Kontakte Otorite Lokal yo anvan ou kòmanse fè travay nan kay ou

Release Date Release Number
DR-4337-FL NR 132
Release Date:
Desanm 11, 2017

ORLANDO, Fla. – Si ou te sibi gwo domaj nan Siklòn Irma e yap rekonstwi oswa fè reparasyon, ou ta dwe kontakte jesyon plèn kominotè oswa otorite konstriksyon. Anplis, li enpòtan pou jwenn bon jan kalite pèmi pou bagay tankou plonbri, sistèm elektrik, reparasyon nan fondasyon ak estrikti.

Jeneralman, domaj enpòtan se domaj nan orijin yon estrikti te sibi kote depans pou restore estrikti a nan kondisyon preyalab li ta egal oswa depase 50 pousan nan valè mache estrikti a anvan domaj la te rive. Definisyon domaj diferan daprè kominote.

Poukisa li Enpòtan

Keseswa ou non kay ou te sibi gwo domaj sa ka afekte fason ou bezwen pou rekonstwi. Otorite lokal yo ka ede detèmine nivo domaj, travay ki bezwen fèt pou repare oswa ranplase estrikti ki domaje a e si lòt travay pral nesesè pou konfòme avèk kòd lokal ak òdonans yo. Pa egzanp:

Yon estrikti ki lokalize nan yon plèn inondasyon dwe pote an konfòmite avèk règleman lokal yo si yon otorite lokal detèmine gen yon domaj enpòtan. Depatman Kontriksyon lokal yo kapab adopte estanda FEMA ki pi elve ke mèt pwopriyete yo ta gen pou konfòme lè yap rebati.

  • Mèt kay yo ki deside pou rebati ka bezwen elve estrikti yo, oswa chanje yo nan kèk lòt fason pou konfòme avèk règlemantasyon lokal ak evite pwochen pèt akoz inondasyon. Moun ki posede kay ki pa rezidansyèl ka bezwen pou pwoteje kay yo pou inondasyon.
  • Mèt kay yo ki gen asirans inondasyon ak yon kay ki gen gwo domaj nan yon plèn inondasyon ka anmezi pou jwenn plis ijans pou depans ki gen rapò pou konfòme avèk règleman lokal yo. Kontakte ajan asirans ou pou w jwenn plis enfòmasyon. Ou ka jwenn enfòmasyon kontak pou kominote w sou entènèt nan www.floridadisaster.org/Mitigation/SFMP/Index.htm.

Ou ka konteste yon detèminasyon pou gwo domaj avèk otorite lokal ou si ou pa dakò avèk desizyon yo a.

Si ou gen kesyon spesifik sou  kontra asirans inondasyon w oswa reklamasyon sou asirans inondasyon, rele liy èd FEMA nan (800-621-3362) pou vwa oswa 711 VRS, oswa 800-662-7585 pou TTY.

Pou w jwenn plis enfòmasyon sou rekiperasyon, vizite www.FEMA.gov/IrmaFL, oswa swiv nou nan @FEMARegion4 on Twitter ak sou FEMA’s Facebook page.

###

 

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou yo ansanm avèk sekouris yo pou asire ke antanke yon peyi nou travay ansanm pou bati, soutni ak amelyore kapasite nou pou prepare pou, pwoteje kont, reponn a, rekipere nan, ak diminye tout danje yo.

Asistans pou rekipere nan Katastwòf disponib san konte sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, Konpetans Angle oswa estati ekonomik.  Si oumenm oswa yon moun ou konnen te sibi diskriminasyon, rele liy telefòn gratis FEMA nan  800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele  800-462-7585.

Asistans lojman tanporè FEMA ak sibvansyon pou depans transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa egzije pou moun nan aplike pou yon prè SBA. Toutfwa, aplikan yo ki resevwa aplikasyon prè SBA dwe soumèt yo a yon ofisye prè SBA pou yo ka kalifye pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon veyikil oswa ranplasman, ak depans pou demenaje ak estoraj.

###

 

Tags:
Dènye Mizajou