Fason pou Prepare Timoun pou Katastwòf yo

Release Date Release Number
143
Release Date:
Out 8, 2018

ST. CROIX, Virgin Islands – Ijans ak katastwòf nenpòt lè, souvan san anpil avètisman. Sa vrè tou nan U.S Virgin Islands kote sitwayen yo, ak timoun yo tou, te afekte  avèk senk ouragan kategori de ane pase. Planifikasyon pou katastwòf, efò pou bay repons ak soulajman dwe konsidere bezwen inik timoun, ki reprezante apeprè yon ka popilasyon Etazini

“Timoun  yo fè menm eksperyans difisil yo avèk adilt yo pandan katastwòf yo. Ofisye Kowòdinasyon Federal FEMA William L. Vogel di konsa: “Lè ou fè yo ede prepare fanmi an pou yon katastwòf sa ap ba yo responsablite, konfyans, yon sans kontwòl epitou sa ap fè yo vin kapab defann tèt yo poukont yo pou preparasyon pou katastwòf.”

FEMA ankouraje fanmi yo pou yo fè timoun yo ede prepare pou yon ijans bonè nan laj timoun yo otank posib; pou edike yo, epi pou fè yo gen plis detèminasyon, pou amelyore konpetans yo pou yo reprann aktivite yo pi vit apre nenpòt kalite katastwòf.

Li bon pou:

  • Fè timoun yo patisipe nan konvèsasyon yo pou preparasyon an.
  • Chèche konnen plan lekòl pitit ou pou ijans lan.
  • Pratike plan pou ijans yo souvan.
  • Asire timoun yo konnen kontak yo pakè pou ijans lan oswa asire yo ekri kontak yo.
  • Montre timoun yo kijan pou yo rele 9-1-1.

Fanmi yo bezwen yon plan kominikasyon pou ijans ki gen ladan yon lis kontak enpòtan pou yo rele pandan yon ijans. Mete yon kontak andedan ak deyò vilaj la chak manm fanmi an kapab kontakte pou fè konnen kote yo ak kijan yo ye, ak lè y ap kapab reyini. Tout moun ta dwe kenbe yon kopi lis sa a nan afè pèsonèl yo , tankou malèt valiz espò, valiz lekòl, twous pou ijans ak nan telefòn selilè yo.

Plan ijans fanmi an ta dwe gen ladan yon twous rezèv ki gen ase materyèl pou omwen 10 jou, tankou: dlo, bwat manje konsèv, kle pou louvri bwat , pil oswa radyo ki fonksyone avèk solèy ak kèk pil anplis si li nesesè, rad, dra, siflè, ak nenpòt medikaman doktè preskri. Timoun yo kapab ajoute atik pèsonèl yo tankou liv, jwèt oswa atik jwèt yo pi renmen.

Epitou, pa bliye manm fanmi ki gen kat pat yo: Bèt kay ak bèt sèvis yo se manm fanmi an epi preparasyon yo pou bezwen yo se yon pati nan plan ijans lan. Timoun yo kapab ede lè yo rasanble ase manje ak dlo pou bèt kay la pou omwen yon semèn; manje a ta dwe konsève nan yon veso ki enpèmeyab (p ap mouye ditou). Bèt kay yo ta dwe mete etikèt ajou nan kolye li, epi yon kolye siplemantè ta dwe fè pati nan twous rezèv la. Mete nenpòt medikaman doktè preskri, jwèt ak materyèl pou netwaye poupou ak pipi bèt kay yo, sache plastik, sèvyèt papye oswa jounal.

Direktris VITEMA, Mona Barnes di konsa: “Timoun yo se pi gwo byen nou, lè nou montre yo bon pratik preparasyon nan laj bonè sa ap asire y ap vin gen bon pratik lè yo nan laj adilt. Fanmi yo ak kominote yo ap pwogrese nan enèji ak konfyans lè timoun yo patisipe nan plan fanmi an pou katastwòf.”

Ale sou sitwèb Ready.gov ak VITEMA.VI.gov pou jwenn plis enfòmasyon sou preparasyon pou timoun o ak lòt manm fanmi yo.

###

 

Misyon FEMA se pou ede moun yo anvan, pandan ak apre yon katastwòf.

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl sou efò sekou apre ouragan yo, tanpri ale sou sitwèb www.informusvi.com oswa update.com. Swiv nou nan medya sosyalsou twitter.com/femaregion2 ak www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands. Pou enskri pou resevwa alèt pou ijans, ki asosye avèk ijans, move tan, sekirite piblik ak deranjman nan sèvis nan Virgin Islands, enskri pou Alert VI oswa kopye sitwèbhttps://member.everbridge.net/index/892807736729008#/login epi pase li nan nan navigatè ou.

Pou fè don oswa pou sèvi kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa òganizasyon charite ou chwazi avèk Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif nan Katastwòf  (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) sou sitwèb www.nvoad.org.  Pou moun ki vle ede,  ofri don lajan kach pou ajans volontè yo, pi gwo fleksibilite nan jwenn resous ki pi nesesè yo epi ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo jwenn sekou. Fondasyon Kominote Virgin Islands genyen t “Fund for the Virgin Islands” tou sou sitwèb www.USVIrecovery.org.

Tags:
Dènye Mizajou