BATON ROUGE, La. – Si ou te achte asirans inondasyon nan Pwogram Nasyonal Asirans Inondasyon e ou te depoze yon reklamasyon pou domaj inondasyon, li enpòtan ke ou soumèt Fòm Prèv Pèt la nan lespas 60 jou apre dat pèt la.
Pran tan pou ranpli fòm nan epi kolekte dokiman sipò yo:
- Ou bezwen pou bay dokiman sipò yo avèk fòm lan, tankou estimasyon domaj nan bilding ak yon lis envantè sou pèt pèsonèl nan pwopriyete.
- Pa bliye siyen l.
Menmsi ou pa satisfè avèk estimasyon pèt espesyalis la, li enpòtan ke ou soumèt Prèv Pèt la nan lespas 60 jou apre dat pèt la:
- Espesyalis ou an ap ba ou yon estimasyon detaye sou pèt la, e ou ta dwe revize l pou wè si yo bliye nenpòt bagay oswa si gen yon erè.
- Espesyalis ou an ka ba ou yon fòm Prèv sou pèt la epi ede w ranpli l. Ou ka soumèt fòm sa a, menmsi ou panse espesyalis la te manke sèten eleman, paske ou ka soumèt yon reklamasyon siplemantè nan pita.
- Oswa, ou ka ranpli yon fòm Prèv sou Pèt la poukont ou.
Pou w jwenn plis enfòmasyon, kontakte ajan asirans ou, vizite FloodSmart.gov oswa rele NFIP nan 877-336-2627.
Pou w jwenn dènye enfòmasyon sou Siklòn Laura, vizite www.fema.gov/disaster/4559 oswa swiv kont Twitter Rejyon 6 FEMA nan twitter.com/FEMARegion6.