ORLANDO, Fla. – Yon sant pou retablisman akoz katastwòf (Disaster Recovery Center, DRC) pral ouvri nan konte Hamilton pou ede sivivan siklòn Irma yo pou yon semèn akòmanse mèkredi 17 janvye a 10 è dimaten.
Sant pou retablisman akoz katastwòf ofri sipò endividyèl pou moun ak pwopriyetè ti antrepriz. Lè sèvis yo pral ouvri apati 7 a.m. jiska 7 p.m. jiska mèkredi 24 janvye. Sant lan pral fèmen dimanch. DRC a pral sitiye l nan:
County Courthouse Annex
1153 NW US Highway 41
Jasper, FL 32052
Espesyalis nan domèn retablisman nan Ajans Federal pou Jesyon Kadijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA), Administrasyon Ti Antrepriz Ozetazini (U.S. Small Business Administration, SBA) ak leta Florid pral disponib pou bay asistans pou sivivan ki vle aplike nan FEMA, ki bezwen enfòmasyon sou aplikasyon yo, ki bezwen aprann sou pwosesis apèl la oswa ki bezwen mete estati yo ajou. Sivivan ki te deja aplike pou asistans nan FEMA pa bezwen anrejistre ankò, men yo ka vizite sant lan si yo gen kesyon konsènan retablisman yo.
Sivivan katastwòf yo ki soud, ki gen difikilte pou tande, oswa ki gen difikilte pou pale epi ki itilize yon TTY ka rele 800-462-7585 pou anrejistre. Moun ki itilize 711 oswa Video Relay Service, oswa ki bezwen akomodasyon pandan y ap vizite yon sant ka rele 800-621-3362. Tout sant pou retablisman akoz katastwòf yo aksesib epi yo ekipe avèk zouti pou akomode sivivan katastwòf yo ki bezwen èd pou kominikasyon ki gen rapò ak andikap yo. Chak sant pou retablisman akoz katastwòf genyen teknoloji pou ede moun ki gen andikap.
Nou ofri tradiksyon lang atravè sèvis entèpretasyon telefonik nan 200 lang. Pou plis enfòmasyon sou siklòn Irma ak retablisman nan Florid, vizite www.FEMA.gov/IrmaFL, Kont Twitter @FEMARegion4, oswa sitwèb Florida Division of Emergency Management.
###
Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou yo ak premye sekouris yo pou asire antanke yon nasyon nou travay ansam pou bati, mentni epi amelyore kapasite nou pou n prepare n pou tout danje, pwoteje kont tout danje, reponn a tout danje, rekipere de tout danje epi aleje tout danje.
Asistans pou retablisman akoz katastwòf la disponib san nou pa gade sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, konpetans nan lang anglè oswa estati ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele 800-462-7585.
Asistans lojman tanporè FEMA a ak sibvansyon pou depans pou transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa mande pou yon moun aplike pou prete lajan nan SBA. Sepandan, kandida ki resevwa aplikasyon pou prete lajan nan SBA dwe soumèt aplikasyon sa yo bay responsab kredi SBA yo pou yo ka elijib pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon machin oswa ranplasman machin, ak depans pou demenajman ak pou mete bagay nan depo.
###