RALEIGH, N.C. – Apre w fin anrejistre pou asistans apre katastwòf, ou ka resevwa yon lèt detèminasyon FEMA ap voye ba ou nan lapòs. Li lèt detèminasyon w lan avèk anpil atansyon pou ou konprann elijiblite w pou asistans federal.
Genyen plizyè rezon pou pou w pa kalifye nan yon premye detèminasyon. Rezon ki rive pi souvan an se ke li nesesè pou bay FEMA kopi yon lèt ki verifye kouvèti asirans ou anvan FEMA kapab trete aplikasyon pou sibvansyon w lan.
Lòt rezon ki ka fè yon moun pa kalifye ka gen ladan yo:
- Ou pa t siyen dokiman yo mande w yo.
- Ou pa t kapab pwouve kay la te gen moun ap viv ladan oubyen ke ou se pwopriyetè.
- Yo ka pa t kapab verifye idantite w.
- Se pa rezidans prensipal ou ki andomaje, men yon dezyèm kay ou genyen oswa yon pwopriyete ki nan lwaye.
- Yon lòt moun nan kay ou a ka te aplike epi te deja jwenn asistans.
- Nou pa t kapab verifye pèt ou deklare akoz katastwòf yo.
- Domaj kay la sibi nan katastwòf sa a, pa p lakoz okenn danje kifè w pa ta ka viv nan kay la. Kay ou toujou an bon kondisyon sekirite, bon kondisyon sanitè e li fonksyonèl.
- Ou endike sou aplikasyon w lan ke ou pa t vle demenaje pandan kay ou a ki andomaje a an reparasyon. Sa fè ou pa kalifye pou premye asistans FEMA pou lwaye. Sepandan, nan tan sa a ou vin dekouvri plis domaj nan kay ou a epi kounyea ou oblije demenaje.
Pou w rantre an kontak ak FEMA pou w bay plis enfòmasyon oubyen pou w bay dokiman ki manke yo:
- Rele liy Asistans Telefonik FEMA a nan 800-621-3362 (TTY 800-462-7585); oubyen
- Al Vizite yon Sant Rekiperasyon Apre Katastwòf. Pou w jwenn sant ki pi pre w la, al gade nan fema.gov/DRC, rele Liy Asistans Telefonik FEMA a, oubyen telechaje FEMA app la.
Pwopriyetè kay, moun ki nan lwaye ak moun ki gen komès nan konte Beaufort, Bladen, Brunswick, Carteret, Columbus, Craven, Cumberland, Duplin, Greene, Harnett, Hoke, Hyde, Johnston, Jones, Lee, Lenoir, Moore, New Hanover, Onslow, Pamlico, Pender, Pitt, Richmond, Robeson, Sampson, Scotland, Wayne ak Wilson yo kapab anrejistre pou asistans apre katastwòf pou domaj asiran pa garanti ak sa ki pa garanti nèt yo epi pou domaj ki rive akoz Siklòn Florence.
###
Misyon FEMA: N ap ede moun anvan, pandan epi apre katastwòf.
Pou plis enfòmasyon sou rekiperasyon Kawolin Dinò (North Carolina) apre pasaj Siklòn Florence al vizite NCDPS.gov/NCEM ak FEMA.gov/Disaster/4393. Suiv nou sou Twitter: @NCEmergency ak@FEMARegion4.
FEMA ab bay tout asistans apre katastwòf san okenn diskriminasyon ki baze sou ras, koulè, sèks, (ki gen ladan asèlman seksyèl), relijyon, limitasyon nan pale Anglè, kondisyon ekonomik, oubyen reprezay. Si ou panse yo pa respekte dwa sivil ou yo, rele 800-621-3362 oubyen 800-462-7585(TTY/TDD).
Asistans tanporè FEMA bay pou lojman ak sibvansyon pou depans sèvis transpò, depans medikal ak dantè, epi depans pou fineray ak antèman pa egzije moun pou yo aplike pou yon prè SBA. Sepandan, aplikan ki resevwa yon aplikasyon pou prè SBA yo dwe remèt yo bay yon ajan kredi SBA pou yo kapab kalifye pou asistans ki garanti pwopriyete pèsonèl, reparasyon oubyen ranplasman otomobil, ak depans pou demenajman ak antrepo.