Dat limit pou aplikasyon FEMA pwolonje

Release Date Release Number
DR-4337-FL NR 081
Release Date:
Oktòb 27, 2017

ORLANDO, Fla. – Dat limit pou sivivan siklòn Irma yo nan tout 48 konte yo te deziye yo nan Florid pou anrejistre pou asistans endividyèl akoz katastwòf la te pwolonje jiska 24 novanm 2017.

Pwolongasyon sa a leta ak FEMA te mete yo ansanm pou dakò sou li a se pou sivivan k ap viv nan konte yo deziye ki elijib pou asistans endividyèl akoz katastwòf la: Alachua, Baker, Bradford, Brevard, Broward, Charlotte, Citrus, Clay, Collier, Columbia, DeSoto, Dixie, Duval, Flagler, Gilchrist, Glades, Hardee, Hendry, Hernando, Highlands, Hillsborough, Indian River, Lafayette, Lake, Lee, Levy, Manatee, Marion, Martin, Miami- Dade, Monroe, Nassau, Okeechobee, Orange, Osceola, Palm Beach, Pasco, Pinellas, Polk, Putnam, Sarasota, Seminole, St. Johns, St. Lucie, Sumter, Suwannee, Union ak Volusia.

Asistans federal pou katastwòf pou moun ak fanmi yo ka enkli lajan pou asistans pou peye lwaye kay,  reparasyon esansyèl nan kay, pèt pwopriyete pèsonèl ak lòt bezwen  grav ki gen rapò ak katastwòf la asirans pa kouvri.

Endividi yo ka anrejistre sou entènèt nan disasterassistance.gov. Pa telefòn, rele liy asistans FEMA a nan 800- 621-3362 (Vwa, 711 oswa VS) oswa 800-462-7585 (TTY). Akoz anpil moun ap rele, liy yo ka okipe. Tanpri pran pasyans, epi eseye rele nan maten oswa nan aswè lè pa gen anpil moun k ap rele. Liy asistans FEMA a ouvri apati 7 a.m. jiska 11 p.m. (ET), sèt jou pa semèn jiskaske yo fè konnen otreman.

Pou plis enfòmasyon vizite www.FEMA.gov/IrmaFL, oswa suiv nou @FEMARegion4 sou Twitter epi sou paj Facebook  FEMA a.

                                                                                                                                ###

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou yo ak premye sekouris yo pou asire antanke yon nasyon nou travay ansam pou bati, mentni epi amelyore kapasite nou pou n prepare n pou tout danje, pwoteje kont tout danje, reponn a tout danje, rekipere de tout danje epi aleje tout danje.

Asistans pou retablisman akoz katastwòf  la disponib san nou pa gade sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, konpetans nan lang anglè oswa estati ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele 800-462-7585.

Asistans lojman tanporè FEMA a ak sibvansyon pou depans pou transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa mande pou yon moun aplike pou prete lajan nan SBA. Sepandan, kandida ki resevwa aplikasyon pou prete lajan nan SBA dwe soumèt aplikasyon sa yo bay responsab kredi SBA yo pou yo ka elijib pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon machin oswa ranplasman machin, ak depans pou demenajman ak pou mete bagay nan depo.

Tags:
Dènye Mizajou