Mezon Adorasyon yo Kapab Kalifye pou Èd FEMA

Release Date Release Number
NR 008
Release Date:
November 22, 2020

BATON ROUGE, La.— Mezon adorasyon kalifye nan Louisiana yo kapab elijib pou jwenn sibvansyon FEMA yo pou kouvri depans yo ki genyen rapò ak siklòn.

 

Sibvansyon atravè Pwogram Asistans Piblik yo kapab kouvri depans pou repare oswa pou ranplase lokal andomaje yo pandan yon dezas. Se FEMA ki patwone epi ki administre pwogram nan atravè Biwo Sekirite Nasyonal Gouvènè Louisiana a avèk Biwo Preparasyon pou Ijans (GOHSEP).

 

Dat echeyans pou Demann pou Asistans Piblik (Request for Public Assistance (RPA)) la pou Siklòn Laura a se 30 novanm. Dat echeyans RPA pou Siklòn Delta a se 15 desanm.

 

FEMA defini lokal relijye kòm yon legliz, sinagòg, moske, tanp oswa lòt mezon adorasyon yo san konsiderasyon ak karaktè relijye etablisman an.

 

Èd avèk depans pou reparasyon ak ranplasman yo kapab disponib pou mezon adorasyon ki nan pawas ki deziyen yo pou Pwogram asistans Piblik FEMA a

 

Pou se yon aplikan kalifye, yon mezon adorasyon dwe: 

 

  • Yon non-pwofi posede epi opere li.
  • Sibi domaj pandan Siklòn Laura aver/oswa Delta.
  • Swa pa te resevwa finansman oswa pa te resevwa ase finansman apre yo te fin aplike pou yon prè pou dezas nan Administrasyon Ti Biznis pou repare oswa ranplase yon lokal (gade anba a).
  • Bay yon lèt desizyon kouran ki soti nan IRS ki akòde egzanpsyon taks dapre Seksyon 501 (c) (d) oswa (e) nan Kòd IRS la, oswa bay dokiman ki soti nan eta a ki konfime li se yon non-pwofi.

 

Mezon adorasyon yo kapab kontakte GOHSEP pou detay sou kijan pou aplike pou asistans FEMA. Yo kapab jwenn plis enfòmasyon oswa soumèt Demann pou Asistans Piblik sou entènèt lè yo ale sou sitwèb louisianapa.com.

 

Prè pou dezas ki gen enterè ba yo nan Administrasyon Ti Biznis Ozetazini disponib pou kèk non-pwofi ki genyen jiska 2 milyon domaj nan pwopriyete yo.

Aplike sou entènèt nan sba.gov/funding-programs/disaster-assistance. Pou kesyon ak asistans pou ranpli yon aplikasyon, rele 800-659-2955 oswa voye imèl nan FOCWAssistance@sba.gov. Pou jwenn tou dènye enfòmasyon sou Siklòn Laura, vizite fema.gov/disaster/4559 . Pou jwenn dènye enfòmasyon yo sou Siklòn Delta a, vizite fema.gov/disaster/4570 oswa swiv kont Twitter FEMA Region 6 la nan twitter.com/FEMARegion6.

Tags:
Dènye mizajou