen restorasyon etablisman leta ki domaje nan katastwòf yo avèk etablisman sèten òganizasyon prive ki pa travay pou pwofi.

Ajans leta ak ajans lokal yo deja netwaye plis pase 26 milyon vèj kib debri. Pwogram Asistans Leta a ap travay avèk kominote leta ak kominote local yo pou ranbouse depans ki elijib pou evakyasyon debri.

Pwogram Asistans Leta a ankouraje tou pwoteksyon etablisman ki domaje yo pou evènman alavni nan bay finansman pou mezi mitigasyon risk pandan pwosesis rekiperasyon an. Pwogram Mitigasyon Risk la travay avèk leta a sou finansman sibvansyon pou pwojè ki pral ranfòse Bann Kotyè a kont domaj nan tanpèt alavni.

 

###

 

Misyon FEMA: N ap ede moun anvan, pandan epi apre katastwòf.

Pou yon lis resous ki disponib pou moun ak biznis ki afekte akoz Siklòn Michael yo, vizite www.floridadisaster.org/info.

Pou jwenn plis enfòmasyon sou rekiperasyon apre Siklòn Michael, vizite www.fema.gov/disaster/4399.

Swiv FEMA ak Divizyon Jesyon Ijans Florida sou Twitter nan   @ FEMARegion4   ak   @FLSERT.   Ou ka vizite FEMA ak paj Facebook Divizyon an tou nan Facebook.com/FEMA ak Facebook.com/FloridaSERT.

Tags:
Dènye mizajou