ORLANDO, Fla. – FEMA ankouraje w pou achte asirans inondasyon anvan yon evènman inondasyon rive. Byenke li twò ta pou pwoteje kay ou kont domaj Siklòn Irma, achte epi kenbe asirans inondasyon kounye a pral ede pwoteje w finansyèman kont domaj ak kont pwochen tanpèt.
Inondasyon pi komen e li koute pi chè pami dezas natirèl yo nan Etazini. Byenke gen aktyèlman plis pase 1.7 milyon kontra-règleman ki anfòs pou Pwogram Nasyonal Asirans pou Inondasyon nan eta, apeprè 50 pousan nan mèt kay Florid yo kap viv andedan Zòn Spesyal Danje pou Inondasyon te gen asirans pou inondasyon anvan Irma te fè dega nan dat 10 Septanm 2017.
Nan dat 26 Desanm 2017, yo te depoze plis pase 27,690 reklamasyon NFIP pou domaj siklòn Irma te koze, e 80.63 pousan ladan yo te fèmen. Yo te peye detantè asirans yo plis pase $609 milyon dola.
NFIP se yon pwogram federal Kongrè a te kreye pou diminye evantyèl pèt akoz inondasyon nan tout peyi a atravè òdonans kontriksyon kominotè ranfòse ak zonaj. Li bay aksè a yon pwoteksyon a bon mache kont inondasyon ke gouvènman federal la finanse pou mèt kay yo.
NFIP pa ka peye yon reklamasyon si ou pa gen yon asirans ki anvigè nan lè domaj la te rive. Jeneralman yon nouvo asirans pou inondasyon pran jiska 30 jou pou l efektif apre ou fin achte l.
Jeneralman domaj pou Inondasyon pa kouvri anba kontra asirans yon mèt kay; verifye avèk ajan w oswa konpayi an pou jwenn detay ak pwoteksyon ak règleman sou inondasyon.
Preske 25 pousan nan reklamasyon pou asirans inondasyon ki soti nan zòn ki gen risk modere ak elve te resevwa yon tyè nan tout asistans federal katastwòf pou inondasyon. Inondasyon ka fèt preske toupatou. Li rive nan zòn ki gen risk fèb a modere ansanm avèk risk ki elve. Menmsi wap viv nan yon zòn ki gen risk fèk ak modere, nou ankouraje w pou pran epi kenbe alafwa kay ou ansanm avèk sa ki gen ladann.
Si wap viv nan yon zòn ki gen risk elve pou inondasyon (rele Zòn Inondasyon Espesyal) ou gen obligasyon pou achte epi kenbe asirans inondasyon pou osi lontan ou gen yon ipotèk nan men yon pretè ki règlemante federalman. Toutfwa, nou ankouraje tout moun pou pran aisrans inondasyon.
Osi lontan ke kominote w patisipe nan NFIP, ou kalifye pou achte yon kontra asirans inondasyon, avèk menm kouvèti ou ta resevwa si ou tap viv nan yon zòn ki gen risk elve, menmsi ou pap viv nan yon zòn ki gen danje pou inondasyon. Yon Kontra Asirans Prefere pou risk (yon kontra asirans pou inondasyon ki a ba pri) founi alafwa pou bilding ak kontni kouvèti pou kay yo ki nan zòn ki gen risk fèb ak modere.
Si kominote w pa patisipe nan NFIP, ou ka anmezi pou achte asirans inondasyon prive. Pale avèk yon ajan asirans endepandan pou w jwenn detay. Pou enklizyon kominotè nan NFIP, kontakte otorite ki apwopriye nan kominote w, sètadi, majistra, manadjè ijans oswa manadjè zòn inondasyon. Otorite kominote w la ta dwe kontakte Kowòdonatè NFIP Eta Florid pou oryantasyon.
Si ou se yon lokatè e wap viv nan yon kominote ki patisipe nan NFIP ou ka jwenn asirans inondasyon pou kouvri bagay ki lakay ou oswa nan biznis ou.
Yon kontra asirans inondasyon pwoteje w finansyèman menm si yo pa deklare yon katastwòf prezidansyèl oswa si wap viv nan yon konte ki pa deziyen pou asistans federal.
Pou w jwenn enfòmasyon sou risk inondasyon ak asirans inondasyon vizite www.fema.gov/national-flood-insurance- program oswa rele 800-427-4661 pou vwa, 711 ak Sèvis Relè Videyo.
Pou w jwenn plis enfòmasyon sou rekiperasyon, vizite www.FEMA.gov/IrmaFL, oswa swiv nou nan @FEMARegion4 on Twitter ak sou FEMA’s Facebook page.
###
Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen ak sekouris nou yo pou asire ke antanke peyi nap travay ansanm pou bati, soutni ak amelyore kapasite nou pou prepare pou, pwoteje kont, reponn a, rekipere nan, ak diminye tout danje yo.
Asistans pou rekipere nan Katastwòf disponib san konte sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, Konpetans Angle oswa estati ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te sibi diskriminasyon, rele liy telefòn gratis FEMA nan 800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele 800-462-7585.
Asistans lojman tanporè FEMA ak sibvansyon pou depans transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa egzije pou moun nan aplike pou yon prè SBA. Toutfwa, aplikan yo ki resevwa aplikasyon prè SBA dwe soumèt yo a yon ofisye prè SBA pou yo ka kalifye pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon veyikil oswa ranplasman, ak depans pou demenaje ak estoraj.
###