ST. CROIX, Zile Vyèj – Aprè Siklòn Irma te devaste yon gwo pati nan St. Thomas ak St. John twa (3) mwa desa, St. Croix te tounen baz operasyon pou premye ekip entèvansyon yo, ki te demare misyon yo pou sove lavi ak pou pèmèt sivivan yo kenbe. Men aprè de (2) semèn, gwo van ak gwo lapli ki soti nan Siklòn Maria te fwape St. Croix fò, epi li te devaste plis enfrastrikti ak sèvis toujou. Siklòn Maria te vin kreye plis konplikasyon toujou pou antrave entèvansyon travayè ijans ak rezidan yo sou tout teritwa a.
Lè nou konsidere kokennchenn difikilte ki genyen lè de (2) siklòn Kategori 5 ki vini youn dèyè lòt, rezidan yo ap kòmanse wè siy vizib sitiyasyon an ap amelyore. Ekip travay yo met deyò sou wout yo pou enstale nouvo poto elektrik, magazen manje ak restoran yo louvri, timoun yo tounen lekòl, y ap ranmase debri yo epi reparasyon kay yo kòmanse.
Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) ap rete aktivman angaje nan kowòdinasyon aktivite entèvansyon federal yo epi l ap travay ak gouvènman teritoryal, federal ak patnè lokal yo, sektè prive a ak òganizasyon volontè pou ede retabli sèvis sou zile yo epi satisfè bezwen kominote a pou retabli ak rekonstwi.
Ofisye Kowòdinasyon Federal FEMA, William Vogel, di konse ke: “Nou gen anpil jou kote nou te fè anpil pwogrè epi n ap kontinye vanse vayaman nan divès zòn, menmsi nou gen anpil chemen pou n fè toujou. N ap kontinye fè tout sa nou kapab pou ede Abitan Zile Vyèj yo rekonstwi epi tounen pi solid toujou.”
Aprè pasaj siklòn yo nan mwa septanm, gen plizyè etap enpòtan yo te atenn. Jiskaprezan, gen plis pase
$244 milyon dola nan lajan federal pou redrèsman ak rekonstriksyon ki te apwouve pou teritwa a, ikonpri sibvansyon pou moun apa ak pou fanmi ansnam ak travo reparasyon ijans pou wout, elektrisite ak debri.
Nan kolaborasyon tèt ansanm ak gouvènman lokal la ak tout patnè kominotè yo, nou te akonpli anpil pwogrè nan plizyè sektè (kantite yo se apatide 6 desanm).
Prèske 50 pousan nan tout kliyan ki sou zile yo gen kouran kounye an. Pandan plizyè jou aprè pasaj siklòn yo, Abitan Zile Vyèj yo te prèske pa t gen okenn kouran ditou nan tout teritwa a. Kòporasyon Enjenyè Lame Etazini (U.S. Army Corps of Engineers, USACE) te enstale plis pase 170 jeneratris nan etablisman enpòtan yo, tankou lopital, izin tretman dlo ak lekòl yo. Grasa prèske $110 milyon dola yo te apwouve pou sibvansyon Asistans Piblik FEMA, Izin dlo ak elektrisite Zile Vyèj yo (Virgin Islands Water and Power Authority, WAPA) ap kontinye reparasyon ijans yo nan kab transmisyon ak tiyo distribisyon dlo nan tout zile yo.
FEMA, ansanm ak Depatman Etazini pou Enèji (U.S. Department of Energy) ak lòt patnè federal, te pote kab fil elektrik, poto elektrik ak plis pase 700 teknisyen ki enstale kab elektrik ki t ap travay sou kontinan an. Travayè adisyonèl sa a te ogmante kapasite reparasyon lokal WAPA an anpil, sa ki te pèmèt li ajoute anpil kliyan sou rezo elektrik la chak jou.
Aktivite Ranmasaj Debri te pwogrese piti pou piti grasa lajan FEMA ki te finanse plis pase $21 milyon dola pou ede degaje wout yo, sa ki te pèmèt yo transpòte machandiz, rezèv ak sèvis. Nan pami 851,000 vèj kib (metric cube) debri ki gen pou wè ak tanpèt la siklòn yo te simaye tout kote, yo te kolekte plis pase 332,000 vèj kib sou teritwa a jiska prezan.
Restorasyon sit sèvis selilè a atenn plis pase 75 pousan nan tout zile yo. Siklòn yo te pètibe liy telefonik terès yo, koneksyon entènèt ak sèvis selilè yo; tout te domaje anpil. Nan sèten zòn nan zile yo, pa t gen okenn sèvis kominikasyon ditou.
An kowoperasyon avèk Komisyon Sèvis Piblik Zile Vyèj (Virgin Islands Public Service Commission) la, yo te kreye yon Ekip Entegrasyon pou Siklòn (Hurricane Integration Team, HIT) pou kowòdone ak patnè federal yo, sektè prive ak teritwa a pou retabli sèvis san fil ak sèvis telefonik terès yo.
FEMA enstale ekipman kominikasyon fiks ak mobil pou etabli konektivite vwa ak done apatide sistèm satelit yo. Founisè telekominikasyon lokal yo te etabli hotspots Wi-Fi nan tout teritwa a pou ofri aksè entènèt gratis grasa laptòp, telefòn selilè, tablet ansanm ak lòt aparèy toujou. Premye retablisman sèvis yo te pèmèt sivivan yo kontakte fanmi ak zanmi yo touswit apre dezas yo te rive.
Asistans ak lojman ki atenn yon total de plis ke $34 milyon dola sou fòm sibvansyon ap koule desann nan men sivivan yo epi reparasyon kay yo deja kòmanse. Enspektè lojman FEMA yo te fin fè plis pase 26,000 enspeksyon, oswa prèske 94 pousan chif total la. Enspektè lojman yo ap kontinye deplase nan katye yo sou tout teritwa a pou verifye domaj siklòn la fè, yon etap enpòtan pou sivivan yo kapab resevwa asistans.
Anplis de sibvansyon pou lojman pou repare ak rekonstwi kay yo, yo te deja distribye plis pase $15 milyon dola asitans pou lwe kay bay sivivan yo. Administrasyon Etazini pou TiBiznis (U.S. Small Businesses Administration) te apwouve plis pase $100 milyon dola prè pou asistans dezas, ladann te genyen plis pase $89 milyon dola pou pwopriyetè kay ak plis pase $10 milyon dola pou pwopriyetè biznis pou yo ka repare ak rekonstwi.
USACE prèske ap fini ak reparasyon twa tanporè ki te fè pou pwogram Operasyon Twa Ble (Operation Blue Roof) la, epi li te enstale prèske 3,600 twa plastik ki ranfòse ak fib pou pwoteje kay yo kont move tan jiskaske yo kapab fè reparasyon ki pèmanan.
FEMA ap travay ak gouvènman teritoryal la pou abòde bezen lojman espesifik yo pou difikilte lojman ki egziste sèlman sou teritwa a epi li pral kontakte chak sivivan apa pou diskite avèk yo konsènan opsyon ki disponib pou yo.
Sant Redrèsman Aprè Dezas (Disaster Recovery Centers, DRC) yo ak ekip Asistans pou Sivivan Dezas (Disaster Survivor Assistance, DSA) yo ap kontinye travay dirèkteman avèk sivivan yo pou ede yo enskri anvan dat limit 18 desanm an oplita. Pèsonèl DSA a te enskri plis pase 11,000 sivivan nan Asistans Endividyèl FEMA (FEMA Individual Assistance). Nèf (9) DRC te resevwa plis pase 34,000 vizitè sou tout twa (3) zile yo. DRC yo ap rete louvri depi 8è a.m. jiska 5è p.m., lendi pou samdi.
Elèv yo tounen lekòl. Kokennchenn van ki ak lapli vyolan tanpèt la te fòse otorite teritoryal yo fèmen nèt sis (6) lekòl nan St. Croix ak de (2) St. Thomas. Plizyè lòt te domaje. Ajans Pwoteksyon Anviwònman Etazini te kolabore ak Depatman Planifikasyon ak Resous Natirèl Zile Vyèj (Virgin Islands Department of Planning and Natural Resources) yo pou prelve echantiyon dlo potab la nan kèk nan lekòl yo ki te domaje anvan pou yo kite yo relouvri pou resevwa piblik la. Anpil lekòl ap fonksyone kounye an ak jeneratris pou ijans USACE te enstale.
Y ap retabli sèvis swen sante vital nan tout teritwa a. FEMA ansanm ak patnè federal li yo ap kontinye travay men nan lamen avèk Depatman Sante Zile Vyèj (Virgin Islands Department of Health, DOH) yo pou bay kominote a tout sèvis sante ak enfòmasyon sante ki nesesè yo. Aprè siklòn yo te domaje anpil etablisman medikal ki nan zile yo, yo te evakye plis pase 400 sivivan ki te bezwen swen nan plizyè Eta sou kontinan an. Sèvis yo negosye nan kontra pou bay sipò pou evakasyon medikal, lè sa nesesè, ap kontinye, pandan Depatman Sante ak Sèvis Imen Etazini (U.S. Department of Health and Human Services, HHS) ak USACE ap kowòdone efò yo avèk gouvènman teritoryal la pou planifye pou etablisman medikal tanporè vin enstale pou kapab kontinye bay pasyan yo swen, pandan aktivite reparasyon ak rekonstriksyon yo ap kòmanse.
USACE ap kontinye bay etablisman medikal kouran ann ijans epi l ap demonte jenerstris yo, pplis gen etablisman k ap rekonekte sou sistèm rezo elektrik la. Pandan sa, FEMA ak HHS ap travay ansanm avèkAjans Jesyon Ijans Teritoryal Zile Vyèy (Virgin Islands Territorial Emergency Management Agency) yo ak DOH pou planifye sou fason pou fè rezidan ki te evakye medikalman sou kontinan an kapab tounen kote y ap kontinye resevwa bonjan swen. Epitou, DOH te distribye plizyè milye twous pou tibebe ak timoun piti moun te fè kado, ikonpri fòmil pou tibebe, kouchèt ak sèvyèt dezenfektan pou siye tibebe, bay manman selibatè ak fanmi nan chak distri sou teritwa a ansanm ak plizyè santèn dòz ensilin ak glasyè.
Ekip Entegrasyon Andikap FEAM (Disability Integration) an te kowòdone avèk òganizasyon volontè ki rele Zanmi Adilt ak Timoun Andikape (Friends of Disabled Adults and Children, FODAC) pou distribye plizyè santèn ekipman medikal dirab yo te fè yo kado, tankou chèz woulant, wakè, nebilizè ak aparèy pou tande bay granmoun yo ak moun ki gen yon andikap. Ekip yo ap kontinye livre ekipman medikal sou tout teritwa a.
FEMA ansanm ak fanmi òganizasyon federal yo ap kontinye travay avèk gouvènman Zile Vyèj, sivivan epi patnè lokal yo sou tout teritwa pandan tout tan sa mande pou rekonstwi ak retabli kominote ki abite sou zile yo.
Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800- 462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).
Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.
Aprè gwo dezas, Administrasyon Etazini pou TiBiznis (U. S. Small Business Administration, SBA) se premye sous Fon Federal pou asistans redrèsman alontèm. Asistans sa a se prè lajan ki gen enterè ki ba epi li disponib pou tout biznis kèlkeswa gwosè yo ki pa nan agrikilti, òganizasyon prive ki pa pou fè pwofi ansanm ak pou pwopriyetè kay ak lokatè ki gen pwopriyete yo ki domaje akòz dezas la.
Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.informusvi.com oswa nan www.usviupdate.com. Swiv nou sou twitter nan twitter.com/femaregion2 ak www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands.
Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org. Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org.