ST. CROIX, Zile Vyèj – Sivivan Zile Vyèj yo k ap netwaye ak rekonstwi aprè pasaj siklòn yo kapab resevwa konsèy gratis sou fason pou pwoteje kay yo kounye an epi pou fè yo pi solid kont lòt dezas ki gendwa rive pi devan nan evènman y ap òganize dimanch ki rele St. Croix Landmarks Society’s Starving Artists.
Espesyalis nan rediksyon risk yo ki soti nan Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) lan pral gen yon tab ki rezève pou yo nan evènman sa a soti 11è AM rive 4è PM dimanch. Adrès la se: Estate Whim Museum, 52 Estate Whim, Centerline Road, Frederiksted.
Espesyalis FEMA yo pral disponib pou ofri konsèy ak teknik – ansanm ak piblikasyon gratis – sou netwayaj mous ak mwazi nan kay ki inonde, epi bati kay ki rezistan kont danje yo. Pifò konsèy ak piblikasyon yo distribye nan estasyon enfòmasyon an oryante pou pwopriyetè kay k ap fè travo yomenm ak kontraktyèl jeneral yo.
Ofisye Kowòdinasyon Federal, William Vogel, panse ke: “FEMA voye ekspè rediksyon risk yo ale nan kominote yo paske nou konnen teknik yo gen po rezilta pou fè kay yo pi rezistan. Sivivan yo kip ran avantaj konsiltasyon yo pral pati vire do yo avèk kèk lide pwojè ki ekselan.”
Sijè ki an rapò avèk siklòn gendwa gen ladann lide pou metòd kontriksyon pou pwoteje kay yo kont gwo van, tankou sekirize twa ak revètman, epi itilizasyon konektè ekipman lou espesyal ak sipò lè pou fè chapant/kadraj la pou estrikti yo kapab pi solid pandan pi lontan.