Ki Kalite Asistans FEMA ka Pote pou Sivivan Siklòn Ian yo?

Release Date:
October 1, 2022

Ranbousman Depans Lojman

Nan kad pwogram Endividyèl ak Fwaye FEMA a, depans lojman gendwa kalifye pou ranbousman si yon kandida:

  • Verifye okipasyon yon rezidans prensipal nan yon konte nome.
  • Verifye ke rezidans prensipal la inabitab oswa inaksesib akoz Siklòn Ian.

Asistans Lwaye pou Lojman Tanporè

FEMA gendwa kapab lwe, sa ki genyen ladann depo sekirite si rezidans prensipal la vin inabitab akoz tanpèt la. Asistans lan genyen ladann sèvis piblik ki esansyèl yo tankou elektrisite ak dlo.

Reparasyon Majè ak Depans ki Soti nan Pòch

Pwogram asistans Endividyèl ak Fwaye FEMA fèt nan entansyon pou reponn ak bezwen fondamantal fwaye w, pa pou restore kay ou ak tout atik pwopriyete pèsonèl ou pou yo vin nan menm kondisyon avan siklòn nan.

  • "Asistans Lojman" kouvri reparasyon ak pati estriktirèl kay ou. Sa genyen ladann fenèt, pòt, planche, mi, plafon, kabinèt, chofaj, vantilasyon ak sistèm klimatizasyon, sèvis piblik (elektrisite, plonbri ak sistèm gaz la), ak chemen antre yo. FEMA gendwa ranbouse tou pou reparasyon oswa ranplasman pou founo, pui ak sistèm septik.
  • "Bezwen Lòt Asistans" gendwa bay asistans ak pwopriyetè kay ak lokatè pou depans ki gen rapò ak siklòn nan ki pa asire oswa ki pa genyen ase asirans tankou:
  • Depans medikal ak dantè, depans fineray ak antèman, reparasyon, netwayaj, oswa ranplasman rad, mèb ak aparèy kay, zouti espesyalize ke w itilize nan travay ou, materyèl edikasyon ak demenajman, estokaj ak lòt depans nesesè ki gen rapò ak Siklòn Ian.
  • Machin ak kamyonèt ou ke dezas la andomaje gendwa kalifye tou pou reparasyon oswa ranplasman FEMA.
  • FEMA gendwa kapab ranbouse kandida ki te lwe oswa achte jeneratris pou rezidans prensipal yo pandan entèripsyon kouran ke Siklòn Ian lakoz.

Aplike nan FEMA

  • Pou kalifye pou nenpòt pwogram Asistans Endividyèl FEMA, ou dwe aplike nan FEMA. Aplike sou entènèt sou DisasterAssistance.gov, telechaje Aplikasyon FEMA pou aparèy mobil, oswa rele gratis nan 800-621-3362.Si w apitilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (VRS), sèvis telefòn soutitre oswa lòt, bay FEMA nimewo pou  sèvis sa a.

 

Pou yon videyo aksesib sou kòman pou w aplike pou asistans ale sou, youtube.com/watch?v=WZGpWI2RCNw.

Tags:
Dènye mizajou