Pwofite de resous sa yo pou ede w reprann ou

Release Date:
September 21, 2020

Li fasil pou tout resouski disponib apre yon dezas yo kreye konfizyon lakay ou pandan w ap reprann ou apre siklòn Laura. Men on lis ajans, pwogram, nimewo telefòn ak lyen pou sit entènèt ou ka itilize pou jwenn asistans.

Pou Èd FEMA

  • FEMA ka ba w èd  pou lojman, repare kay ou, ede w ak lwaye, ranbousman pou bezwen jeneratris oswa si elektrik, ak lòt bezwen ki gen rapò ak dezas. Pou w fè on demann èd nan FEMA, ajoute enfòmasyon oswa tcheke desye w, ale nan disasterassistance.gov oswa rele nan 800-621-3362.
  • Sivivan yo ka fè demann yo nan app FEMA a. Sou yon aparèy android: voye Tèks 2637643 (android) nan 43362; sou yon aparèy Apple, voye tèks 27753 (APPLE) nan 43362.
  • Pou dènye nouvèl sou siklòn Laura, ale nan www.fema.gov/disaster/4559.
  • Pou denonse rakèt sispèk, rele Liy  Dirèk Fwod apre Dezas FEMA a nan 866-720-5721.

Twati, Asirans Inondasyon, SBA

  • Pou reparasyon tanporè nan twati ki andomaje, enskri nan US Army Corps of Engineers la nan usace.army.mil/blueroof oswa rele nan 888-766-3258 / 888-ROOF-BLU (Dat limit pou enskri se 30 septanm.).
  • Pou prè apre dezas ki gen on to interè fèb, kontakte Administrasyon Ti Biznis Ameriken an (SBA) nan disasterloan.sba.gov oswa rele 800-659-2955.
  • Pou kesyon sou Pwogram Nasyonal Asirans Inondasyon an(NFIP), voye yon imèl bay floodsmart@fema.dhs.gov oswa rele nan 877-336-2627.

Gwoup San Bi Likratif ak Benevòl

Kouran ak sekirite

Relans Ekonomik

Nan ka on katastwòf, Asistans Chomaj la disponib nan pawas ki deziyen pou Asistans Endividyèl yo. Dat limit pou dopze demann lan varye de pawas a pawas. Ale sou www.laworks.net oswa rele 866-783-5567 pou dat limit pou chak pawas ak plis enfòmasyon.

 

Tags:
Dènye mizajou