Sant Rekiperasyon Dezas nan Bonita Springs pral fè tranzisyon an Sant Sansibilizasyon Prè Dezas SBA nan dat 18 Desanm

Release Date Release Number
DR-4337-FL NR 134
Release Date:
Desanm 12, 2017

ORLANDO, Fla. —Sant Rekiperasyon Dezas FEMA nan Bonita Springs ap fèmen Samdi 16 Desanm, e li pral re-ouvè nan menm lokal la kòm yon Sant Sansibilizasyon Prè Dezas Administrasyon Ti Biznis Etazini [U.S. Small Business Administration Disaster Loan Outreach Center (DLOC)] nan Lendi 18 Desanm. Èdtan yo se 9 a.m. – 7 p.m., fèmen nan Dimach.

Tranzisyon an soti FEMA pou rive a SBA vle di sant lan pral genyen prensipalman anplwaye SBA, tout fwa, gen kèk reprezantan FEMA ki pral prezan pou reponn kesyon sivivan yo.

Bonita Springs (Konte Lee/Collier)
Bonita Springs Recreation Center
26740 Pine Ave.
Bonita Springs, FL 34135
Èdtan yo se  9 a.m. – 7 p.m. Lendi-Samdi, fèmen Dimanch.

Reprezantan sèvis kliyan SBA yo disponib pou rankontre avèk pwopriyetè biznis ak rezidan yo pou reponn kesyon yo, eksplike pwogram prè dezas SBA epi finalize prè dezas yo. Pwopriyetè biznis ak rezidan yo ka rankontre avèk reprezantan SBA yo nan jou ak lè ki endike yo. Randevou pa nesesè.

Aplikan yo pou prè dezas ka aplike sou entènèt lè yo itilize aplikasyon prè elektwonik grasa sitwèb pwoteje SBA nan disasterloan.sba.gov/ela.

Enfòmasyon ak fòm aplikasyon pou prè Dezas disponib tou nan Sant Sèvis Kliyan SBA lè ou rele 800-659-2955 oswa imèl disastercustomerservice@sba.gov. Moun ki soud oswa ki gen difikilte pou tande ka rele 800-877-8339.  Pou w jwenn plis enfòmasyon sou asistans dezas oswa pou telechaje aplikasyon yo, vizite sba.gov/disaster.

 

Ou ka voye Aplikasyon papye ranpli nan:

U.S. Small Business Administration Processing and Disbursement Center
14925 Kingsport Rd.
Fort Worth, TX 76155

 

                                                                                                  ###
Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou yo ansanm avèk sekouris yo pou asire ke antanke yon peyi nou travay ansanm pou bati, soutni ak amelyore kapasite nou pou prepare pou, pwoteje kont, reponn a, rekipere nan, ak diminye tout danje yo.

Asistans pou rekipere nan Katastwòf disponib san konte sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, Konpetans Angle oswa estati ekonomik.  Si oumenm oswa yon moun ou konnen te sibi diskriminasyon, rele liy telefòn gratis FEMA nan  800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele  800-462-7585.

Asistans lojman tanporè FEMA ak sibvansyon pou depans transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa egzije pou moun nan aplike pou yon prè SBA. Toutfwa, aplikan yo ki resevwa aplikasyon prè SBA dwe soumèt yo a yon ofisye prè SBA pou yo ka kalifye pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon veyikil oswa ranplasman, ak depans pou demenaje ak estoraj.

                                                                                                   ###

Tags:
Dènye Mizajou