ORLANDO, Fla. – FEMA ap ede ekonomi Florid la apre siklòn Irma non sèlman lè li bay asistans finansye a fanmi yo, eta ansanm avèk gouvènman lokal yo. Ajans lan anboche tou rezidan Florid yo pou ede nan rekiperasyon an.
Ajans lan te anboche plis pase 200 Floridyen toupatou nan eta, daprè Ofisye Kowòdinasyon Federal Willie Nunn, responsab anchèf misyon rekiperasyon FEMA nan Florid.
“Pozisyon yo se djòb tanporè akoutèm travay nan diferan zòn operasyon rekiperasyon an men moun nou anboche yo esansyèl nan efò nou ak pou ede eta retounen sou pye l,” Nunn te deklare. “Anboche Floridyen non sèlman pote konesans lokal valab nan ekip nou an, li ede restore vitalite zòn ki te afekte yo tou.”
Nan Pifò dezas federal deklare yo, FEMA ogmante mendèv regilye grasa inisyativ anboche lokal sou yon baz tanporè. Pozisyon sa yo jeneralman dire kat mwa, byenke yo ka pwolonje pou jiska yon lane depannde bezwen an.
“Mendèv lokal nou te anboche isit la eksepsyonèlman otman kalifye,” Nunn te deklare. “Nou gen yon kantite enjenyè ak manadjè kap travay avèk ekip nou an e menm achitèk kap ede avèk revizyon konsèvasyon istorik ak anviwonmantal.”
Nou te anboche tou Floridyen pou pozisyon ki gen ladan travay administratif, sèvi kòm mesaje e menm ede avèk relasyon medya yo.
Anplis de konesans ak eksperyans lokal yo, sivivan dezas yo pote yon konpreyansyon spesyal sou pwoblèm kòlèg sivivan yo ap rankontre. Yo te ede tou nan re-enjekte lajan nan ekonomi lokal la, kidonk anplwaye lokal yo te resevwa plis pase $2 milyon nan salè federal.
Anboche lokal yo soti nan diferan orijin, men sa yo toujou pataje se yon volonte pou sèvi. Se sa ki stimile John Hulme, yon vis-prezidan lavant ak operasyon retrete ki gen laj 70-ane ki tap travay pou yon manifakti pwodui metal, pou l antre nan FEMA nan kòmansman Desanm 2017.
Rezidan Estero yo te eseye anplwaman “wo sezon” nan resan ane ki pase yo, travay nan yon ajans lokasyon veyikil nasyonal pandan sezon ki gen anpil touris. Li te di sa te “agreyab, pou travay avèk piblik la” men li pa patikilyèman difisil. Li te temwen devastasyon Irma te koze e li te deside pou ede lòt konsitwayen yo se sa li te vle fè.
“Ane sa a, Mwen te di ‘Non, Mwen pral fè yon bagay ki enpòtan. Mwen pral swa ede moun oswa senpleman pa fè anyen,’” Hulme te deklare. “E FEMA sètènman ranpli responsablite sa a.”
Eksperyans travay li kòm yon chapant ak travayè nan konstriksyon, te makonnen avèk sipèvizyon konpayi konstriksyon li a nan plizyè bilding ak lòt ajoute, te kondwi l nan pwogram Asistans Piblik FEMA. Pwogram sa a ede gouvènman lokal, konte ak eta ansanm avèk sèten òganizasyon non-pwofi rekipere nan dezas yo. Hulme travay avèk yo pou l jwenn ranbousman pou depans retire debri.
“Se yon koup aprantisaj apik, men chak jou mwen aprann e li vini pi fasil ak pi fasil,” te deklare Billy Sanchez, 37 ane, sèvis pou lòt moun vini tou natirèl. Natif natal Los Angeles la te pase 14 ane nan Kò Marin ap repare zam leje, mitrayèt ak mòtye e li te demenaje ale Naples 18 mwa de sa.
Lakay li pat gen domaj, men vwazen yo pat gen chans tankou l. Gen ladan yo ki te gen twati andomaje oswa pyebwa te tonbe sou kay yo.
Ansyen sèjan anplwaye a tap panse pou l retounen nan sèvis gouvènman an lè Sanchez te jwenn opòtinite pou rantre nan FEMA li te pwofite de opòtinite a.
Premye travay li se te pran kontak avèk sivivan yo epi anrejistre yo pou asistans FEMA. Li te analize tou done yo pou detèmine ki kote FEMA ap bezwen voye ekip anrejistreman.
Anplis de travayè tanporè, FEMA gen plis pase 1,500 anplwaye kap travay toupatou nan eta—preske 700 ladan yo nan biwo ajans lan Orlando.
Rezidan Florid ki enterese nan pozisyon tanporè sa ka chèche pozisyon nan zòn yo nan careers.fema.gov/hurricane.
Pou w jwenn plis enfòmasyon sou Siklòn Irma ak Rekiperasyon Florid, vizite www.FEMA.gov/IrmaFL,
@FEMARegion4 Twitter account, or the Florida Division of Emergency Management website.
###
Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou yo ansanm avèk sekouris yo pou asire ke antanke yon peyi nou travay ansanm pou bati, soutni ak amelyore kapasite nou pou prepare pou, pwoteje kont, reponn a, rekipere nan, ak diminye tout danje yo.
Asistans pou rekipere nan Katastwòf disponib san konte sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, Konpetans Angle oswa estati ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te sibi diskriminasyon, rele liy telefòn gratis FEMA nan 800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele 800-462-7585.
Asistans lojman tanporè FEMA ak sibvansyon pou depans transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa egzije pou moun nan aplike pou yon prè SBA. Toutfwa, aplikan yo ki resevwa aplikasyon prè SBA dwe soumèt yo a yon ofisye prè SBA pou yo ka kalifye pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon veyikil oswa ranplasman, ak depans pou demenaje ak estoraj.