Ki Enfòmasyon FEMA Mande nan Aplikasyon an?

Release Date:
September 23, 2021

Li ka entimide w pou ranpli yon fòm gouvènman an pou jwenn èd lè ou te sibi anpil bagay. Lè ou konnen ki sa yo pral mande w sou aplikasyon FEMA a ak ki enfòmasyon ou bezwen gen nan men ou ka ede w santi w pare.

Preparasyon pou aplikasyon FEMA a

  • Aplikasyon FEMA a poze anpil kesyon kote repons yo ap tou nan pwent lang ou. Se bagay tankou non ou ak adrès lakay ou ak non moun w ap viv avèk yo a.
  • Gen kèk enfòmasyon ki nesesè ou pral bezwen rasanble alavans, tankou nimewo Sekirite Sosyal chak manm fanmi an.
  • Si kay ou a te andonmaje epi ou te gen pou demenaje al kay yon zanmi, yon otèl oswa yon lòt kote, asire w ou konnen adrès kote ou rete a ak nimewo telefòn lan.

Malantandi ki komen

  • Lè yo mande ou pou bay "nimewo telefòn ki andonmaje a", bay nimewo telefòn ou te itilize lakay ou a nan moman siklòn nan menm si nimewo a toujou ap travay.
  • FEMA mande ou pale sou domaj nan kay ou a ak nan pwopriyete pèsonèl ou. Pwopriyete pèsonèl se nenpòt bagay ki pa tè oswa yon pati nan bilding lan, kidonk li gen ladan aparèy, rad, mèb ak nenpòt lòt bagay ki te pou ou.
  • Pote atansyon espesyal sou Kesyon 24 la. Li mande si ou menm oswa nenpòt moun nan kay ou a itilize nenpòt kalite aparèy pou ede ou nan aktivite w chak jou, tankou yon chèz woulant, wòkè, baton, aparèy pou tande oswa aparèy kominikasyon. Epitou li ta ka yon bèt sèvis, asistan swen pèsonèl, CPAP, konsantratè oksijèn oswa nenpòt lòt aparèy medikal oswa sèvis ki sanble ki ede avèk andikap oswa aktivite chak jou. Si yon moun nan fanmi ou itilize nenpòt nan atik sa yo, asire w ou make "wi" pou kesyon sa a.
  • Yon kesyon ou ka pa konpwann mande si ou vle demenaje. Kesyon sa a vle di èske ou santi w ap bezwen demenaje pandan y ap fè reparasyon yo. Ou pa angaje w pou ou demenaje ale nan yon nouvo kay.

Rapèl enpòtan

Telechajman resi ak lòt dokiman

  • Etap pou telechaje dokiman yo sou entènèt
      • Etap 1: Ale sou DisasterAssistance.gov
      • Etap 2: Verifye Estati Chèk la
      • Etap 3: Konekte epi kreye kont anliy ou an
      • Etap 4: Chwazi tab Korespondans lan
      • Etap 5: Chwazi Sant Telechajman

Kat (4) bagay pou mete sou tout dokiman yo

  • Non
  • Kat (4) dènye chif nimewo Sekirite Sosyal ou
  • Nimewo Aplikasyon FEMA a: XXX-XXXX-XX
  • Nimewo Katastwòf FEMA a: DR-4611-LA
    • Etap 6: Swiv enstriksyon anliy yo:
  • Lè yo resevwa enfòmasyon an, yo eskane li manyèlman ale nan dosye ou. Sa kreye yon pake travay ki kòmanse pwosesis demann ou an. Yon espesyalis èd la ap revize tout enfòmasyon ki nan dosye w la epi pran yon detèminasyon. Pwosè sa a ka pran plizyè semèn.

Fason pou aplike

  • Mwayen ki pi rapid ak pi fasil pou aplike a se vizite DisasterAssistance.gov.
  • Si li pa posib pou aplike anliy, rele 800-621-3362 (TTY: 800-462-7585). Liy telefòn gratis yo louvri 24 sou 24, sèt (7) jou sou sèt (7). Moun k ap itilize yon sèvis relè tankou sèvis relè videyo (video relay service, VRS), sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo a pou sèvis sa a. Operatè yo ka ede nan plizyè lang.

Pou jwenn dènye enfòmasyon konsènan Siklòn Ida a, ale sou fema.gov/disaster/4611. Swiv kont Twitter FEMA Rejyon 6 la nan twitter.com/FEMARegion6 oswa sou Facebook nan facebook.com/FEMARegion6/.

Tags:
Dènye mizajou