FEMA Vle Anboche Abitan Zile Vyèj yo pou Patisipe nan Aktivite Redrèsman apre Pasaj Siklòn yo

Release Date Release Number
NR 024
Release Date:
Oktòb 20, 2017

ST. CROIX, Virgin Islands – Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) vle anboche plizyè douzèn Abitan Zile Vyèj Ameriken kòm anplwaye tanporè pou patisipe nan retablisman sitiyasyon an apre pasaj siklòn Irma ak Maria. Djòb yo pral disponib nan St. Croix, St. John ak St. Thomas.

FEMA bezwen divès kalite travayè espesyalize, ikonpri asistans administratif, espesyalis kominikasyon, mesaje, anplwaye nan etablsiman ak travayè ki gen lòt espesyalizasyon toujou. Moun yo pral anboche lokalman ak tabporèman yo gendwa anboche pandan yon dire kontra ki 120 jou, yo kapab pwolonje pandan yon laen maksimòm.

Travayè nan Zile Vyèj yo pral kontrinye konesans ak konpetans kritik nan aktivite redrèsman ak rekonstriksyon yo andedan kominote yo. Lè FEMA anboche moun ki souplas, sa pèmèt sivivan dezas yo rekòmanse travay pandan y ap patisipe nan aktivite redrèsman alontèm lan epi pandan y ap ede teritwa a retabli jan li te ye anvan an. Moun yo anboche yo ap fè pati yon mendèv ki gen ladann travayè teritoryal, lokal ak federal, ajans volontè ak òganizasyon kominotè.

Rezidan yo ki enterese travay pou FEMA gendwa voye rezime yo nan fema-workforce-caribbean@fema.dhs.gov oswa yo gendwa deplase pou vin depoze rezime yo fas-a-fas nan adrès sila yo:

  • St. Thomas: Department of Labor, 2353 Kronprindsens Gade, soti 10è AM pou 4è PM. Lendi pou vandredi.
  • St. Croix: Department of Labor, 4401 Sion Farm Christiansted, soti 10è AM pou 4è PM. Lendi pou vandredi.
  • St. John: Virgin Islands Legislature, St. John Annex, 1D Cruz Bay, soti 10è AM pou 4è PM. Lendi pou vandredi.

Rezidan yo ki te deja kòmanse depoze rezime (CV) yo nan adrès Depatman Travay yo kapab kontinye fè sa pandan orè biwo yo. Tout adrès yo ap rete fèmen jou dimanch 22 oktòb.

Asistans ak Demann Aplikasyon yo

Anplwaye Relasyon Imèn FEMA yo ap disponib sou tout twa (3) zile yo pou ranmase rezime yo epi pou ede tout moun ki bezwen èd pou ranpli aplikasyon yo. Anplwaye Relasyon Imèn yo pral disponib pou ou nan:

  • St. Croix Department of Labor samdi 21 oktòb, soti 10è AM rive 4è PM ak lendi 23 oktòb, soti 10è AM rive 2è PM.
  • St. Thomas Department of Labor lendi 23 oktòb, soti 10è AM rive 4è PM.
  • St. John Virgin Islands Legislature madi, 24 oktòb, soti 10è AM rive 4è PM

Chak adrès DOL pral gen fèy aplikasyon ki disponib pou kandida yo kapab ranpli. Kandida yo gendwa vini epi ranpli yon demann aplikasyon si yo pa kapab enprime youn oubyen yo ka depoze rezime yo. Yo p ap mande okenn lòt dokiman ni papye pou depoze rezime a.

Fason pou Kontakte Kandida yo epi Pwogramasyon Entèvyou a

Anplwaye Relasyon Imèn FEMA ap kòmanse kontakte kandida yo nan telefòn ak nan imèl pou pwograme entèvyou, epi yo pral kontinye fè sa koumanse 7è AM rive 7è PM jodia jiska lendi 23 oktòb. Yo pral eseye kontakte kandida yo plizyè fwa men yo p ap kite okenn mesaj nan mesajri vokal ni yo p ap voye okenn mesaj tèks.

Yo pral kontinye eseye pwograme randevou jiska 12è PM (midi) nan jou ki pwograme pou entèvyou pou zile sa a. Yo pral fè koutil yo jiska midi nan dat ki endike annapre la a:

  • St. Croix jiska madi 24 oktòb
  • St. Thomas jiska mèkredi 25 oktòb
  • St. John jiska jedi, 26 oktòb

Yo pral òganize entèvyou yo semèn pwochèn ant mèkredi 25 oktòb ak vandredi 27 oktòb.

Moun k ap aplike yo pa seleksyone pou yon pozisyon pral resevwa yon lèt nan kourye lapòs Sèvis Postal Etazini (U.S. Postal Service) pral mennen pou ou.

Al gade nan paj Facebook Zile Vyèj Ameriken FEMA an nan www.Facebook.com/FEMAUSVirginIslands.com pou jwenn enfòmasyon ki ajou konsènan pwosesis anbochaj moun ki souplas (lokal) la.

###

FEMA angaje li pou anboche yon mendèv ki wotman kalifye ki reprezante divèsite nasyon nou an. Nou pral konsidere aplikasyon tout kandida san nou pa gade ras, koulè, orijin zansèt moun lan, si se fi oswa gason, laj, afilyasyon politik, andikap fizik ki pa diskalifye kandida a, oryantasyon seksyèl ak nenpòt lòt faktè ki pa baze sou merit. Gouvènman federal se yon anplwayè ki bay tout moun menm chans egalego nan anplwa epi ki pa fè diskriminasyon.

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.fema.gov/hurricane-irma, www.informusvi.com oswa nan www.usviupdate.com. Swiv nou sou twitter @femaregion2.

 

 

Tags:
Dènye Mizajou