ST. CROIX, U.S. Virgin Islands – Lè yo pran kouran, sa ka gen yon enpak grav sou aktivite kotidyen yo. Byenke yon jeneratris ka aleje difikilte sa yo, si w pa konn itilize l kòmsadwa, li ka prezante yon danje. Men kèk ti konsèy sekirite nap ba ou:
- Fè yon moun enspekte jeneratris ou chak ane epi ranplase nenpòt pyès ki ize.
- Itilize sèvis yon elektrisyen ki kalifye pou enstale ekipman ki kòrèk la konfòmeman ak kòd elektrik lokal yo, oswa mande konpayi ki ba w sèvis elektrik la pou l enstale yon switch apwopriye pou transfere kouran an.
- Kit se jeneratris, recho pou kanping, oswa griy chabon, se deyò pou toujou itilize yo epi fòk yo rete a yon distans omwen 20 pye de fenèt yo, konsa oumenm ak fanmi w pap an-danje poutètgaz kabònik la.
- Piga itilize yon jeneratris anndan kay la ni nan yon espas ki pasyèlman fèmen - kit se nan kay, nan garaj ak espas ki etwa - menm si kote sa yo gen vantilasyon pasyèl.
- Anvan w remete gaz nan jeneratris la, etenn li epi kite l refwadi. Si gen gaz oswa lòt likid enflamab ki devèse sou pati motè ki cho yo, li ka pran dife, epi vapè envizib ki soti nan gaz la ka gaye atè a epi pilòt jeneratris la ka deklanche dife a, oswa swtich elektrik aparèy menaje yo ka deklanche dife a tou.
- Enstale detektè gaz kabonik anndan lakay ou.
Se pa tout moun ki gen jeneratris. Lè w kite pòt refrijeratè ak frizè yo fèmen, sa pral pèmèt refrijeratè a kenbe yon tanperati ki akseptab pandan apeprè katrè detan. Pwodui ki nan yon frizè ki plen ta sipoze kapab kenbe 48 èdetan apeprè. Lè w gen dout sou pwodui a, jete l! Konsilte doktè w konsènan medikaman ki oblije refrijere yo.
Granmoun aje, timoun piti ak tibebe gen plis pwoblèm lè gen anpil chalè. Tcheke pou wè si vwazen w yo pagen pwoblèm epi ale yon kote ki pi fre, si posib.
Chaje tout aparèy elektwonik yo byen chaje. Achte pil an-rezèv met la pou flach ak radyo yo. Evite itilize bouji ki ka mete dife nan kay yo.
Gen sèten biznis ki ka kontinye fonksyone sepandan yo gen dwa pa ka pase kat kredi. Poutèt sa, eseye kenbe ase lajan kach nan trous dijans ou pou l dire w sizoka pa ta gen kouran pandan yon bon tan.
Pou ka gen plis enfòmasyon pou konn kijan pou rete an sekirite lè yo pran kouran, ale nan ready.gov/power-outages .
###
Misyon FEMA a se ede moun avan, pandan e apre yon dezas.
Swiv nou sou medya sosyal nan twitter.com/femaregion2 ak www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands.