Pwopriyetè kay, lokatè, pwopriyetè biznis ak kèk òganizasyon ki pa la pou fè pwofi nan Konte Broward ki fè pèt nan gwo siklòn, tònad ak inondasyon ki te pase 12-14 avril la kapab jwenn prè pou dezas bò kote Administrasyon Ti Biznis Etazini (U.S. Small Business Administration, SBA).
FEMA kapab voye sivivan yo nan SBA ak tout enfòmasyon sou kòman pou aplike pou yon prè pou dezas. Pwopriyetè kay, lokatè, pwopriyetè biznis ak kèk òganizasyon ki pa la pou fè pwofi kapab kalifye. Li enpòtan pou soumèt yon aplikasyon prè kou sa posib.
Si aplikasyon an apwouve, yo pa gen obligasyon pou aksepte yon prè SBA men si yo pa re-voye aplikasyon an sa kapab fè yo pa kalifye pou lòt èd finansye nan FEMA ak Eta Florida.
- Prè SBA pou dezas yo se pi gwo sous fon rekiperasyon federal pou dezas pou sivivan yo. SBA bay prè alontèm pou dezas ak yon enterè ki ba pou tout kalite biznis, òganizasyon prive ki pa la pou fè pwofi, pwopriyetè kay ak lokatè.
- Prè pou dezas sa yo kouvri pèt asirans pa fin kouvri ansanm oswa lòt resous. Sivivan yo pa ta dwe rete tann yon règleman asirans avan yo soumèt aplikasyon prè SBA yo a. Yo ka dekouvri asirans yo pa ase pou franchiz, travay ak materyèl yo mande pou fè reparasyon oswa pou ranplase kay yo a.
- Pwopriyetè kay yo ka kalifye pou yon prè dezas jiska $200,000 pou reparasyon estriktirèl rezidans prensipal oswa rekonstriksyon. SBA ka anmezi pou ede pwopriyetè kay ak lokatè yo ak jiska $40,000 pou ranplase pwopriyete pèsonèl enpòtan, tankou otomobil ki domaje oswa detui nan katastwòf la.
Sivivan yo kapab aplike etan sou entènèt, lè yo itilize Aplikasyon Prè Elektwonik la (Electronic Loan Application, ELA) atravè sit entènèt sekirize SBA a nan disasterloanassistance.sba.gov/ela/s/. Ou kapab jwenn fòm aplikasyon ak enfòmasyon prè dezas la lè w rele Sant Sèvis Kliyantèl SBA nan 800-659-2955.