Delè limit pou Enskri avèk FEMA pou w jwenn èd avèk Siklòn Laura te Pwolonje

Release Date Release Number
NR 054
Release Date:
Oktòb 27, 2020

BATON ROUGE, La. —  Delè limit pou rezidan Louisiana kap chèche èd yo enskri avèk FEMA te pwolonje jiska 27 Novanm, nan tout pawas ki deziyen yo pou Asistans Endividyèl  apre Siklòn Lauran. 

Lokatè ak pwopriyetè yo nan pawas ki deziyen pou asistans FEMA yo apre siklòn Laura genyen jiska 27 Oktòb pou enskri pou èd.

Pwopriyetè ak lokatè yo ka aplike pou asistans federal, sa ki gen ladan èd pou lojman tanporè, asistans pou lwaye ak reparasyon oswa ranplasman pwopriyete ki andomaje.

Sibvansyon yo ka disponib ansanm avèk pou ede avèk lòt depans tankou swen medical ak dantè, depans pou antèman ak fineray, ranplase atik esansyèl nan kay yo, demenajman akl estoraj, reparasyon ak netwayaj veyikil.

Pou gade si ou abite nan yon pawas ki deziyen, vizite: https://www.fema.gov/disaster/4559/designated-areas.

Pou w jwenn plis enfòmasyon oswa pou enskri pou asistans:

  • Rele liy èd FEMA nan 800-621-3362 (TTY 800-462-7585).
  • Vizite disasterassistance.gov/.
  • Pou jwenn yon Sant Rekiperasyon Katastwòf sou volan (DRC), tèks 43362 epi tape DRC ak kòd postal ou (pa egzanp DRC 12345).
  • Pou resevwa yon lyen pou telechaje aplikasyon FEMA a:
    • Telefòn Apple: tèks APPLE nan 43362
    • Telefòn Android: tèks ANDROID nan 43362
  • Vizite fema.gov/about/news-multimedia/app
  • Rele 211 oswa tèks 527435837 nan 898-211. Pou moun ki evakye yo nan Louisiana ki kounye a andeyò eta, tanpri rele 337-310-4636. Pou w jwenn sipò, nimewo sa valab tou pou itilizatè TTY yo andeyò eta.
  • Moun sila yo ki itilize yon sèvis relè tankou telefòn videyo, InnoCaption oswa CapTel ta dwe mete bay FEMA dènye enfòmasyon avèk nimewo spesifik yo ki asiyen nan sèvis sa a.

 

 

Sivivan siklòn Laura yo ki gen kesyon sou reparasyon kay ta dwe kontakte sèvis sansibilizasyon FEMA sou alèjman nan 866-579-0820 oswa nan fema-mitoutreach-4559@fema.dhs.gov Lendi -Samdi, 8am rive 6pm CDT. Pou gade resous alèjman vizite https://fema.connectsolutions.com/lauramit/.

 

Pou w jwenn dènye enfòmasyon sou Siklòn Laura, vizite www.fema.gov/disaster/4559 oswa swiv kont Twiter Rejyon 6 FEMA nan twitter.com/FEMARegion6.

Tags:
Dènye Mizajou