Framingham, MA. – Rezidan Massachusetts yo ki te aplike pou asistans FEMA pou tanpèt ak inondasyon ki te fèt 11-13 septanm 2023 a, pral resevwa yon lèt desizyon anliy oswa atravè lapòs (oswa toude, selon demann ou).
Si yo jwenn aplikan an elijib pou asistans lan, lèt la pral eksplike kantite lajan FEMA bay ak enfòmasyon sou fason apwopriye pou itilize lajan an nan ka katastwòf.
Aplikan yo jwenn ki pa elijib yo ta dwe li lèt la ak anpil atansyon paske li pral eksplike rezon ki fè yo pa elijib la ak sa ki ta ka nesesè pou soumèt pou yon evalyasyon ankò. Nan kèk ka, sivivan an ta ka senpleman bezwen soumèt plis enfòmasyon oswa dokiman jistifikatif pou FEMA kapab kontinye trete aplikasyon an.
Men kèk egzanp sou dokiman ki manke:
- Prèv kouvèti asirans
- Règleman reklamasyon asirans oswa lèt refi founisè asirans lan
- Prèv idantite
- Prèv ou t ap viv nan pwopriyete a
- Prèv ou se mèt pwopriyete a
- Prèv pwopriyete ki te domaje a se te rezidans prensipal aplikan an nan moman katastwòf la.
Pou kesyon konsènan lèt ou a ou ka rele liy asistans telefonik pou katastwòf la nan 800-621-3362. Ou kapab ale tou nan Sant Rekiperasyon Aprè Katastwòf (Disaster Recovery Center, DRC) ki pi prè w la.
Lokal DRC yo: Soti Lendi pou rive Samdi, 9 a.m. jiska 7 p.m.
- Leominster City Hall, 25 West Street, Leominster, MA 01453
- Bristol Community College, 11 Field Road, Attleboro, MA 02703
Kontestasyon Desizyon FEMA
- Si dokiman an soti nan yon lòt sous, jan sa kapab ye pou atik tankou resi, fakti, kontra lokasyon/lojman, relve kont komèsan/anplwayè/doktè, oswa devi reparasyon, li dwe gen ladan enfòmasyon kontak lòt sous la pou FEMA kapab verifye dokiman yo soumèt la. Aplikan an ka ekri enfòmasyon kontak lòt sous la alamen sou resi a si li pa t deja enkli.
- Si yon moun ki pa aplikan fè yon demann pou kontestasyon, aplikan an dwe soumèt tou yon deklarasyon ki siyen pou bay moun sa a otorizasyon pou li reprezante li. Aplikan an ka chwazi tou ranpli epi soumèt Fòm FEMA FF-104-FY-21-118 la: Otorizasyon pou divilge enfòmasyon daprè Lwa sou Vi Prive pou bay yon lòt moun otorizasyon pou reprezante yo. Fòm sa a disponib sou https://www.disasterassistance.gov/get-assistance/forms epi aksesib pou moun ki gen yon kont sou dissasterassitance.gov.
- Tout demann kontestasyon yo dwe genyen enfòmasyon sa yo ki annaprè a pou asire kontestasyon an asosye kòrèkteman ak dosye aplikan an:
- Non konplè aplikan an,
- Nimewo Aplikasyon FEMA Aplikan an ak Nimewo Katastwòf la,
- Adrès rezidans prensipal aplikan an anvan katastwòf la, epi
- Aktyèl nimewo telefòn ak adrès aplikan an.
FEMA pa kapab repwodwi asistans yon lòt sous bay, tankou règleman asirans. Sivivan ki pa gen ase asirans yo ka resevwa asistans adisyonèl pou bezwen ki pa t rive satisfè yo aprè reklamasyon yo fin regle.
Yo dwe fè kontestasyon yo nan lespas 60 jou apati dat lèt desizyon an. Yo ka soumèt dokiman jistifikatif yo bay FEMA atravè faks, lapòs oswa atravè yon kont FEMA anliy. Pou louvri yon kont anliy, ale sou DisasterAssistance.gov, klike sou “Aplike Anliy” epi swiv enstriksyon yo.
Atravè lapòs: FEMA National Processing Service Center, P.O. Box 10055, Hyattsville MD 20782-7055 Atravè faks: 800-827-8112 Atansyon: FEMA. Ou kapab ale tou nan Sant Rekiperasyon Aprè Katastwòf ki pi prè ou a pou soumèt kontestasyon ou an. An Pèsòn: Pandan w prale nan yon Sant Rekiperasyon Aprè Katastwòf.
Pou ou jwenn dènyè enfòmasyon yo vizite 4780 | FEMA.gov. Swiv FEMA sou Twitter (X) nan twitter.com/femaregion1 ak nan facebook.com/fema.
Pou mizajou sou operasyon repons ak rekiperasyon nan Massachusetts, swiv Ajans Jesyon Ijans Massachusetts (Massachusetts Emergency Management Agency) sou Twitter (X) MEMA (@MassEMA) / X ak Facebook Massachusetts Emergency Management Agency (MEMA) | Facebook oswa vizite Massachusetts Emergency Management Agency | Mass.gov.