Kijan pou Ranpli Reklamasyon Inondasyon Apre Siklòn Idalia

Release Date Release Number
013
Release Date:
September 11, 2023

LAKE MARY, Fla. –  Pwopriyete kay Pwogram Asirans Inondasyon Nasyonal la kouvri depoze yon reklamasyon kou sa posib. Pèman alavans yo kapab disponib pou kèk moun ki gen kontra.

Moun ki gen kontra yo ta dwe rele ajan asirans yo oswa founisè yo epi kòmanse ak reklamasyon yo menm si yo pa gen dokiman nesesè yo paske yo te dwe kite pwopriyete a apre tanpèt la.

Pwopriyete kay ki pran domaj ni nan van ni nan tanpèt la ap bezwen depoze de (2) reklamasyon apa: yon reklamasyon asirans pwopriyetè kay ak yon reklamasyon asirans inondasyon. Yo dwe enfòme ekspè pou chak kontra, yo konnen reklamasyon yo depoze ak lòt kontra.

Si ranpli yon reklamasyon inondasyon, mande pou peye alavans. Ou ka kalifye pou yon pèman alavans jiska $5,000 avan yon ekspè vizite w. Asire w la ap bezwen konfime kouvèti domaj inondasyon an pou pwopriyete w la epi ka mande lòt dokiman pou sipòte monte ann avans lan. 

Moun ki gen kontra kapab kalifye tou poou pèman alavans jiska $20,000  si yo gen foto ak/oswa videyo ki dekri domaj ak resi ki pwouve depans ki te fèt ak lajan nan pòch ou pou pèt inondasyon an oswa kantite lajan kontraktè a byen detaye.

Si asirans inondasyon ekspire dènyeman, mande yon ajan si ou toujou gen chans pou renouvle nan moman. Ou ka gen pou peye tout lajan pou renouvle epi ou ka jwenn kouvèti pou pèt nan moman sa. 

Kontra Asirans Inondasyon Estanda pa kouvri depans pou kòd konfòmite yo jiskaske pèt la kalifye pou kouvèti Ogmantasyon Depans Konfòmite (Increased Cost of Compliance, ICC). Pou jwenn plis enfòmasyon, pale ak ekspè oswa asire ou a.

NFIP gen enfòmasyon anplis soufloodsmart.gov/how-do-i-start-my-flood-claim pou dokimante domaj ou an, retounen nan pwopriyete an sekirite ak rekonstui l pi solid, ak kibò pou ale si w bezwen plis asistans. 

Pou dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Florida apre Siklòn Idalia, ale sou floridadisaster.org/info ak fema.gov/disaster/4734. Suiv FEMA sou X, ansyen non Twitter sou twitter.com/femaregion4 ak sou facebook.com/fema.

Tags:
Dènye mizajou