De lòt Pawas Louisiana te deziyen pou Asistans Endividyèl

Release Date Release Number
NR 014
Release Date:
Septanm 10, 2020

BATON ROUGE, La. – Pwopriyetè ak lokatè yo nan pawas Morehouse ak Pawas Union ka kounye a aplike pou asistans federal katastwòf pou domaj ki pa gen asirans ak sa ki pa gen ase asirans ansanm avèk pèt ki soti nan Siklòn Laura.

Pou w kapab elijib pou èd federal nan katastwòf, domaj ak pèt nan tanpèt  akoz siklòn ak inondasyon ki te kapab rive nan siklòn Laura soti nan dat 22 pou rive 27 Out 2020.

Gen Sèz pawas ki te deja enkli nan deklarasyon federal la pou ede pwopriyetè ak lokatè yo. Yo se Acadia, Allen, Beauregard, Calcasieu, Cameron, Grant, Jackson, Jefferson Davis, Lincoln, Natchitoches, Ouachita, Rapides, Sabine, Vermilion, Vernon ak pawas Winn.

Sivivan yo ta dwe depoze yon reklamasyon anmenmtan ke yap aplike nan FEMA. Ekonomize tan w, si ou gen asirans, ou dwe depoze yon reklamasyon.

Si ou gen aksè a telefòn oswa entènèt, ou ka anrejistre lè ou:

Ale anliy nan DisasterAssistance.gov

•           Telechaje aplikasyon FEMA

•           Rele 800-621-3362 (FEMA) oswa TTY 800-462-7585. Si ou itilize Relè 711- oswa Sèvis Relè Videyo, rele 800-621-3362. Liy telefòn dirèk gratis la fonksyone apati 7 a.m. pou rive 10 p.m., sèt jou pa semèn.

Pa rete tan pou kòmanse fè netwayaj ak reparasyon w.  Pran foto tout domaj yo epi sere tout resi yo.  

Sonje, asistans FEMA poukont li pa kapab soulaje sivivan yo. Pwogram asistans katastwòf FEMA fèt pou ede avèk sibvansyon pou reparasyon debaz yo pou rann kay sivivan yo ansekirite, pwòp ak pwoteje ak pou bay yon plas tanporè pou viv pandanke sivivan yo ap devlope plan rekiperasyon yo.

Prè pou katastwòf alontèm a fèb enterè pou jiska $200,000 disponib nan Administrasyon Ti Biznis nan Etazini pou pwopriyetè kay yo pou rezidans prensipal yo. Pwopriyetè kay ak lokatè yo elijib pou jiska $40,000 pou repare oswa ranplase pwopriyete pèsonèl ki detwi oswa andomaje.

FEMA pa anmezi pou double peman asirans yo.  Men, sivivan katastwòf yo ki pa gen asirans oswa ki pa gen ase asirans ka toujou resevwa èd apre reklamasyon asirans yo fin regle.

Biznis ak òganizasyon non-pwofi prive yo ka prete jiska $2 milyon pou repare oswa ranplase byen imobilye ki detwi oswa ranplase machinri ak ekipman andomaje, envantè ak lòt byen komèsyal yo.

Aplikan yo ka aplike anliy nan disasterloanassistance.sba.gov.  Aplikan yo ka rele tou Sant Sèvis Kliyan SBA nan 800-659-2955 oswa imèl disastercustomerservice@sba.gov  pou w jwenn plis enfòmasyon.  Moun ki soud oswa ki gen difikilte pou tande ka rele. 800-877-8339.

SBA te etabli yon Sant Rekiperasyon Biznis Vityèl ak yon Sant Sansibilizasyon an Prè vityèl pou katastwòf pou bay pwopriyetè biznis yo ak pou ede pwopriyetè ak lokatè yo.  Imèl FOCWAssistance@sba.gov oswa rele 800-659-2955. Liy yo ouvè chak jou apati 8 a.m. pou rive 8 p.m. EDT.

Pou w jwenn dènye enfòmasyon sou Siklòn Laura, vizite www.fema.gov/disaster/4559 oswa swiv kont TWiter Rejyon 6 FEMA nan twitter.com/FEMARegion6.

Tags:
Dènye Mizajou