AVI FEMA SOU DWA SIVIL POU MANM PIBLIK LA
Notice Date |
---|
FEMA ka bay oswa finanse pwogram pou sipòte piblik la anvan, pandan ak apre yon katastwòf. Pwogram sa yo dwe respekte lwa Federal sou dwa sivil yo ak egzijans pou pa fè diskriminasyon nan Lwa Stafford la.
FEMA pa trete moun yon lòt jan akòz ras, koulè, orijin nasyonal, sèks, oryantasyon seksyèl, relijyon, laj, andikap, metriz lang Anglè oswa sitiyasyon ekonomik.
FEMA bay moun yo èd ak sèvis gratis pou ede yo kominike avèk nou epi konprann pwogram FEMA yo:
- Enfòmasyon yo disponib nan Bray, gwo karaktè oswa odyo
- Enfòmasyon yo disponib nan fòma elektwonik ki aksesib sou sitwèb FEMA a
- Entèprèt lang siy ki kalifye
- Entèprèt plizyè lang ki kalifye
- Enfòmasyon ki ekri nan lòt lang
Si ou bezwen èd pou gen aksè ak yon pwogram oswa sèvis FEMA oswa yon pwogram oswa sèvis FEMA finanse, tanpri kontakte FEMA nan 800-621-3362 (TTY: 800-462-7585), (833) 285-7448 [ Peze 1 pou Anglè, 2 pou Panyòl, 3 pou Liy Lang], oswa FEMA-CivilRightsOffice@fema.dhs.gov.
Si ou gen yon plent, ou dwe rapòte li nan entèval 180 jou apre swadizan zak diskriminasyon an. Pou rapòte yon preyokipasyon oswa plent sou diskriminasyon, tanpri
- rele FEMA nan (833) 285-7448 [ Peze 1 pou Anglè, 2 pou Panyòl, 3 pou Liy Lang]
- voye yon imèl bay FEMA-CivilRightsOffice@fema.dhs.gov ; oswa
- voye yon lèt ki eksplike pwoblèm nan bay:
FEMA OFFICE OF EQUAL RIGHTS
Civil Rights Division
500 C Street, SW
Room 4SW-0915
Washington, DC 20472
Pou kesyon sou èd pou katastwòf, tanpri rele Liy Èd FEMA a nan 800-621-3362 (TTY: 800-462-7585). Liy Èd FEMA a disponib pou tout sivivan katastwòf yo, ki gen ladan sila yo kote Anglè pa lang prensipal yo. Peze 2 pou Panyòl oswa rete sou liy lan pou jwenn plis opsyon lang.