Atansyon ak moun ki ap fè fwod ak eskwo yo

Release Date:
September 4, 2021

Sinistre yo dwe fè atansyon ak eskwo ak kriminèl ki ap eseye fè kòb ak vòlè enfòmasyon pèsonèl yo gras ak fwod, tantativ vòl ak vòl idantite. Nan kèk ka, vòlè yo ap eseye enskri ak FEMA pandan yo ap itilize non, adrès ak nimewo Sekirite Sosyal yo te vòlè sinistre yo.

Enspeksyon pwopriyete ilegal:

  • Veye lè yon moun mande w pou nimewo nèf chif plak machin ou. Enspektè nan FEMA p ap janm mande enfòmasyon sa a. Yo genyen li deja nan dosye yo.
  • Ankenn responsab gouvènman pou èd lè gen katastwòf pral rele ou pou mande enfòmasyon sou kont labank ou. Si ou gen dout sou yon ajan legal nan FEMA, fèmen epi rele sant èd FEMA pou rapòte li sitiyasyon an.
  • Ajan lojman pa janm mande komisyon pou fè enspeksyon lojman ou.

FEMA Èd pou Rechape Katastwòf

  • FEMA pa angaje oswa rekòmande yon kontraktè espesifik pou ranje kay oswa rekòmande reparasyon. Travay enspektè FEMA se pou verifye dega kay la.
  • Toujou rele yon enjenyè, achitèk oswa yon ajan konstriksyon ki gen non pou verifye kay ou. Yon kontraktè kapab kreye pwoblèm pou li jwen kontra.
  • Lè gen dout, rapòte nenpòt aksyon sispèk bay otorite zòn lan.

FEMA Disaster Survivor Assistance

  • Ajan katastwòf federal ak lokal yo pa mande ni aksepte lajan. Pa kwè ankenn moun ki ap ofri èd finansye epi apre pou li mande lajan oswa enfòmasyon pèsonèl.
  • Pa bay ankenn enfòmasyon nan apèl telefòn ak imèl ak moun ki ap di yo se ajan FEMA oswa anplwaye legal. FEMA p ap janm kontakte w si ou pa te rele li anvan oswa mande èd.
  • Reprezantan FEMA yo pral mande w nimewo sekirite sosyal ak kont bankè w pandan w enskri epi yo ka mande yo ankò lè ou fin enskri. Fè pridans lè yo mande w enfòmasyon sa yo ak lòt yo mande w. Eskwo yo kapab pase tèt yo tankou anplwaye gouvènman an, travayè imanitè, oswa ajan konpanyi asirans.
  • Mande pou wè kat idantifikasyon yo. Tout reprezantan FEMA yo genyen yon kat idantifikasyon ak foto. Yon mayo oswa vès FEMA pa prèv idantifikasyon.

Pwogram Tèt Kay Ble 

Reprezantan Blue Roof yo pa janm mande patisipasyon, ni yo p ap mande w nimewo Sekirite Sosyal, nimewo kont bank ou oswa nenpòt rekonpans pou sèvis sa a. Ou dwe enskri nan pwogram Blue Roof la epi konplete yon fòm pou rantre.

Pou denonse eskwo, fwod ak vòl idantite kontakte nan:

  • Liy Dirèk Gratis FEMA pou Fwod Pandan yon Dezas nan 866-720-5721;
  • Seksyon Pwoteksyon Konsomatè nan Biwo Pwokirè la Jeneral la nan Office of the Attorney General Consumer Protection Section, P.O. Box 94005, Baton Rouge, LA 70804-9005,
    faks: 225-326-6499;
  • Konsèy Lisans Eta Louisiana pou Kontraktè yo nan  https://arlspublic.lslbc.louisiana.gov/Home/Index; or
  • Ajans lokal pou respekte lwa.

 

Pou dènye enfòmasyon konsènan Siklòn Ida an ale sou fema.gov/disaster/4611. Swiv kont Twitter FEMA Rejyon 6 la twitter.com/FEMARegion6.

Tags:
Dènye mizajou