ORLANDO, Fla. – Espesyalis FEMA yo pral disponib nan lokal ki anba yo pou reponn kesyon epi ofri konsèy sou teknik pou bati kay ki rezistan pou danje epi ede anpeche oswa redwi danje nan pwochen katastwòf yo. Pifò enfòmasyon yo oryante nan travay ou ka fè poukont ou ak kontraktè jeneral. Sijè ki kouvri yo gen ladan asirans pou inondasyon, rebati kay ki inonde, ak elevasyon sèvis piblik.
Livrè referans gratis avèk enfòmasyon osijè pou pwoteje yon kay kont domaj inondasyon pral disponib tou. Wap jwenn plis enfòmasyon sou kijan pou pwoteje kay ou nan www.fema.gov/protect-your-property.
Konseye FEMA yo pral disponib nan magazen ki annaprè yo apati 27 Novanm – 9 Desanm 2017:
Konte | Lokal | Èdtan |
Broward | Home Depot 750 N University Drive Coral Springs, FL 33071 | Lendi-Dimanch 7:30 a.m.—6:00 p.m. |
Collier | Lowe's 12730 Tamiami Trail East Naples, FL 34113 | Lendi-Dimanch 7:30 a.m.—6:00 p.m. |
Marion | Lowe's 3535 SW 36th Ave. Ocala, FL 34474 | Lendi-Dimanch 7:30 a.m.—6:00 p.m. |
Polk | Lowe's 37051 US Highway 27 Haines City, FL 33844 | Lendi-Dimanch 7:30 a.m.—6:00 p.m. |
###
Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou yo ansanm avèk sekouris yo pou asire ke antanke yon peyi nou travay ansanm pou bati, soutni ak amelyore kapasite nou pou prepare pou, pwoteje kont, reponn a, rekipere nan, ak diminye tout danje yo.
Asistans pou rekipere nan Katastwòf disponib san konte sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, Konpetans Angle oswa estati ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te sibi diskriminasyon, rele liy telefòn gratis FEMA nan 800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele 800-462-7585.
Asistans lojman tanporè FEMA ak sibvansyon pou depans transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa egzije pou moun nan aplike pou yon prè SBA. Toutfwa, aplikan yo ki resevwa aplikasyon prè SBA dwe soumèt yo a yon ofisye prè SBA pou yo ka kalifye pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon veyikil oswa ranplasman, ak depans pou demenaje ak estoraj.
###