Rimè:FEMA ap ba tout moun ki afekte pa Siklòn Ida $500.

Reyalite

Sivivan yo ki gen domaj akoz tanpèt la nan konte yo ki anba yon deklarasyon katastwòf federal ka aplike pou asistans katastwòf. Asistans lojman disponib pou aplikan ki elijib yo.

FEMA ka bay Asistans Enpòtan pou Bezwen sivivan Siklòn Ida yo ki te anrejistre avèk FEMA pou asistans ak bezwen enpòtan ak imedyat.

Bezwen imedyat oswa enpòtan se atik pou sove ak pou soutni lavi enkli dlo, manje, premye swen, preskripsyon, lèt tibebe, kouchèt, materyèl medikal konsomab, ekipman medikal dirab, ijyèn pèsonèl ak gaz pou transpòtasyon.

CNA limite nan $500 pou chak fanmi ki elijib e fon yo se yon prim yonsèl fwa.  Rezidan ki nan pawas ki te resevwa deklarasyon katastwòf federal yo ka aplike pou asistans nan DisasterAssistance.gov, atravè aplikasyon FEMA oswa lè ou rele 800-621-3362.

Dènye mizajou