Kesyon ak Repons sou Espas Lojman Dirèk nan Sidwès Lwizyann pou Siklòn Laura

Release Date:
November 17, 2020

Q: Kisa Espas Lojman Dirèk lan ye?

A: FEMA Housing Assistance (Asistans Lojman FEMA) kapab bay sou fòm asistans finansyè (fon yo bay aplikan an) oswa asistans dirèk (yo bay aplikan kay pou l rete). Pou Siklòn Laura a, yo otorize asistans lojman dirèk sou fòm espas kay mobil tanporè (TTHUs) y ap bay, tankou machin lwazi (RVs) (oswa “trelè vwayaj”) avèk espas lojman fabrike (MHUs), Lwaye ak Reparasyon Espas FanmiMiltip (MLR) epi Lwaye Dirèk. Lojman Dirèk yo ap konsidere nan kad aranjman pou bay lojman tanporè lè ankenn lòt opsyon pa fezab.

Q: Kouman pou m aplike epi kalifye pou Lojman Dirèk?

A: Fò w enskri avèk FEMA epi rete nan youn nan pawas yo apwouve pou asistans lojman dirèk. Pawas apwouve yo se Allen, Beauregard, Calcasieu, Cameron, Grant, Jefferson Davis, Rapides avèk Vernon. Domaj ou sibi dwe sou kay rezidansyèl prensipal ou; fèt akoz Siklòn Laura; epi, FEMA dwe detèmine kay ou an pa abitab swit ak domaj sa yo oswa paske kay lan kraze. Moun ki poko enskri kapab fè sa sou 1-800-621-3362 oswa anliy sou DisasterAssistance.gov oswa sou app mobil FEMA. Y ap mande w pou bay enfòmasyon jeneral, ki enkli enfòmasyon asirans ou.

Q: Antank lokatè, ki opsyon m genyen?

A: Si kay ou lwe a sibi gwo domaj oswa l te detwi, ou kapab elijib pou asistans finansye oswa lojman tanporè dirèk depandan sitiyasyon lojman ou avèk kote kay ki sibi domaj la ye.

Q: Si m gen asirans ki kouvri m, eske m pap kalifye pou m resevwa asistans lojman an?

A: Non. FEMA kapab bay asistans lojman tanporè si w pa gen asirans oswa asirans ou pa sifi. Pale avèk ajan asirans ou pou w konnen si w kalifye pou jwenn asistans lojman nan kouvèti asirans ou genyen an. Si w gen asirans, fò w bay FEMA dokiman ki montre si pèt ou sibi yo asirans ou genyen an ka kouvri yo.

Q: Mwen fè premye entèvyou ak FEMA epi yo fè m konnen mwen elijib pou asistans lojman dirèk. Kisa pou m fè koulyea?

A: W ap resevwa yon kout fil pou pran plis enfòmasyon ou k ab ede detèmine ki opsyon lojman ki koresponn pou w ak moun lakay ou. FEMA ap poze tout kesyon sou bezwen espesifik ou genyen parapò ak lojman tankou si w posede pwopriyete ki ka akomode lojman endividyèl tanporè; konpozisyon kay ou an; epi ki nesesite medikal ak/oswa andikap ou genyen.

Q: Kisa ki detèmine si m ap kab resevwa lojman endividyèl tanporè a?

A: Si w elijib pou jwenn asistans lojman, FEMA ap pran an konsiderasyon gravite pèt ou sibi a epi konbyen tan l ap pran ou pou w repare kay ou oswa jwenn yon nouvo espas pou w abite an tout sekirite.

Q: Kouman FEMA detèmine ki kote pou mete espas lojman an sou pwopriyete m lan?

A: FEMA ap rekizisyone yon bòs kay pou fè enspeksyon pwopriyete w la epi detèmine si yo ka plase yon espas lojman sou pwopriyete a epi kibò pou yo ta mete l. Bòs la ap rele w pou pran yon randevou pou rankontre w sou pwopriyete a. Depi sa fezab, li rekòmande pou enstale espas lojman an nan menm anplasman ak kote kay andomaje pwopriyetè a ye.

Q: Kisa k ap pase nan vizit teren an?

A: Bòs la ap pran mezi teren an pou detèmine ki kalte espas ki koresponn epi idantifye si gen debri ak lòt obstak ki bezwen retire avan enstalasyon fèt. Bòs la ap tou verifye koneksyon kouran, dlo ansanm ak kowòdone jeyografik yo pou wè si se yon zòn inondasyon. Detay sa yo ap vin jwenn FEMA pou egzamine. Si yo jwenn teren an solid, travay la fezab, FEMA ap rekòmande pou yon bòs kay mete espas lojman an sou pwopriyete w epi kòmanse travay enstalasyon yo.

Q: Eske m ap gen pou m fè anyen dòt apre vizit teren an?

A: Si yo bezwen ou fè yon demach espesifik, FEMA ap kontakte w pou eksplike w. Yo ka mande w fè aranjman ak konpayi elektrik ou pou enstale yon kontè tanporè patikilyèman pou espas lojman an. Si w gen bèt domestik, ou ka oblije mete yo lòt kote pandan travay enstalasyon an ap fèt pou sekirite bòs yo ansanm ak bèt yo yo menm.

Q; Konbyen tan sa pran pou enstale espas lojman an?

A: Travay lan fèt lepli rapidman posib pou fè fanmi an jwenn yon espas sanitè, fonksyonèl, an sekirite pou l viv pandan reparasyon ap fèt nan kay la. Sepandah, move tan ka kontrarye powsesis lan oswa enspeksyon lokal ki bezwen fèt, enstalasyon kouran, dlo, ak yon seri lòt faktè.

Q: E si enstalasyon sou pwopriyete m lan pa fezab pou yon espas lojman oswa se pa mwen ki mèt pwopriyete kote m ap viv lan?

A:  FEMA ap kontakte w pou diskite lòt opsyon avè w. FEMA genyen apatman pou lwe nan pak komèsyal li yo ki gen espas pou loje ladan yo kab disponib.

Q: Eske m ap bije peye pou espas lojman an?

A: Non. Gen dirèk asistans lojman tanporè ki otorize pou Siklòn Laura pou 18 mwa apati dat ou fè deklarasyon an, ki ve di li sanse fini vè fen 28 fevriye 2022. Si w toujou elijib pou jwenn dirèk asistans lojman pandan peryòd sa a, ou pap gen pou peye lwaye, men se w k ap responsab peye kouran, dlo w.

Q: Si m resevwa yon espas lojman, eske m ka jwenn nenpòt lòt kalte asistans?

A: Wi. Si w se pwopriyetè kay, ou ka elijib pou resevwa asistans FEMA bay pou repare kay pandan w rete nan yon espas lojman tanporè. Pwopriyetè kay ak lokatè yo ka elijib pou Lòt Pogram Asistans FEMA genyen pou kouvri sèten pèt pèsonèl pwopriyete, domaj machin, depans fineray avèk lòt depans ki lye ak dezas la.

Q: Mwen se yon otorite lokal oswa pawas la. Kisa mwen kab fè pou ede rezidan yo jwenn espas lojman yo pi rapid?

A: Travay avèk FEMA pou asire enspeksyon lokal ak pèmi ki bezwen apwouve yo konplete rapid. Divizyon Sipèvizè oswa Espesyalis Zafè Leta FEMA yo ap nan zòn yo epi ap kapab reponn kesyon oswa preyokipasyon ki genyen yo.

Q: Ki pwoblèm ki gen arevwa ak demach pou jwenn pèmi yo?

A: Eta Lwizyann ak FEMA ap kowòdone ak minisipalite ansanm ak pawas yo sou kesyon ki gen arevwa ak òdonans lokal, pèmi, zonay, egzijans transpò, kontraryete, koneksyon kouran, dlo ak enspeksyon. FEMA dwe rasire teren an règ avèk kòd aplikab pou konstriksyon, lwa anvironnman ak regilasyon zòn inondasyon.

Tags:
Dènye mizajou