FEMA te apwouve plis pase $2 milya dola nan fon Asistans Piblik pou Zile Vyèj yo nan peyi Etazini

Release Date Release Number
NR-169
Release Date:
Janvye 17, 2020

ST. CROIX, Zile Vyèj peyi Etazini – Finansman ki apwouve pou Zile Vyèj yo nan peyi Etazini te depase $2.1 milya dola nan pwogram Asistans Piblik (PA) Ajans Jesyon Ijans Federal-la (FEMA).

Yo te pran angajman pou bay Sibvansyon PA yo pou mezi pwoteksyon ijans ak travay pèmanan nan tout Teritwa-a, tankou:

  • $1.3 milya dola pou pwojè travay an ijans,
  • $597 milyon dola pou travay pèmanan, ak
  • $164 milyon dola pou depans administratif yo.

FEMA pran obligasyon dènyèman pou bay $233 milyon dola pou pwogram Refij ak Enèji Debaz Pwovizwa (STEP) ak $19.7 milyon dola pou V.I. Otorite pou Dlo ak Elektrisite (WAPA) pou jere pwojè rekiperasyon alontèm yo. Kantite lajan sa yo ki apwouve pouse finansman PA-a a plis pase $2 milya dola.

STEP te administre pa V.I. Otorite Finans pou Lojman anba pwogram Reparasyon Kay an Ijans VI la. Genyen reparasyon ki te fèt nan plis pase 7000 kay ke siklòn nan te kraze.

Yo te resevwa sipò nan pwogram asistans piblik la pou edikasyon, lopital ak pou ranfòse rezo elektrik la nan tout Kile Vyèj yo. Ajans la pran angajman pou bay plis pase $110 milyon dola pou 249 inite modilè tanporè ak 10 estrikti pou lekòl piblik yo nan Teritwa-a.

FEMA te pran angajman pou bay $68 milyon dola pou yon lopital tanporè sou teren-an nan Lopital Gouvènè Juan F. Luis ki te kraze pandan Siklòn Maria nan mwa septanm 2017. FEMA te pran angajman pou bay tou $10.5 milyon dola pou travay achitekti ak konsepsyon pou lopital la.

Ajans lan te apwouve tou $1 milya dola pou plan alontèm WAPA pou pwodui epi retabli elektrisite atravè rezo elektrik li te planifye-a. Atravè sa, WAPA planifye pou enstale plis pase 8000 poto elektrik atravè Teritwa-a.

Pwogram PA FEMA-a ap kontinye sipòte retablisman aprè siklòn ki pase nan ane 2017 la pandan ke l'ap enkòpore Règleman Lwa Bidjè Bipartizan 2018 (BBA) ak Pwosedi Altènatif PA, Seksyon 428 nan Lwa Stafford la, nan pwojè Teritwa-a.

BBA otorize FEMA pou "bay asistans pou retabli etablisman oswa sistèm ki te kraze nan katastwòf-la ki bay sèvis kritik nan yon endistri estanda san yo pa konsidere kondisyon avan dezas-la."

###

 

Tags:
Dènye Mizajou