Konnen Fè yo! Inyore Lejann ak Rimè sou Asistans FEMA

Release Date:
Oktòb 22, 2020

Apre chak gwo katastwòf, lejann, rimè ak move enfòmasyon te jwenn wout yo sou rezo sosyal ak lòt kote.  Siklòn Laura ak Delta pa diferan.  Sivivan yo ki gen kesyon sou rekiperasyon nan Louisiana ta dwe mefye sa yo kapab tande oswa li.

Toujou mande pou klarifikasyon ki soti nan sous ofisyèl yo.  Jwenn repons rapid lè ou rele liy èd FEMA nan 800-621-3362.

Men kèk rimè komen ak fè sou sa li ye reyèlman:

Lejann: Si yo degèpi m nan apatman mwen an apre yon katastwòf, pa gen anyen FEMA ka fè pou ede.

Fè: Lokatè Louisiana yo kap fè fas a yon avi pou relokalize nan kay yo ki andomaje apre siklòn yo kapab elijib pou asistans katastwòf nan FEMA. Sa kapab jkonsa menmsi yo te deja detèmine pa kalifye pou asistans FEMA. Si yo sèvi w yon avi pou relokalize, rele Liy èd FEMA.

Lejann: Mwen ka pa jwenn èd FEMA depi mwen gen asirans.

Fè: Pandanke FEMA, daprè lalwa, pa kapab repwodui benefis asirans, anpil pwopriyetè kay jwenn ke yo pa t gen ase asirans pou pèt yo e yo ta dwe aplike pou wè si yo kalifye pou asistans.

Lejann: Mwen se yon lokatè.  Mwen te panse asistans FEMA te sèlman pou reparasyon kay.

Fè: Asistans FEMA se pa sèlman pou pwopriyetè kay. FEMA ka bay asistans pou ede lokatè yo ki te pèdi pwopriyete pèsonèl oswa ki te deplase.

Lejann: Mwen te oblije lwe yon dèlko epi achte yon goyin apre tanpèt la, gen depans ki soti nan pòch mwen, se pa vre?

Fè:  Sivivan yo ki te achte oswa lwe yon dèlko ak/oswa goyin akoz siklòn Laura ak Delta ka anmezi pou resevwa ranbousman FEMA. FEMA pa ka ranbouse ekipman yon lòt sous te peye, tankou asirans inondasyon mèt kay la, oswa lòt kalite asirans.  Pou w jwenn plis enfòmasyon gade Fèy Enfòmasyon: https://www.fema.gov/fact-sheet/generator-and-chainsaw-reimbursement-hurricane-laura-survivor.

Lejann: Mwen pa vle aplike pou èd paske gen lòt moun ki gen plis domaj; yo bezwen èd la plis pase mwen.

Fè: FEMA gen ase finansman pou ede tout sivivan elijib yo ki te sibi pèt akoz Siklòn Laura ak Delta.

Lejann: Mwen pa t aplike pou èd paske mwen pa vle yon prè.

Fè: Ou pa bezwen repeye sibvansyon FEMA yo. Sibvansyon yok a kouvri depans pou lojman tanporè, reparasyon kay, ranplasman pwopriyete pèsonèl ki andomaje ak lòt bezwen ki gen rapò avèk katastwòf tankou medikal, dantè, finerè oswa reparasyon pou transpòtasyon oswa depans pou ranplasman ki pa kouvri pa asirans oswa lòt pwogram yo.  

Lejann: Asistans FEMA kapab afekte benefis Sekirite Sosyal mwen, taks, koupon manje oswa Medicaid.

Fè: Asistans FEMA pa afekte benefis ki soti nan lòt pwogram federal yo e li pa konsidere kòm yon revni taksab pa IRS.

Lejann:  Si gen lòt manm fanmi oswa ko-lokatè yo kap viv avèk mwen. FEMA pa pral ba yo okenn èd.

Fè: FEMA angaje pou bay chak sivivan endividyèl tout èd ke yo kalifye. FEMA evalye bezwen tout sivivan elijib yo sou yon baz ka-pa-ka.  Asire pou di FEMA osijè bezwen tout manm yo nan kay la, keseswa yo gen rapò avèk youn lòt ou non.  Rele liy èd FEMA si ou bezwen pou mete anrejistreman w ajou oswa si ou gen kesyon sou bezwen nenpòt manm lakay ou.

Lejann: Resevwa yon lèt ki soti nan FEMA ki deklare mwen pa elijib vle di mwen pa pral jwenn okenn asistans.

Fè: Pa nesesèman. Resevwa yon kalite lèt konsa pa toujou vle di aplikan an pa kalifye pou yon asistans katastwòf, menm lè lèt la di “pa eljib” oswa “enkonplè.” Yon kalite lèt konsa kapab tou senpleman yon endikasyon key o bezwen plis enfòmasyon, oswa bezwen pou reklamasyon asirans lan bezwen pou l regle anvan yo kapab akòde sibvansyon pou asistans katastwòf FEMA. Rele Liy èd FEMA.

Lejann: FEMA gen dènye mo a.  Si yo refize aplikasyon m.  Pa gen anyen mwen ka fè osijè sa a.

Fè: Pa bon. Chak aplikan gen dwa pou konteste.  Men kijan pou fè sa:

FEMA ap bezwen non konplè w, adrès rezidans lan anvan katastwòf, nimewo telefòn aktyèl ak adrès ak siyati. Kontestasyon an dwe make avèk so-lapòs nan lespas 60 jou apati dat yo te resevwa lèt detèminasyon FEMA.

  • Ajoute deklarasyon an, “Mwen declare nan dokiman sa anba penalite pou fo temwayaj ke sa ki di la se laverite ak kòrèk.”
  • Dat lèt kontestasyon an, enkli aplikasyon FEMA nèf-chif ou ak kòd katastwòf la (DR-4556-LA  pou Laura oswa DR-4570-LA for Delta). Ou ka telechaje l nan disasterassisance.com, voye l pa lapòs oswa fakse l nan:

FEMA National Processing Service Center

P. O. Box 10055 Hyattsville, MD 20782-7055

Fax: 800-827-8112; Attention: FEMA

Tags:
Dènye Mizajou