Genyen de (2) semèn ki Rete pou Aplike pou Asistans FEMA

Release Date Release Number
011
Release Date:
Jiyè 2, 2024

FRAMINGHAM, MA – Dat limit pou rezidan Massachusetts ki te afekte anba gwo tanpèt ak inondasyon ki te fèt nan dat 11 pou rive 13 septanm 2023 a aplike pou asistans FEMA a se 15 jiyè. 

Pwopriyetè ak lokatè yo nan konte Bristol ak Worcester ki te sibi pèt ki pa gen asirans anba tanpèt ak inondasyon yo ka kalifye pou jwenn asistans finansyè pou lojman tanporè, reparasyon debaz nan kay yo, pèt byen pèsonèl ak lòt depans ki pa gen asirans ki lye ak katastwòf yo. Jiska jounen jodi a, yo te apwouve prèske $ 6 milyon pou 938 fwaye.

Moun ki te afekte anba katastwòf la ka aplike pou asistans FEMA a lè yo ale sou DisasterAssistance.gov, lè yo telechaje Aplikasyon FEMA a oswa lè yo rele 1-800-621-3362. Gen èd ki disponib nan majorite lang yo. Si w ap itilize yon sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), yon sèvis telefòn ki gen soutit oswa lòt sèvis relè, bay FEMA nimewo w ap itilize pou sèvis sa a lè w rele. Liy telefòn yo fonksyone sòti 7è a.m. pou rive 12è a.m. (minui), sèt (7) jou sou sèt (7). 

Moun ki t a renmen pale ak yon moun an pèsòn ka vizite yon Sant Rekiperasyon apre Katastwòf nan lokal ki vini annapre yo:

  • Bristol Community College, 11 Field Road nan Attleboro, Ki gen pou l sispann operasyon yo jou k ap 3 jiyè a 3è p.m 
  • Meri Leominster la nan 25 West Street. Ap rete louvri jiskaske yon nouvo avi ki pibliye di yon lòt bagay.
  • Orè DRC yo: 9è a.m. pou rive 6è p.m. Lendi pou rive Vandredi, 10è a.m. pou rive 3è p.m. jou Samdi

Sant yo aksesib pou moun ki gen andikap yo oswa moun ki pa ka pale Anglè byen yo oswa moun ki ka bezwen sèvis entèpretasyon pou Lang Siy Ameriken (American Sign Language, ASL). Enstalasyon yo ekipe avèk ekipman teknoloji ki pou bay asistans, pami yo, Entèpretasyon Videyo a Distans, materyèl ki an gwo karaktè oswa an bray epi sistèm pou koute ki anplifye. 

Si w bezwen yon amenajman rezonab, yon entèprèt lang siy, oswa asistans nan zafè tradiksyon oswa pou yon entèprèt, tanpri fè yon espesyalis FEMA ki nan sant lan konnen. Si yon sivivan yon Katastwòf pa ka vini nan DRC a, FEMA ap òganize yon vizit adomisil.

Pou jwenn dènye enfòmasyon yo ale sou 4780 | FEMA.gov. Swiv FEMA sou Twitter (X) sou twitter.com/femaregion1 ak sou Facebook sou facebook.com/fema.

Pou w jwenn mizajou sou operasyon sekou ak rekiperasyon yo nan Massachusetts, swiv Ajans pou Jesyon Ijans Massachusetts la sou Twitter (X) MEMA (@MassEMA) / X ak Facebook Massachusetts Emergency Management Agency (MEMA) | Facebook oswa ale sou Massachusetts Emergency Management Agency | Mass.gov..

Tags:
Dènye Mizajou