FEMA ap chèche Aplikan pou rantre nan Ekip Rekiperasyon Siklòn

Release Date Release Number
NR 001
Release Date:
January 15, 2021

BATON ROUGE, La. – FEMA ap anboche rezidan Louisiana yo ki abite nan zòn ki afekte nan siklòn ane pase yo pou rantre nan ekip rekiperasyon nou yo kòm anplwaye tanporè yo. Anboche anplwaye tanporè lokalman ap pèmèt FEMA divèsifye mendèv la pandan lap bay opòtinite pou rezidan Louisiana yo.

Travay yo disponib pou Spesyalis Lyezon Ajans Volontè yo nan Lafayette, Alexandria, ak Lake Charles pou pozisyon tanporè yo pou ede avèk repons katastwòf ak efò rekiperasyon yo.  Travay sa yo se pou rezidan lokal yo pou ede avèk travay FEMA.

Potansyèl aplikan yo ka wè pozisyon sa yo nan https://www.usajobs.gov/GetJob/ViewDetails/588867700. Djòb ki afiche a ap rete ouvè jiska 21 Janvye.

FEMA se yon Anplwayè Opòtinite Egal.  Salarye yo konparab a to peman lokal yo.

Pifò anbochaj tanporè lokal yo anplwaye atravè yon pwosesis senplifye olyede konpetitif. Kantite tan travay tanporè lokal la se 120 jou, byenke li ka pwolonje nan tranch 120-jou pou jiska yon lane.  Vizite USAJOBS.gov pou w jwenn enfòmasyon adisyonèl, sa ki gen ladan responsablite travay ak konpansasyon.

Kondisyon Travay:

  • Ou dwe yon sitwayen Ameriken pou yo ka konsidere w pou pozisyon sa a.
  • Ou dwe pase yon ankèt sou antesedan kriminèl.

Enskripsyon nan Sèvis selektif obligatwa pou gason yo ki te fèt apre 12/31/59.

Tags:
Dènye mizajou