Otorite Dezas yo

Gen plizyè otorite diferan ki defini fason FEMA reyaji fas ak dezas yo. Nan seksyon sa a, w ap kapab jwenn enfòmasyon sou fason chak grenn nan otorite sa yo afekte operasyon ajans lan.

alert - info

Vizite paj Dokiman Oryantasyon nou an pou jwenn plis enfòmasyon sou kijan nou administre otorite legal ak otorite règlementè yo.

Jwenn Enfòmasyon sou Otorite Dezas yo

Lwa Robert T. Stafford sou Sekou nan Ka Dezas ak Asistans nan Ka Dijans (Robert T. Stafford Disaster Relief and Emergency Assistance Act) konstitiye otorite legal pou majorite aktivite federal pou entèvansyon nan ka dezas yo epi li te tabli pwosesis deklarasyon prezidansyèl sou dezas yo.

Lwa sou Pwodiksyon Defans (Defense Production Act, DPA) la se sous prensipal otorite prezidansyèl yo pou akselere ak elaji pwovizyon materyèl ak sèvis ki soti nan baz endistriyèl peyi Etazini ki nesesè pou ankouraje defans nasyonal la. Otorite DPA yo ka sipòte aktivite dijans ki gen rapò ak Lwa Stafford la, epitou yo ka pwoteje oswa restore enfrastrikti ki esansyèl yo.  

Nan dat 29 out 2005 lan, Siklòn Katrina te vin klase kòm katastwòf natirèl ki pi devastatè nan istwa peyi Etazini. Pa konsekan, Prezidan George W. Bush te siyen Lwa sou Refòm pou Jesyon Ijans Apre Siklòn Katrina (Post-Katrina Emergency Reform Act) la nan dat 4 oktòb 2006. Lwa sa a te fè gwo re-òganizasyon nan FEMA epi li te akòde l nouvo otorite pou l ranpli lakin ki te vin parèt yo nan ansanm jefò entèvansyon fas ak siklòn Katrina a.

Apre pasaj Siklòn Sandy nan dat 24 oktòb 2012 la, Lwa 2013 sou Amelyorasyon pou Repriz Apre Siklòn Sandy (Sandy Recovery Improvement Act of 2013) la otorize plizyè chanjman enpòtan fèt nan fason FEMA kapab bay sivivan yo asistans federal nan ka dezas.

Apre sezon siklòn ak ensandi forè devastatè ki te pase nan ane 2017 la, Lwa 2018 sou Refòm pou Repriz Apre Dezas (Disaster Recovery Reform Act of 2018) la te vini ak yon seri refòm ki rekonèt responsabilite mityèl ki egziste pou repriz ak entèvansyon fas ak dezas, vize pou redui konpleksite FEMA, ak devlope kapasite peyi a pou pwochen evènman katastwofik la.

Dènye mizajou