Atelye Preparasyon pou Moun Andikape ak Kominote pou Aksè ak Bezwen Fonksyonèl

Release Date Release Number
168
Release Date:
November 25, 2019

ST. CROIX, Virgin Islands Ameriken – Biwo Gouvènè a, Ajans Teritoryal pou Jesyon Ijans V.I. a (VITEMA) ansanm avèk Ajans Federal pou Jesyon Ijans la (FEMA) te dirije yon Atelye Sou Preparasyon avèk Rezistans pou Moun Andikape ak Kominote pou Aksè ak Bezwen Fonksyonèl nan Christiansted.

 

Responsab Enfòmasyon VITEMA a, Gary Green, te kapte atansyon plis ke 40 patisipan yo avèk yon prezantasyon sou vijilans pandan tout ane a pou fè fas ak plizyè kalite dezas ak ijans ki gen ladan yo siklòn, tranblemanntè ak tsounami. Pandan atelye a, Green te mete aksan sou angajman VITEMA pran pou enkli tout moun pandan l ap devlope yon kilti praparayon kont dezas sou tout ane a.

VITEMA kontinye travay pou yon kilti preparasyon nan Virgin Islands yo ki pran tout rezidan yo an konsiderasyon, menm sa ki andikape yo, ansanm avèk aksè ak bezwen fonsyonèl.

Atravè Alert VI, sistèm alèt ijans an mas la, mesaj yo al jwenn rezidan yo pa telefòn fiks, mesaj tèks, imèl ak aparèy TTY (Tèks Telefòn) nan lang angle ak panyòl. N ap kontinye asire nou ke enfòmasyon sou sit entènèt ak lòt medya nou yo nou an respekte Seksyon 508 la.

 

Koòdonatè Lwa pou Ameriken Andikape ki sou lòt Teritwa Ameriken (ADA) an, Julien Henley Sr. ak Green te ankouraje odyans lan pou yo enskri nan Alert VI epi te ensiste sou enpòtans pou familyarize w ak vwazen w yo, toujou konnen kote ki gen abri epi kenbe dokiman an sekirite pou ijans.

 

Entèprèt FEMA pou Lang Siy Ameriken (ASL) Yasmine Austria, Ben ak Cindy Clark, ak Alecia Cole te entèprete pou prezantatè yo pandan atelye a ki te dire katrèdta. Austria ki te afekte St. Croix apre siklòn Irma ak Maria te kòmante sou ti diferans kiltirèl nan kominote ASL Virgin Islands lan.

 

“Menm jan gen aksan ak tèm diferan yo itilize nan Etazini pou lang pale yo, (tankou Sid kont Kòt Lès) kominote moun soud nan USVI la itlize pwòp fason pa l pou li enkòpore Lang Siy Ameriken ansanm ak siy zile pa yo. Entèprèt ASL yo rezoud pwoblèm sa a nan rankont entansyonèl ke yo fè ak kominote moun soud nan tout zile ki istit nan USVI. Nou te oblije konprann kilti isit la nan zile yo, avek kominote moun ki soud yo an premye pou nou kapab kominike avèk yo, ” Austria te di.

 

Atelye a te genyen aktivite pratik ladan l tou. Patisipan yo te gen yon opòtinite eskane dokiman enpòtan yo epi mete sou yon kle USB ak asistans anplwaye FEMA. Se Konsèy Devlopman pou Moun Andikape nan Virgin Islands (VIDDC) ki te bay kle USB sa yo. Anplwaye FEMA, Ministè Sante, ak Biwo Gouvènè a te ede patisipan yo konplete plan kominikasyon yo. Plan an gen ladan nimewo telefòn enpòtan ke w pataje ak yon manm fanmi w ou fè konfyans.

 

Roselin McFarlane, koòdonatè Sèvis Kominotè pou Sant pou Lavi Endepandan nan St. Croix a, te mennen 20 kliyan nan atelye a. “Apre Maria Entegrasyon Andikape FEMA te ede m tcheke byennèt kliyan m yo epi li te ede yo enskri pou asistans FEMA pou 2017 ak 2018,” McFarlane te di. “ Li te nesesè pou kliyan m yo vini nan evènman sa a pou yo te ka konprann enpòtans Rejis, preparasyon ak Rezistans.”

 

Chak grenn nan prezantatè yo te repete menm bezwen pou abitan Virgin Island yo pran yon apwòch kominotè, sou tout lane, nan preparasyon pou tout danje, “Sezon siklòn se apeprè sis mwa. Kisa nou ka fè pandan rès ane a?” Henley te mande. “An nou sispann fè konvèsasyon sou estokaj dokiman, epi an nou jwenn fason pou nou ka pi rezistan. Tout bagay pa pral pafè, men an nou simonte defi pou sa k ap vini an.”

 

Klyan Sant pou Lavi Endepandan Thelma Lang te pale de motivasyon li pou ede vwazen li yo apre atelye a, “Pi bon bagay la se aksyon k ap soti nan evènman jodi a. Nou ka chita epi aprann, men nou bezwen aktif nan kominote a nan fè sa ki nesesè pou moun ki andikape nan USVI yo,” Lang te di.

###

 

Swiv nou sou rezo sosyal nan twitter.com/femaregion2 ak www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands. Pou alèt sou ijans nan zafè meteo, sekirite piblik ak entèripsyon an sèvis nan Virgin Islands, enskri pou Alert VI oswa kopye https://member.everbridge.net/index/892807736729008#/login nan navigatè w la.

 

Tags:
Dènye mizajou