ST. CROIX, Zile Vyèj – Gen plizyè pwogram federal ki nouvo oswa ki pwolonje ki disponib pou ede Abitan Zile Vyèj yo retabli apre pasaj siklòn Irma ak Maria.
Ajans FederalJesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) ak patnè federal li yo ap kontinye sipòe efò gouvènman teritoryal Zile Vyèj Ameriken yo ap fè pou ede sivivan siklòn yo sou wout pou yo refè. Sivivan yo ta dwe konnen egiztans pwogram sa yo:
Asistans ak manje: Sivivan ki elijib yo ki sou tout teritwa an kapab kòmanse aplike pou èd pou manje sou labaz Pwogram Asistans Nitrisyon Siplemantè Disaster Supplemental Nutrition Assistance Program, D-SNAP) Depatman Agrikilti Etazini (U.S. Department of Agriculture) an.
- Pouèt sivivan dezas gen bezwen ki san parèy, D-SNAP itilize diferan estanda pase Pwogram Asistans Nitrisyonèl Siplemantè (Supplemental Nutritional Assistance Program, SNAP) a. Moun ki pa ta kalifye nòmalman pou SNAP, gendwa kalifye pou D-SNAP.
- Abitan Zile Vyèj yo ki resevwa avantaj SNAP yo p ap bezwen enskri pou resevwa asistans sa a.
- Depatman Sèvis Imen Zile Vyèj (Virgin Islands Department of Human Services) ap aksepte aplikasyon D-SNAP yo nan tout sit aplikasyon li yo ki St. Croix, St. John ak St. Thomas.
- Peryòd aplikasyon an se lendi pou jedi, soti 6 rive 9 novanm, ak Lendi pou mèkredi, soti 13 rive 15 novanm.
Èd ak Medikaman: Depatman Etazini Sante ak Sèvis Imen (U.S. Department of Health and Human Services) ap ofri Pwogram Asistans ak Medikaman Preskripsyon pou Ijans (Emergency Prescription Assistance Program, EPAP) bay tout sivivan ki pa gen asirans pou asire ke medikaman yo jwenn aksè nan medikaman ak nan ekipman medikal.
- Pwogram gratis la bay yon rezèv medikaman ki garanti ak atik medikal pou 30 jou yo kapab renouvle chak 30 jou, depi pwogram la kontinye aktif.
- Abitan Zile Vyèj yo ki pa gen okenn tip asirans pou medikaman ak rpeskripsyon ta dwe rele nimewo gratis pou enrki nan EPAP ki se 855-793-7470.
Èd pou Chomaj apre yon Dezas: Dat limit la pou enskri pou Asistans Chomaj apre yon Dezas (Disaster Unemployment Assistance, DUA) pwolonje jiska 29 desanm pou sivivan yo ki te pèdi travay yo akòz Siklòn Irma oswa Siklòn Maria.
- Deptman Travay Zile Vyèj Ameriken yo ape de kandida yo aplike nan adrès li yo St. Croix ak St. Thomas ak nan Anèks St. John ki nan Lejislati USVI an.
Reparasyon Twa Tanporè: Kòporasyon Enjenyè Lame Etazini (U.S. Army Corps of Engineers, USACE) ap jere Operasyon Twa Ble (Operation Blue Roof) an kolaborasyon ak FEMA epi ak gouvènman Zile Vyèj Ameriken yo pou ofri pwopriyetè kay siklòn yo te afekte bach plastik twal ble ki ranfòse ak fib pou yo ka kouvri twa ki domaje yo jiskaske yo akpab fè reparasyon pèmanan.
- Yo te pwolonje dat limit la pou aplike pou pwogram Operasyon Twa Ble a jiska 23 novanm.
- Pwopriyetè kay yo dwe siyen yon fòm dwa antre (right of entry, ROE) avèk USACE, epi se pa tout tip twa yo ki kalifye pou pwogram lan.
- Si ou bezwen plis enfòmasyon oswa pou lokalize yon Sant ROE sou teritwa a, sivivan yo gendwa rele 888-ROOF-BLU (766-3258).
Asistans Endividyèl FEMA: Sivivan siklòn yo gen kounye an jiska 18 desanm pou enskri opre FEMA pou kapab resevwa èd potansyèl pou yo kapab refè sou labaz pwogram Asistans Endividyèl (Individual Assistance, IA) la, poutèt FEMA te apwouve demann gouvènman teritoryal la pou pwolonje dat limit enskripsyon pou toulede siklòn yo epi pou fè se menm dat la yo pral pran pou toulede dezas yo.
- Sivivan yo gendwa enskri opre FEMA pou asistans nan DisasterAssistance.gov, oswa yo ka rele nan 800-621-3362. Moun ki gen yon andikap pou pale oswa ki di pou tande epi ki sèvi ak TTY ta dwe rele nan 800-462-7585 dirèkteman. Moun ki sèvi ak 711 oswa Sèvis Relè Videyo (Video Relay Service, VRS) gendwa rele nan 800-621-3362.
- Nimewog ratis sa yo mache soti 7è AM rive 11è PM (è lokal) 7 jou sou 7. Operatè yo pare pou ede sivivan yo nan plizyè lang.
Prè Lajan pou Dezas: Administrasyon TiBiznis Ameriken (U.S. Small Business Administration, SBA) te pwolonje dat limit la jiska 18 desanm pou pwopriyetè kay, lokatè ak pwopriyetè biznis pou yo ka aplike pou prè lajan dezas ki gen yon enterè ki ba apre pasaj siklòn Irma ak Maria.
- Pwopriyetè kay yo gendwa prete jiska $200,000 nan men SBA pou repare oswa ranplase rezidans prensipal yo. Pwopriyetè kay ak lokatè yo gendwa prete jiska $40,000 pou repare owa ranplase pwopriyete pèsonèl. Biznis yo gendwa prete jiska $2 milyon dola pou nenpòt konbinezon domaj pwopriyete oswa pèt ekonomik.
- Aplikan yo gendwa aplike sou Entènèt nan wèbsayt sekirize SBA an nan https://disasterloan.sba.gov/ela. Gen enfòmasyon asistans adisyonèl poy dezas ki disponib nan www.sba.gov/disaster-assistance.
- Aplikan yo gendwa rele Sant Sèvis Kliyan SBA an nan 800-659-2955 oswa voye yon imèl nan disastercustomerservice@sba.gov pou jwenn plis enfòmasyon osijè asistans dezas SBA an. Moun ki soud oswa ki di pou tande ta dwe rele 800-877-8339.
Reparasyon Lojman Moun Lwe: Pou ede sivivan dezas yo jwenn yon kote pou abite tanporèman ki san danje ak sekirizere, pwogram FEMA an ki rele Lwe bay Plizyè Fanmi ak Repare (Multi-Family Lease and Repair, MLR) ap lanse yon apèl pou pwopriyetè lojman pou plizyè fanmi ki bezwen reparasyon.
- Pwogram la bay lajan pou fè ke inite yo konn lwe rekòmanse vin abitab, epi anmenm tan pou ede sivivan siklòn Irma ak Maria yo.
- Pou kalifye pou pwogram la, se ou lojman yo gen ta (3) oswa plis inite epi li te dwe sèvi anvan sa kòm yon bilding ki gen apatman pou lwe. Gen lòt kritè ki aplike tou.
- Reparasyon oswa amelyorasyon ki nesesè yo pa oblije an rapò ak siklòn oswa inondasyon.
- Pwopriyetè bilding ki ta enterese pou yo konsidere pwopriyete yo ki gen apatman pou lwe yo ta dwe kontakte Pwogram Lwe bay Plizyè Fanmi epi Repare pa imèl nan FEMA-USVI-MLR@fema.dhs.gov.
###
Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).
Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.
Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.fema.gov/hurricane-irma, www.informusvi.com oswa nan www.usviupdate.com. Swiv nou sou twitter @femaregion2.
Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org. Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org.