N ap Akselere ak Pwogrè nan domèn Enèji ak Edikasyon yo nan zile Vyèj Ameriken

Release Date Release Number
192
Release Date:
March 8, 2022

ST. CROIX, Zile Vyèj Ameriken –- Gras ak yon kolaborasyon ant FEMA ak teritwa a pou ranfòse yon kilti rezistans nou te rive apwouve, nan mwa fevriye a, yon anvlòp $14.5 milyon dola nou plase nan travay pèmanan pou sipòte pwojè rekiperasyon apre siklòn 2017 yo. 14,5 milyon dola a gen ladan li 10,3 milyon dola pou ranfòse rezo elektrik teritwa a ak 3,3 milyon dola pou reparasyon enstalasyon nan lekòl yo.  

Pwojè enèji nou te apwouve mwa pase, atravè Pwogram Asistans Piblik la, gen ladan li $10 milyon dola ki pral sèvi pou fè reparasyon nan Soustasyon East End lan, nan St. Thomas. Soustasyon an, ki distribye kouran nan St. Thomas' East End ak St. John, te domaje akoz lapli van te pouse melanje ak dlo sale pandan siklòn Irma ak Maria.

Pwojè soustasyon an gen ladan li 9,7 milyon dola ki ale nan mezi pou rediksyon risk pou ranplase aparèy entèriptè li yo pa yon entèriptè izole ki sèvi ak gaz, pou konstwi yon batiman pou loje relè pwoteksyon yo ansanm ak aparèy kominikasyon pou fasilite pwoteksyon ekipman elektrik.

Reparasyon y ap fè nan estasyon an gen ladan yo tou enstalasyon yon dèlko pou ijans ak yon chanm pou dèlko, epi konstriksyon yon batiman pou mete yon aparèy entèriptè, ki fèt an beton, ki pral ranplase batiman ki fèt ak aliminyòm ki egziste deja yo.

Yon entèriptè kontwole, pwoteje ak izole ekipman elektrik. Yon relè se yon entèriptè ki kontwole kouran ak vòltaj pou voye yon siyal bay yon dijonktè pou anpeche ekipman ki nan batiman kote aparèy entèriptè izole ki sèvi ak gaz ki nan soustasyon an sibi domaj.

FEMA te apwouve yon anvlòp $334,377 tou, mwa pase a, ki pral sèvi pou repare transfòmatè ki distribiye kouran nan soustasyon an, ki ede estasyon an transmèt kouran nan St. Thomas’ East End ak St. John. Restorasyon soustasyon an rann sistèm elektrik la vin pi fyab epi li pèmèt yo retabli kouran pi rapid nan East End St. Thomas ak St. John.

Kolaborasyon ant FEMA ak University of the Virgin Islands sou aktivite reparasyon apre siklòn yo te vin pran plis enpòtans toujou, nan mwa pase a, lè nou te apwouve yon bidjè $2.9 milyon dola pou pwojè n ap reyalize sou Kanpis Orville E. Kean nan inivèsite St Thomas yo.

Pwojè nou apwouve pou kanpis inivèsite St. Thomas yo gen ladan yo reparasyon plizyè eleman nou jwenn nan Reichhold Center for the Arts, Batiman Sant Byennèt ak Paviyon Gastwonomi. Reichhold Center, ki te resevwa gwo atis ki gen anpil renome, tankou Natalie Cole, Itzhak Perlman, Ray Charles ak Celia Cruz, te rete fèmen apre l te fin sibi gwo domaj pandan siklòn 2017 yo.

  • Reparasyon eleman nou jwenn nan Reichhold Center yo pral gen ladan yo Sal A Afriken an, kès kote yo vann tikè yo, biwo direktè a, sèn nan, kabin kontwòl la ak chanm pou atis yo abiye yo. Patipasyon gouvènman federal la nan depans pou pwojè a se $1.3 milyon dola, pati depans ki pa sot nan gouvènman federal la se $148,784 epi lajan ki soti nan konpayi asirans lan se $537,781.
  • Nou te debloke $330,196 pou pwojè reparasyon Paviyon Gastwonomi an ki gen yon sèl etaj, kòb sa a ale nan mezi pou rediksyon risk pou pwoteje inite èkondisyone a kont debri van ak inondasyon, enstalasyon yon tiyo 6 pous pou kondui dlo desann ki fèk ak asye ki p ap wouye, ranplasman do kay la, yon kloti alantou vantilatè pou aspire sant grès ki nan kwizin nan, epi kòb sa a sèvi tou pou amelyore pano solè yo pou yo kapab reziste lè gen gwo van tanpèt.
  • Nou te apwouve yon pwojè ki koute $84,103, nan mwa pase a, pou ranplase twati, plafon, miray ak fenèt nan Batiman Sant Byennèt ki sou kanpis inivèsite St. Thomas a. Patipasyon gouvènman federal la nan depans pou pwojè a se $53,593 dola, pati depans ki pa sot nan gouvènman federal la se $5,954 dola epi konpayi asirans lan bay  $24,554 dola ki pral kouvri depans pou reparasyon Sant Byennèt la.

Nan tèt kole ak Depatman Edikasyon Zile Vyèj Ameriken yo (U.S. Virgin Islands Department of Educationte), nou te rive apwouve, nan mwa pase a, yon anvlòp $97,178 ki pral sèvi pou fè reparasyon nan depo kote yo estoke pwovizyon pou fè manje nan lekòl St. Croix yo. Pwojè a gen ladan li $4,614 ki ale nan mezi pou rediksyon risk pou enstale yon ti kaj pou mete ekipman kamera yo, yon fason pou diminye riks pou yo ta sibi domaj debri k ap vole. L ap sèvi tou pou enstale tiyo pou kondui dlo desann ak goutyè ki kapab reziste lè gen van, yon pòt ki kapab reziste nan van epi l ap sèvi pou achte penti van pa ka dekale pou pentire depo manje a. 

FEMA ap travay ak lekòl prive yo nan teritwa a, pandan l ap kontinye vanse ak aktivité rekiperasyon apre tanpèt 2017 yo. Nan mwa ki sot pase a, atravè Asistans Piblik, nou te apwouve yon fon ki pral sèvi pou remèt lajan ki depanse nan reparasyon pou Memorial Moravian School Corporation ak Antilles School, Inc.

FEMA pral bay yon anvlòp $947,533 ki pral sèvi pou reparasyon batiman Moravian School la, yon batiman de etaj ki fèt ak brik yo te konstwi nan lane 1882 nan Charlotte Amalie.

  • Mezi rediksyon risk pou pwojè Moravian School la gen ladan li ranplasman 32 fenèt jalouzi an vè, ki kraze, pa lòt fenèt ki kapab reziste ak gwo chòk pou van pa kraze yo nan lòt tanpèt ki gen pou vini yo. 
  • FEMA pral bay Antilles School yon anvlòp $586,976 ki pral sèvi pou fè reparasyon nan bibliyotèk la ak nan Batiman Mark C. Marin ki sou kanpis Frenchman’s Bay li a, nan St Thomas. Tapi, mi ak plafon, liv ak mèb ki anndan bibliyotèk la te sibi domaj labou ak dlo, epi sousòl Batiman Marin nan te inonde pandan de semèn apre Maria te fin pase an 2017.

N ap kontinye travay sou pwojè pou nou rann enfrasktriti swen sante yo sou teritwa a vin pi rezistan tou. Nan mwa fevriye a, FEMA te apwouve yon pwojè ki koute $797,796 pou fè reparasyon apre siklòn nan Batiman Administrasyon Depatman Maladi Transimisib John S. Moorehead ak nan batiman kote yo mete dèlko nan etablisman an, nan St. Thomas. Batiman Moorehead la, ki te konstwi nan lane 1910 kòm yon pati nan ansyen lopital olandè a, te andomaje akoz van ak debri Irma ak Maria te charye.

Yo pral ranplase twati, fenèt ak pòt konplèks Moorehead la, pandan y ap tou fè reparasyon nan espas resepsyon li an ak nan biwo administratif yo.

Depi 24 fevriye, FEMA te debloke $3,8 milya, atravè Asistans Piblik, ki pral sèvi pou kore jefò rekiperasyon k ap fèt sou teritwa a apre siklòn 2017 yo. 3,8 milya dola a gen ladan l 1,8 milya dola pou mezi pwoteksyon ijans, 1,5 milya dola pou travay pèmanan ak 508,3 milyon dola pou depans administratif.

Pwojè n ap reyalize, atravè Asistans Piblik, pou travay pèmanan yo gen ladan yo 622,8 milyon dola ki ale nan mezi pou rediksyon risk pou ede rann enfrastrikti nan Zile Vyèj Ameriken yo pi rezistan kont katastwòf.

Benefisyè k ap resevwa Asistans Piblik yo responsab pou yo jere lajan FEMA debloke yo, tankou remèt aplikan yo lajan yo. FEMA ap kontinye sipèvize pwogrè k ap fèt nan jefò rekiperasyon an pou nou asire nou ke, nan tout kominote a, enstitisyon ak moun ki kalifye yo resevwa èd yo alè, nan respè lalwa ak règleman federal yo.

White building with yellow paint on the stairs

FEMA te dekese $10 milyon nan mwa fevriye a pou transfòmasyon soustasyon East End la nan St. Thomas. Pwojè reparasyon soustasyon an, apre siklòn ki te frape li a, gen ladan li 9,7 milyon dola ki ale nan mezi pou rediksyon risk pou rann sistèm elektrik la vin pi fyab epi pèmèt yo retabli kouran pi rapid nan St. Thomas’ East End ak St. John. FEMA/Eric Adams

Tags:
Dènye mizajou