Enspeksyon kay pou sivivan siklòn Irma yo nan Florid

Release Date Release Number
R4 DR-4337-FL FS 011
Release Date:
October 9, 2017

Enspeksyon kay FEMA fè yo se yon etap enpòtan pou detèmine tip ak kantite asistans ou ka resevwa pou ede w retabli akoz siklòn Irma. Kokennchenn kantite kay nan Florid ki te sibi domaj siyifi sa ka pran plis tan pase nòmal pou n rive sou kay pa w la. Li itil pou konprann pwosesis la konsa ou ka konnen ki sa pou espere.

Pou detèmine ki valè domaj kay ou a te sibi, yon enpektè FEMA pral kontakte w pou pwograme yon enspeksyon. Enspektè a pral eseye twa fwa nan diferan lè nan jounen. Si nou paka jwenn ou pa telefòn, nou pral voye yon lèt nan adrès ou te bay lè w t ap anrejistre a.

Sa ou bezwen konnen:

  • Si anrejistreman orijinal ou a fè konnen kay ou a te inaksesib, rele liy asistans FEMA a nan 800-621-3362 pou mete estati w la ajou lè li posib pou gen aksè nan kay la.
    • Yo te rapòte liy ki byen long pou tann, kidonk tanpri se pou gen pasyans, paske nou paka pwograme okenn enspeksyon pazavan aplikan an enfòme FEMA kay la aksesib.
  • Sa ka pran jiska 30 jou pou yon enspektè ki gen kontra ak FEMA pou l kontakte yon aplikan.
  • Lè enspektè a rive, mande pou idantifikasyon ofisyèl. Ensiy lan dwe gen non, konpayi ak foto enspektè a.
    • Enspektè yo pral genyen nimewo ka w la ak detay konsènan pwopriyete w la.
    • Enspektè a pral evalye epi verifye domaj katastwòf la te koze. Ou pap peye okenn frè pou enspeksyon an. Jeneralman, enspeksyon an dire apeprè 30 minit ou mwens.
    • Si w se yon pwopriyetè, enspektè a pral verifye ID w, prèv ou se pwopriyetè epi w abite nan kay la. Si w se yon lokatè, enspektè a pral verifye ID w ak si w abite nan kay la atravè kontra lwaye, bil kouran, dlo eksetera.
  • Enspektè a pa detèmine si w kalifye pou nenpòt asistans.
  • Toujou atantif ak moun k ap fè magouy. Katastwòf yo souvan dekouvri kèk kriminèl ki vize sivivan yo. Rele lapolis imedyatman si yon moun pran pòz li se yon enspektè epi li pa montre w ensiy ki gen foto l sou li oswa ki mande w lajan. Pwoteje enfòmasyon pèsonèl ou.
  • Si w ta bezwen yon akomodasyon oswa yon entèprèt pou lang siy ameriken pou vizit enspektè a, tanpri rele sant asistans FEMA a nan 800-621-3362 (Vwa, 711 oswa VRS) oswa 800-462-7585 (TTY) pou nou ka fè aranjman sa a pou ou.

Enspeksyon biwo ak senplifye nan Florid

  • Akoz plizyè operasyon federal pou repons ak retablisman katastwòf ki ankou, FEMA ap mete sou pye de nouvo pwosesis enspeksyon ki fèt pou akselere pwosesis asistans federal la pou sivivan katastwòf yo. Nouvo pwosesis yo se enspeksyon biwo ak enspeksyon senplifye.

Enspeksyon biwo

  • FEMA gen yon nouvo pwogram oto-evalyasyon pou kay ki domaje.
    • Si w te yon lokatè oswa yon pwopriyetè kay ki te abite nan yon konte yo deziye kòm zòn katastwòf, ou ka resevwa yon mesaj tèks oswa yon apèl telefòn k ap mande w pou bay kèk enfòmasyon konsènan nivo domaj van oswa inondasyon kay ou a te resevwa.
    • Si w rapòte kay ou a te kraze, yo pral pwograme yon enspeksyon sou plas pou verifye domaj la.
    • Daprè enfòmasyon ou bay la, rezilta yon evalyasyon domaj pral detèmine montan sibvansyon ki apwopriye pou regle pèt pwopriyete pèsonèl epi/oswa kay la akoz katastwòf la.
    • Si w pa dakò ak montan yo ba w la, ou ka fè apèl a desizyon an lè w bay dokimantasyon sou bagay ou te pèdi yo akoz katastwòf la nan yon espas 60 jou apati dat ki site sou lèt detèminasyon FEMA w la.

Enspeksyon senplifye

  • Deklarasyon resan yo te fè pou Florid, Zile Vyèj Etazini, Pòtoriko, Texas, Georgia, Alabama ak plizyè lòt tribi te nesesite yon kantite enspeksyon san presedan. Tan yo estime w ap gen pou ret tann pou yon enspeksyon tradisyonèl kounye a se jiska trant jou.
  • Pou nou kapab abòde bezwen ijan aplikan ki te afekte akoz siklòn Irma, FEMA te

elimine kèk enspeksyon pou nou ka senplifye pwosesis ki nesesè pou verifye pèt yo.

  • Popilasyon ki pral site anba a pap resevwa yon enspeksyon nan men FEMA:
    • Kay ki pa aksesib: Rapò pwopriyetè a oswa lokatè a te fè nan moman anrejistreman an ki fè konnen yo pa gen okenn domaj nan kay oswa nan pwopriyete pèsonèl yo, men kay yo a pa aksesib.
    • Sèvis piblik pa akesib: Pwopriyetè a oswa lokatè a rapòte nan moman anrejistreman an yo pa gen domaj nan kay oswa nan pwopriyete pèsonèl yo, men sèvis piblik ki esansyèl yo (kouran, dlo, telefòn) tanporèman pa disponib.
    • Gen asirans pou inondasyon epi se domaj inondasyon sèlman yo genyen: Pwopriyetè a rapòte nan moman anrejistreman an li sèlman gen domaj akoz inondasyon epi li genyen asirans pou inondasyon ki pral kouvri domaj katastwòf la te koze a.

FEMA te senplifye pwosesis li yo pou l ka avanse pwosesis retablisman an pi devan lepli rapidman posib pou oumenm ak floridyen parèy ou yo. Asire w ou kenbe enfòmasyon w yo ajou lè w rele 800-621-3362 (Vwa, 711 oswa VRS) oswa 800-462-7585 (TTY) oswa lè w vizite yon DRC konsa nou ka jwenn ou avèk pwogram sa yo.

Photo of home damage during hurricane Irma

Tags:
Dènye mizajou