Nouvèl & Laprès: Dezas 4340

world globe

Nòt Laprès & Fich Enfòmasyon

37

Patenarya Teritwa a ansanm ak FEMA kontinye avanse nan inisyativ ki pran pou gen asirans kominote lojman piblik yo ap gen mwayen pou diminye risk yo yon fason pou lojman yo ka plis an sekirite pou fanmi yo epi pou yo ka pi byen reziste ak tanpèt k ap rive yo. kounye a, Otorite ki responsab lojman sou Zile Vyèj yo kapab kontinye pwojè yo genyen pou ranfòse twati, pòt, ak fenèt yo nan konplèks lojman Frederiksted la, grasa apwobasyon FEMA pou yon montan 24.4 milyon dola pou dezyèm faz nan yon pwojè renovasyon ewolyèn nan Paviyon Walter I.M. Hodge nan.
illustration of page of paper Nòt Laprès |
Jodi a se pi bon jou pou ou menm ansanm ak fanmi w kòmanse fè preparasyon pou sezon siklòn ki pral rive nan Atlantik la. Pandan semèn nasyonal preparasyon pou siklòn yo, gade pou w wè pèsonèlman nan ki degre w riske, aplike plan kominikasyon ijans pou fanmi w lan, kòmanse renouvle kit pou ijans ou a epi egzamine plan pou asirans ou yo.
illustration of page of paper Nòt Laprès |
Gras ak yon kolaborasyon ant FEMA ak teritwa a pou ranfòse yon kilti rezistans nou te rive apwouve, nan mwa fevriye a, yon anvlòp $14.5 milyon dola nou plase nan travay pèmanan pou sipòte pwojè rekiperasyon apre siklòn 2017 yo. 14,5 milyon dola a gen ladan li 10,3 milyon dola pou ranfòse rezo elektrik teritwa a ak 3,3 milyon dola pou reparasyon enstalasyon nan lekòl yo.
illustration of page of paper Nòt Laprès |
Van ak lapli Siklòn Maria te kite Lekòl Segondè Arthur Richards tou kraze nan mwa septanm 2017. Pou FEMA ak Territory, evalyasyon domaj nan sis batiman ak tèren lekòl la, kolaborasyon pou konstwi salklas pa modil pwovizwa pou timoun yo epi ranplase lekòl la nèt te yon priyorite.
illustration of page of paper Nòt Laprès |
FEMA kontinye kowòdone resous ak Zile Vyèj Ameriken yo (U.S. Virgin Islands), nan lide pou ranfòse rezo elektrik teritwa a epi rann enfrastrikti kominikasyon li yo pi rezistan. Pandan mwa sa a, yo te apwouve apeprè $21 milyon atravè Pwogram Asistans Piblik la (Public Assistance Program), pou reparasyon pèmanan rezo elektrik St. John lan, enfrastrikti Entènèt St. Croix a ak sant operasyon ijans St. Thomas a.
illustration of page of paper Nòt Laprès |

PDFs, Grafik & Miltimedya

Vizite Bwat Zouti Medya pou jwenn aksè nan kontni rezo sosyal ak videyo pou fasilite kominikasyon sou rekiperasyon dezas an jeneral.

Pa gen ankenn fichye ki klase nan lang sa a sou dezas sa a.