Bezwen Èd anrapò ak Pwosesis pou Retablisman apre Katastwòf la? Vizite yon Sant pou Retablisman apre yon Katastwòf

Release Date
Man holding iPad smiles at woman.
 

Apre yon katastwòf, ou ka santi w dekouraje epi ou pa sèten sou fason pou w kontinye avanse. Chemen ki ka ede w reprann ou a ka fè w panike, men ou pa poukont ou. Li enpòtan pou w mande èd pou w rive franchi chak etap nan pwosesis la. Youn nan pi bon kote pou jwenn èd dirèk se nan yon Sant pou Retablisman apre Katastwòf (Disaster Recovery Center, DRC).

Sant sa yo fèt pou gide ou atravè pwosesis retablisman an. Lè w antre, reprezantan FEMA yo ap akeyi w, yo pare pou ba w èd pèsonèl pou w ka santi w an konfyans epi pou w santi w alèz.

Reprezantan FEMA yo ka ede w fè demann pou jwenn èd, verifye sitiyasyon demann ou an epi aprann sou resous ki ka ede w yo. Si w te resevwa yon kominikasyon nan men yon moun ki fè konnen li reprezante FEMA epi w pa sèten si se yon blòf, yo ka ede w verifye kominikasyon an.

Reprezantan Administrasyon Ti Biznis yo (Small Business Administration, SBA) travay nan sant yo tou pou ede pwopriyetè kay yo, lokatè yo ak ti biznis yo fè demann pou prè. Prè sa yo ka ede nan finanse depans yon sibvansyon FEMA oswa asirans ou pa kouvri.

Reprezantan nan eta a ak lòt òganizasyon yo la pou ede tou.

Pandan efò pou retablisman yo ap kontinye, FEMA pral ouvri plis nan sant sa yo. Si pa gen yon Sant Retablisman pou Katastwòf tou pre w, kontinye verifye toujou paske gen plis k ap ouvri nan jou ak semèn k ap vini yo.

Tout moun byenvini 

Sant Retablisman pou Katastwòf yo se pou tout sivivan yo, kèlkeswa sitiyasyon sitwayènte yo. Nou ankouraje tout moun ki afekte nan yon katastwòf pou yo vizite Sant Retablisman pou Katastwòf ki pi pre yo a pou nou ka ede w kòmanse wout k ap pèmèt ou retabli a.

Gen tradiktè oswa sèvis tradiksyon ki disponib nan sant sa yo pou ede w kominike nan lang ou santi w pi alèz pou w pale a. Yo chwazi lokal Sant retabliman pou Katastwòf yo paske yo aksesib, nan objektif pou rive jwenn plis moun posib.

Jwenn yon DRC nan zòn ou an

  • Ou ka fè rechèch sou kote ou ye a egzakteman oswa sou eta a pou w ka jwenn fasilman yon lis Sant Retablisman pou Katastwòf ki toupre w grasa Lokalizatè DRC nou an.
  • Pou sant siklòn Ian yo, ou ka jwenn tou yon lis sant ki ouvè yo sou paj sant ki nan Florida yo.
  • Pou sant Siklòn Ian yo, ou ka jwenn tou yon lis sant ki ouvè yo sou paj sant ki nan Puerto Rico yo.
  • Aplikasyon FEMA a pral montre w sant DRC ki toupre w yo dirèkteman sou paj akèy la, epi w ka chèche lis sant yo ann Anglè ak Espanyòl.

Vini ak kesyon ou yo

Nou vle konnen pwoblèm w ap fè fas ak bezwen ou ta ka genyen yo. Si w gen dout sou èd FEMA bay oswa sou yon bagay ou te resevwa nan men nou, reprezantan nan sant la ka ede w jwenn reponn kesyon sa yo. Nan yon Sant Retablisman pou Katastwòf, ou kapab:

  • Aprann sou pwogram èd pou katastwòf yo.
  • Verifye sitiyasyon demann FEMA w la.
  • Konprann nenpòt lèt ou resevwa nan men FEMA.
  • Jwenn enfòmasyon sou èd pou lojman ak lwaye.
  • Jwenn referans ajans ki ka bay lòt èd.
  • Aprann sou pwogram Administrasyon Ti Biznis la.

Retablisman se yon efò tout kominote a dwe fè. Li pa ka fèt poukont li. Pandan ou angaje w bò kote pa ou nan pwosesis retablisman an, sonje pou w mande èd lè w vizite yon Sant Retablisman pou Katastwòf oswa rele Liy Èd pou Katastwòf FEMA a nan 1-800-621-3362.

Tags:
Dènye mizajou