Nouvèl & Laprès: Dezas 4340

world globe

Nòt Laprès & Fich Enfòmasyon

37

ST. CROIX, Zile Vyèj Ameriken yo -- Prezans de siklòn Kategori 5 yo sou teritwa an nan espas 14 jou te lakòz anpil dega sou plizyè milye kay abitan Zile Vyèj yo epi yo te fè anpil dega sou sektè sèvis esansyèl teritwa an nan mwa Septanm 2017. Aliminyòm ondile nan twati yo ak debri vejetal yo te monte youn sou lòt, plizyè milye kay pa t kapab resevwa kouran epi gwo enstalasyon medikal yo te sibi dega toupatou sou teritwa an.
illustration of page of paper Nòt Laprès |
Administratè Enterimè Rejyon II Thomas Fargione konsantre sou fason FEMA te kapab ranfòse sipò pou repons ak katastwòf ak Gouvènè Albert Bryan Jr ak lòt lidè nan Teritwa a pandan reyinyon Konsèy Jesyon Ijans chak mwa nan Ajans Jesyon Ijans Teritwa Zile Vyèj (V.I. Territorial Emergency Management Agency, VITEMA) bati sou St Thomas.
illustration of page of paper Nòt Laprès |
Yon fokalizasyon sou bati pi solid ak plis entelijans te pouse pwojè rekiperasyon yo pi devan pandan sezon prentan ki sot pase a pou ranfòse rezilyans santral elektrik Teritwa a, revitalize lojman kominotè siklòn te andomaje ak reparasyon wout ki fèt pou reziste anba siklòn.
illustration of page of paper Nòt Laprès |
Ajans Jesyon Ijans Federal te nome Kristen Hodge pou sèvi antanke Direktè Biwo Rekiperasyon Komen pou Zile Vyèj Etazini. Direktè Hodge te ofisyèlman kòmanse 20 jen 2021 epi li pral konsantre sou priyorite Teritwa a pou fè reparasyon ak rebati enfrastrikti li yo epi konsantre sou ekite pou yon rekiperasyon ki benefisye tout kominote a.
illustration of page of paper Nòt Laprès |
FEMA, Biwo Restorasyon Dezas (Office of Disaster Recovery) ak Ajans Rejyonal Jesyon Ijans Zile Vyèj Ameriken yo kontinye mete tèt yo ansanm pou lite kont dega katastwòf yo fè, rekonstriksyon ak miltiplikasyon dega yo. Objektif sa a debouche sou yon vèsman $93,03 milyon dola pou kèk pwojè ki la pou diminye kantite moun k ap mouri ak kantite materyèl k ap kraze pandan moman katastwòf natirèl yo, nan kad Pwogram Sibvasyon Diminisyon Risk FEMA a.
illustration of page of paper Nòt Laprès |

PDFs, Grafik & Miltimedya

Vizite Bwat Zouti Medya pou jwenn aksè nan kontni rezo sosyal ak videyo pou fasilite kominikasyon sou rekiperasyon dezas an jeneral.

Pa gen ankenn fichye ki klase nan lang sa a sou dezas sa a.