FEMA Ka Ede Peye pou Sèten Nesesite ki Gen Rapò ak Dezas

Release Date Release Number
DR-4337-FL NR 014
Release Date:
September 19, 2017

TALLAHASSEE, Fla. – Sivivan Siklòn Irma ak konsekans li yo pwobableman konnen ke FEMA bay asistans finansye ak dirèk pou lojman ki afekte nan dezas ak bezwen pwopriyete pèsonèl asirans okenn lòt sous pa kouvri.  Men yo bezwen konnen ke asistans FEMA ka gen ladann ranbousman tou pou dèlko ak si elektrik pou ede nan netwayaj ak sekirite.

Dèlko

Moun ki te gen delko avan dezas la ki vin deranje akoz dezas la ka kalifye pou yo jwenn asistans finansye pou yo repare oswa ranplase dèko a.

Moun ki te achte oswa lwe yon dèlko pou konekte aparèy medikal kalifye si yo te achte oswa lwe dèlko a akoz yo  pat gen kouran akoz yon deklarasyon ijans Prezidansyèl oswa yon gwo dezas epi:

  • Kay aplikan an ki anrejistre a se kay prensipal li e li nan yon zòn ki deziyen pou resevwa Asistans Endividyèl;
  • Bay prèv acha oswa resi lokasyon dèlko a; epi
  • Bay yon deklarasyon founisè medikal ki di ke dèlko a nesesè pou sèvis medikal.

Si elektrik

Nenpòt moun ki gen yon si elektrik ki gate akoz dezas la ka kalifye pou resevwa asistans finansye pou repare oswa ranplase si elektrik la.

Si elektrik yo achte apre dezas la dwe nesesè pou bay aksè pou soti oswa rantre nan kay la ak/oswa pou retire danje siklòn nan lakoz nan kay la. Yap aplike règleman pou prèv acha ak pwopriyetè tou.

FEMA pa kopye benefis si ranbousman pou ekipman an te fèt pa yon lòt sous.

###

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen ak sekouris nou yo pou asire ke nou travay ansanm kòm yon nasyon pou nou bati, kenbe ak amelyore kapasite pou nou prepare, pwoteje kont, reponn nan, rekipere ak minimize tout danje yo.

Asistans rekiperasyon dezas disponib sans konsiderasyon pou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, pèfòmans nan lang Anglè oswa kondisyon ekonomik. Si ou menm oswa yon moun ou konnen sibi diskriminasyon, rele nimewo gratis FEMA a nan 800-621-3362 oswa TTY nan 800-462-7585.

(PLIS)

FEMA Ka Ede Peye pou Sèten Nesesite ki gen rapò ak Dezas – Paj 2

Asistans rekiperasyon dezas disponib sans konsiderasyon pou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, pèfòmans nan lang Anglè oswa kondisyon ekonomik. Si ou menm oswa yon moun ou konnen sibi diskriminasyon, rele nimewo gratis FEMA a nan 800-621-3362 oswa TTY nan 800-462-7585.

Asistans pou lojman tanporè FEMA ak sibvansyon pou depans transpò piblik, medikal ak dantè, ak depans antèman ak antèman pa mande pou moun yo aplike pou yon prè  SBA.  Sepandan, aplikan ki resevwa yon aplikasyon prè SBA dwe soumèt yo bay yon ofisye SBA pou yo ka kalifye pou asistans ki kouvri  pwopriyete pèsonèl, reparasyon machin oswa ranplasman, ak demenajman ak depans pou depo.

###

 

Tags:
Dènye mizajou