Kijan yo Deklare yon Dezas

Paj sa a bay enfòmasyon sou pwosedi ki gen rapò ak pwosesis deklarasyon Lwa Stafford la epi li la pou responsab ijans yo, fonksyonè ki pase nan eleksyon yo, medya yo ak aksyonè ki enterese nan pwosesis deklarasyon fòmèl la.  Tout deklarasyon ijans ak gwo dezas fèt sèlman selon desizyon Prezidan peyi Etazini an.

Lwa Robert T. Stafford sou Èd nan Ka Dezas ak Asistans nan Ka Ijans la, 42 U.S.C. §§ 5121-5207 (Lwa Stafford la) §401 deklare nan yon pati: "Se Gouvènè Eta ki afekte a ki dwe fè tout demand pou Prezidan an fè yon deklarasyon ki di gen yon gwo dezas ki egziste."  Yon Eta gen ladan l tou Distri Columbia a, Puerto Rico, Virgin Islands, Guam, American Samoa ak Komonnwèl Northern Mariana Islands la. Repiblik Marshall Islands yo ak Eta Federe Micronesia yo elijib tou pou mande yon deklarasyon epi resevwa asistans atravè Pak Asosiyasyon Lib yo.

Kòm konsekans Lwa sou Amelyorasyon Retablisman Sandy a, gouvènman tribal endyen yo rekonèt sou plan federal yo gen opsyon kounye a pou yo mande yon deklarasyon dirèkteman nan men Prezidan an. FEMA te devlope yon Gid Pilòt sou Deklarasyon Tribal yo, ki bay direktiv ki pi detaye epi pi espesifik pou demand Tribal yo.

FEMA te kodifye pwosesis deklarasyon an nan atik 44 C.F.R. Pati §206, Soupati B.

Evalyasyon Preliminè Dega

Si li klè yon deklarasyon dezas Prezidansyèl ka nesesè pou ede nan retablisman zòn ki sibi enpak la, gouvènman Eta a oswa tribal endyen an ta dwe kontakte Biwo Rejyonal FEMA yo a epi mande yon Evaliyasyon Preliminè Dega (PDA) Federal, Eta/Tribal kolektif.  Reprezantan gouvènman lokal yo dwe ladan l, si sa posib.  Anvan, ekip la pral fè yon evaliyasyon apwofondi zòn ki sibi enpak la pou detèmine gwosè dezas la, enpak li sou moun yo ak enstalasyon piblik yo epi tip asistans federal ki ka nesesè.  Yo mete enfòmasyon sa yo nan demand Gouvènè a oswa Chèf Egzekitif Tribal la pou montre dezas la gen yon gravite ak yon gwosè ki fè yon entèvansyon efikas depase kapasite gouvènman Eta ak lokal oswa gouvènman tribal endyen ki afekte yo, sa ki rann asistans federal siplemantè a nesesè.

Gade Rapò Evaliyasyon Dega Preliminè yo

Resous Gouvènman Eta a Oswa Tribal Endyen an
Depase

Kou PDA a fin fèt epi gouvènman Eta a oswa tribal Endyen an detèmine dega yo depase resous yo, Gouvènè a oswa Chèf Egzekitif Tribal la ka soumèt yon demand deklarasyon bay Prezidan an atravè Biwo Rejyonal FEMA yo a.  Nan kad demand la, Gouvènè a oswa Chèf Egzekitif Tribal la dwe pran mezi ki apwopriye selon lwa Eta a oswa Tribal la epi dirije egzekisyon plan ijans Eta a oswa Tribal la.  Gouvènè a oswa Chèf Egzekitif Tribal la dwe bay enfòmasyon sou nati ak kantite resous gouvènman Eta a ak lokal la oswa tribal endyen an ki angaje oswa ki pral angaje pou atenye rezilta dezas la, bay yon estimasyon kantite ak gravite dega yo ak enpak yo sou sektè prive ak piblik yo epi bay yon estimasyon tip ak kantite asistans ki nesesè selon Lwa Stafford la. Anplis, Gouvènè a oswa Chèf Egzekitif Tribal la dwe sètifye, pou dezas aktyèl la, obligasyon ak depans gouvènman Eta a ak lokal yo oswa gouvènman tribal endyen an ap konfòm ak tout egzijans patisipasyon nan depans ki aplikab yo.

Jeneralman, PDA a fèt anvan Gouvènè a oswa Chèf Egzekitif Tribal la soumèt demand li pou deklarasyon yon gwo dezas.  Sepandan, lè li klè gen yon evènman grav oswa katastwofik ki rive, Gouvènè a oswa Chèf Egzekitif Tribal la ka soumèt demand li a anvan PDA a fèt.1 Nan ka sa a, gwo dezas la pral limite yon fason jeneral ak Kategori Asistans Piblik A ak/oswa B (ki apresa ka limite ak Asistans Federal Dirèk (DFA)) ak Asistans pou Limite Katastwòf.  Pou evènman ki gen gwo enpak kote nivo dega nan rezidans yo boulvèsan nan yon fason anpirik, deklarasyon an ka gen ladan l tou Asistans Endividyèl.  Ka gen fòm asistans adisyonèl ki vin ajoute nan yon lòt dat annapre, annatandan PDA yo fèt.

144 C.F.R. §206.36

Tip Deklarasyon

Gen de tip deklarasyon dezas ki prevwa nan Lwa Stafford la: deklarasyon ijans ak deklarasyon gwo dezas.2  Toulede tip deklarasyon yo otorize Prezidan an pou l bay asistans federal siplemantè nan ka dezas.  Sepandan, evènman ki gen rapò ak de diferan tip deklarasyon ak chan ak kantite asistans la diferan.

Deklarasyon Ijans

Prezidan an ka fè yon deklarasyon ijans pou nenpòt okazyon oswa enstans lè Prezidan an detèmine yon asistans federal nesesè.  Deklarasyon ijans yo konplete efò gouvènman Eta a, lokal la oswa tribal endyen an nan bay sèvis ijans, tankou pwoteksyon lavi, byen, sante piblik ak sekirite, oswa pou diminye oswa evite menas yon dezas nan nenpòt ki kote nan peyi Etazini.  Kantite asistans total ki bay nan yon sèl ka ijans paka depase $5 milyon. Prezidan an dwe fè rapò bay Kongrè a si l depase montan sa a.

EGZIJANS3

Gouvènè Eta ki afekte a oswa Chèf Egzekitif Tribal Tribi ki afekte a dwe soumèt yon demand bay Prezidan an, atravè Administratè Rejyonal Apwopriye a, nan limit 30 jou apati lè ensidan an fèt la.  Demand la dwe baze sou konklizyon sitiyasyon an depase gouvènman Eta ak lokal ki afekte yo oswa gouvènman tribal endyen an epi asistans nan ka ijans federal adisyonèl la nesesè pou sove lavi epi pwoteje byen, sante piblik ak sekirite, oswa pou diminye oswa evite menas yon dezas.  Anplis, demand la dwe gen ladan l:

  • Konfimasyon Gouvènè a oswa Chèf Egzekitif Tribal la te pran mezi ki apwopriye selon lwa Eta a oswa Tribal la epi te dirije egzekisyon plan ijans Eta a oswa Tribal la;
  • Yon deskripsyon efò ak resous gouvènman Eta a ak lokal la oswa tribal endyen an te itilize pou atenye ijans la;
  • Yon deskripsyon efò ak resous lòt òganis federal ki te itilize pou reponn ak ijans la epi
  • Yon deskripsyon tip ak gwosè asistans federal adisyonèl ki nesesè a.

ASISTANS KI DISPONIB NAN KA DEKLARASYON IJANS

  • Public Assistance, PA (Asistans Piblik)  – Se sèlman kategori A (retire debri) ak B (mezi pwoteksyon ijan) ki ka otorize lè gen yon deklarasyon ijans.Katekori C-G yo (travay pèmanan) pa disponib lè gen yon deklarasyon ijans.  Souvan, deklarasyon ijans yo gen ladan yo Kategori B sèlman epi jeneralman y ap limite ak DFA, kòm absans evaliyasyon dega yo montre gwo bezwen asistans finansye.  Generalman, nou bay asistans sa a sou yon baz 75% federal, 25% patisipasyon nan depans ki pa federal.
  • Individual Assistance, IA (Asistans Endividyèl) – Pwogram Endividyèl ak pou Fwaye a (IHP) se sèl fòm IA ki ka otorize lè gen yon deklarasyon ijans. Otorizasyon IHP lè gen yon ijans pa rive fasil.  Gouvènman federal la bay Asistans pou Lojman nan kad IHP a sou yon baz 100%, pandan Asistans pou Lòt Bezwen nan kad IHP a egzije yon patisipasyon nan depans ki pa federal 25%.
  • Hazard Mitigation Grant Program, HMGP (Pwogram Sibvansyon pou Atenye Katastwòf) - pa disponib pou deklarasyon ijans.

Deklarasyon Ijans Anvan Dezas4

Yon Gouvènè oswa yon Chèf Egzekitif Tribal ka mande yon deklarasyon ijans alavans oswa pou antisipe enpak sèten yon ensidan ki menase yon destriksyon ki te ka antrene yon gwo dezas.  Demand sa yo dwe satisfè tout egzijans legal epi règlemantè pou yon demand deklarasyon ijans.  Demand yo dwe demontre bezwen kritik pou mezi pwoteksyon ijan anvan enpak la depase kapasite gouvènman Eta ak lokal ki afekte yo oswa gouvènman tribal endyen an epi idantifye bezwen ijan espesifik ki pa satisfè yo epi ki ka satisfè atravè DFA.  Yon DFA konsa ka gen ladan l, men li pa limite ak, pèsonèl la, ekipman yo, founiti yo ak asistans pou evakiyasyon.  Jeneralman, pozisyònman aktif yo alavans pa nesesite yon deklarasyon.  Jeneralman, asistans yo rann disponib lè gen yon deklarasyon ijans anvan dezas ap Kategori B (mezi pwoteksyon ijan), limite ak DFA.  FEMA ka mande evaliyasyon dega ak/oswa estimasyon depans verifye si gen demand pou tip asistans adisyonèl.

Deklarasyon Ijans avèk Responsabilite Federal Prensipal

Lè gen yon ijans gouvènman Federal la responsab yon fason prensipal, Prezidan an ka fè yon deklarasyon ijans san yon demand nan men Gouvènè Eta ki afekte a oswa Chèf Egzekitif Tribal Tribi ki afekte a.  Deklarasyon ijans sa a pa anpeche Gouvènè a oswa Chèf Egzekitif Tribal la mande yon deklarasyon gwo dezas annapre pou lòt bezwen evènman an lakoz epi ki pa satisfè.

Deklarasyon Gwo Dezas

Prezidan an ka fè yon deklarasyon gwo dezas pou tout evènman natirèl, ki gen ladan l siklòn, tònad, tanpèt, lè dlo desann, dlo van mennen, radmare, sounami, tranblemanntè, eripsyon vòlkan, glisman teren, glisman teren ak labou, tanpèt nèj oswa sechrès oswa, kèlkeswa koz la, dife, inondasyon oswa eksplozyon Prezidan an detèmine ki lakoz dega nan yon gravite ki depase kapasite entèvansyon gouvènman eta ak lokal yo mete ansanm.  Yon deklarasyon gwo dezas ofri yon gwo evantay pwogram asistans federal pou moun ak enfrastrikti piblik, ki gen ladan l lajan ni pou ijans ni pou travay pèmanan.

EGZIJANS5

Gouvènè Eta ki afekte a oswa Chèf Egzekitif Tribal Tribi ki afekte a dwe soumèt demand la bay Prezidan an atravè Administratè Rejyonal Apwopriye a nan limit 30 jou apati lè ensidan an fèt la.  Demand la dwe baze sou konklizyon sitiyasyon an depase kapasite gouvènman Eta ak lokal ki afekte yo oswa gouvènman tribal endyen an epi asistans federal siplemantè a nesesè.  Anplis, demand la dwe gen ladan l:

  • Konfimasyon Gouvènè a oswa Chèf Egzekitif Tribal la te pran mezi ki apwopriye selon lwa Eta a oswa Tribal la epi te dirije egzekisyon plan ijans Eta a oswa Tribal la;
  • Yon estimasyon kantite ak gravite dega ki fèt sou sektè piblik ak prive a;
  • Yon deskripsyon efò ak resous gouvènman Eta a ak lokal la oswa tribal endyen an te itilize pou atenye dezas la;
  • Estimasyon preliminè tip ak kantite asistans Lwa Stafford la prevwa ki nesesè ak
  • Gouvènè a oswa Chèf Egzekitif Tribal la dwe sètifye Eta a ak lokal yo oswa gouvènman tribal endyen an ap konfòm ak tout egzijans sou patisipasyon nan depans ki aplikab yo.

ASISTANS KI DISPONIB NAN KA DEKLARASYON GWO DEZAS

Sepandan, se pa tout pwogram ki aktive pou chak dezas.  Detèminasyon pwogram ki otorize yo baze sou tip asistans ki presize nan demand Gouvènè a oswa Chèf Egzekitif Tribal la ak bezwen ki idantifye pandan PDA kolektif la ak lòt PDA ki fèt annapre yo. Pwogram asistans nan ka dezas FEMA yo konsa:

  • Asistans Endividyèl  - Asistans endividyèl ak pou fwaye, ki ka gen ladan l:
    • Pwogram Endividyèl ak pou Fwaye;
    • Pwogram konsèy sou kriz
    • Jesyon Ka Dezas
    • Asistans Chomaj Poutèt Dezas
    • Sèvis Jiridik Lè Gen Dezas
    • Pwogram Asistans Alimantè Siplemantè nan ka Dezas
  • Asistans Piblik  - Asistans bay gouvènman Eta, Tribal ak lokal ak yon seri òganizasyon prive ki pa gen objektif fè lajan pou travay ijans ak reparasyon oswa ranplasman enstalasyon dezas domaje, ki ka gen ladan yo Kategori sa yo:
    • A - Retire debri
    • B - Mezi pwoteksyon ijan
    • C – Wout ak pon
    • D – Enstalasyon ki kontwole dlo
    • E – Batiman ak ekipman
    • F – Sèvis piblik
    • G – Pak, enstalasyon pou lwazi ak lòt enstalasyon
  • Hazard Mitigation Assistance (Asistans pou Atenye Katastwòf)  – Asistans bay gouvènman Eta, Tribal ak lokal ak yon seri òganizasyon prive ki pa gen objektif fè lajan pou mezi yo pran pou evite oswa diminye risk alontèm sou lavi ak byen ki soti nan katastwòf natirèl yo.

Faktè:  Lè l ap evalye demand pou gwo dezas epi l ap fè rekòmandasyon bay Prezidan an, FEMA konsidere faktè sa yo6:

(a)   (a) Pwogram Asistans Piblik

  1. Estimasyon sa asistans la ap koute – FEMA evalye sa asistans piblik Federal ak asistans piblik ki pa Federal ka koute parapò ak popilasyon an pou l bay kèk mezi enpak pou chak abitan. FEMA itilize yon montan ki kalkile sou chak abitan kòm endikatè pou detèmine si dezas la gen gravite ak gwosè ki ta jistifye asistans Federal la epi li ajiste chema sa a sou yon baz anyèl, selon Endèks Pri Konsomasyon an.
  2. Enpak lokalize yo  - FEMA evalye enpak dezas la nan nivo gouvènman konte ak lokal la, ak nan nivo Gouvènman Tribal Amerendyen ak Otoktòn Alaska yo, poutèt, pafwa, gen gwo konsantrasyon dega ki ka jistifye asistans Federal la menm si yo pa atenn nivo ki kalkile sou chak abitan nan eta a. Sa espesyalman vre kote enstalasyon esansyèl yo (tankou wout prensipal yo, pon yo, batiman piblik yo, eksetera) afekte oswa kote enpak lokalize ki kalkile sou chak abitan yo wo anpil. Egzanp, dega lokalize yo ka reprezante plizyè dizèn oswa santèn dola pou chak abitan, menm si enpak jeneral ki kalkile sou chak abitan an ba.
  3. Kouvèti asirans ki aplikab  – FEMA konsidere montan kouvèti asirans ki aplikab la oswa ki te dwe aplikab, jan lwa ak règleman yo mande sa, nan moman dezas la epi li retire montan sa a nan montan asistans ki te prevwa a.
  4. Atenyasyon Katastwòf  – Pou rekonèt epi ankouraje atenyasyon, FEMA konsidere nan ki pwen mezi atenyasyon yo te kontribiye nan rediksyon dega dezas yo. Sa ka espesyalman enpòtan nan dezas kote, poutèt atenyasyon an, dega ki te estime nan kad asistans piblik la tonbe anba endikatè ki te kalkile sou chak abitan an.
  5. Dezas miltip resan  – FEMA konsidere tou istorik dezas sou peryòd douz dènye mwa yo pou pi byen evalye enpak jeneral la. FEMA konsidere deklarasyon selon Lwa Stafford la ak deklarasyon Gouvènè a oswa Chèf Egzekitif Tribal la fè epi mezi yo depanse pwop kòb pa yo.
  6. Pwogram asistans lòt òganis federal yo  – FEMA konsidere tou pwogram lòt òganis Federal yo poutèt pafwa pwogram asistans yo reponn ak bezwen dezas la kreye yo nan yon fason ki pi apwopriye.

(b)  Pwogram Asistans Endividyèl

  1. Kapasite fiskal ak disponibilite resous Eta a
  2. Pèt atravè dega sou kay ak byen pèsonèl ki pat asire
  3. Pwofil popilasyon dezas la frape Popilasyon espesyal
  4. Enpak sou enfrastrikti kominotè a
  5. Viktim
  6. Chomaj dezas la lakoz

Ou ka jwenn enfòmasyon adisyonèl nan Direktiv sou Faktè Deklarasyon pou Asistans Endividyèl la.

2FEMA te etabli yon twazyèm tip deklarasyon, deklarasyon pou Sibvansyon Asistans pou Jesyon Dife (FMAG), atravè règleman.  Pwosesis sa a diferan anpil ak pwosesis ijans ak gwo dezas yo.  Li plis enfòmasyon sou Fire Management Assistance Grant program (pwogram Sibvansyon Asistans pou Jesyon Dife a).

344 C.F.R. §206.35

4Seksyon sa a bay direktiv sou sikonstans kote nou ka konsidere deklarasyon ijans anvan dezas ak tip asistans nou ka rann disponib yo, jan Lwa Stafford Seksyon 502(c) (42 U.S.C. § 5192(c)) a mande sa.

544 C.F.R. §206.35

644 C.F.R. §206.48. Règleman an gen yon tablo ki pote tit “Kantite Asistans Mwayen pou chak Dezas.”  Tablo sa a pa valab ankò kidonk li pa konsène nan pwosesis deklarasyon an ankò.

Kontestasyon

Gouvènè a oswa Chèf Egzekitif Tribal la ka konteste refi yon demand deklarasyon gwo dezas oswa ijans.  Yo dwe soumèt kontestasyon an nan limit 30 jou apati lèt refi a epi li dwe gen ladan l enfòmasyon adisyonèl ki jistifye bezwen asistans federal siplemantè a.

Mezi Apre Deklarasyon

Mezi konplemantè:   Gouvènè a, Reprezantan Otorize Gouvènè a (GAR) oswa Chèf Egzekitif Tribal la ka mande nominasyon konte ak pwogram adisyonèl yo nan limit 30 jou apati deklarasyon an oswa fen peryòd ensidan an, sa ki pi ta a.  Gouvènè a, GAR a oswa Chèf Egzekitif Tribal la ka soumèt yon demand pwolongasyon nan limit peryòd 30 jou a, si li bay yon rezon valid ki jistifye pwolongasyon an.

Ajisteman Patisipasyon nan Depans yo:   Otorite pou ajiste patisipasyon nan depans Asistans Piblik la nan men Prezidan an.  FEMA ap rekòmande yon ogmantasyon nan patisipasyon federal la jiska 90% pou Asistans Piblik lè yon dezas tèlman ekstraòdinè obligasyon federal reyèl yo selon Lwa Stafford la, san konte depans administratif yo, atenn oswa depase nivo kalifikasyon an.7

Kontestasyon: Jeneralman, ka gen yon sèl kontestasyon pou detèminasyon apre deklarasyon yo.  Yo dwe soumèt kontestasyon sa yo nan limit 30 jou apati lèt refi a.  FEMA ka pwolonje delè sa a, si gouvènman Eta a oswa tribal endyen an mande sa.  Yo dwe soumèt demand pwolongasyon yo nan limit delè 30 jou a.

744 C.F.R. §206.47(b).  Montan an ajiste chak ane pou enflasyon sou baz Endèks Pri Konsomasyon an pou Tout Konsomatè Iben yo.

Dènye mizajou