Kisa pou w Atann Lè w ap Aplike pou Asistans FEMA

Release Date:
September 9, 2021

Asistans FEMA a se pa yon ranplasman pou asirans, men li ka ede ou avèk bezwen debaz yo, nan lide pou ede w kòmanse retabli ou. Sa genyen ladan l, asistans pou fè reparasyon esansyèl nan kay la, jwenn yon kote tanporè pou rete epi repare oswa ranplase kèk atik nan kay la.

Reparasyon Kay

  • Aparèy: FEMA kapab bay asistans pou ranplase oswa repare aparèy ki chofe dlo epi aparèy chofaj (founo) ke katastwòf la bay yon domaj. Materyèl ki pa esansyèl yo tankou ekipman pou lave vesèl ak ekipman pou distraksyon nan kay p ap gen asistans pou yo.
  • Domaj nan Plafon ak Twati: FEMA kapab bay asistans pou repare kote ki koule akoz katastwòf la nan yon twati ki te domaje plafon ak konpozan elektrik yo tankou plafonye yo. Pri pou repare tach minè yo nan flit twati yo pa ranbousab.
  • Planche: FEMA kapab bay asistans pou repare fo planche yo ki nan pati nan kay la ki abite an katastwòf lan domaje an.
  • Fenèt: FEMA kapab bay asistans pou fenèt katastwòf lan kase yo, men se pa pou jalouzi ak rido yo. 
  • Kalkil FEMA pou verifye pèt yo varye paske sitiyasyon chak aplikan diferan, kidonk prim yo varye pami sivivan yo.

Egzanp

  • Appliances: FEMA may assist in the replacement or repair of disaster-damaged hot-water heaters and furnaces. Non-essential items like dishwashers and home entertainment equipment will not be considered.
  • Ceiling and Roof Damage: FEMA may assist to repair disaster-caused leaks in a roof that damaged ceilings and electrical components like overhead lights. The cost to fix minor stains from roof leaks is not reimbursable.
  • Floors: FEMA may assist to repair subfloors in occupied parts of the home that were damaged due to the disaster.
  • Windows: FEMA may assist with disaster-related broken windows, but not blinds and drapes. 
  • FEMA calculations to verify loss vary because every applicant’s situation is different, so awards vary among survivors.

Yon Kote pou Rete

Pwopriyetè kay oswa lokatè yo ka resevwa èd finansyè tanporè pou al viv yon lòt kote si kay la envivab akoz Siklòn Ida a epi si yon sivivan pa gen okenn kouvèti asirans pou lojman tanporè.

Lòt Kalite Èd

Gen asistans finansyè ki disponib pou depans ki nesesè yo ak bezwen grav ke katastwòf la te lakoz yon fason dirèk, li gen ladan:

  • Depans pou gadri
  • Depans medikal ak dantè
  • Depans pou fineray ak pou antèman
  • Domaj nan atik esansyèl ki nan kay la:
    • Mèb chanm yo
    • Aparèy
    • Rad
    • Zouti espesyalize, epi rad ak ekipman pou pwoteksyon ki nesesè pou yon travay
    • Materyèl edikasyon ki nesesè tankou òdinatè, liv lekòl ak founiti
  • Domaj nan yon machin ki esansyèl
  • Depans pou demenajman ak depans pou depo ke katastwòf la te lakoz
  • Divès atik yo te achte akoz katastwòf la tankou yon dèlko, aparèy pou koupe pyebwa oswa aparèy pou retire imidite.
Tags:
Dènye mizajou