ST. CROIX, Zile Vyèj – Poutèt gen yon bès nan aktivite nan Sant Redrèsman aprè Dezas (Disaster Recovery Center, DRC) la ki nan Estate Bordeaux nan Bordeaux Farmers Market ki St. Thomas, dènye jou pou vizite adrès sa a se samdi 30 desanm.
Sivivan siklòn Irma ak Maria pral gen sèt (7) sant DRC ki rete yo kapab ale vizite ki chita sou tout teritwa an. DRC yo ofri sipò fas-a-fas bay moun ak biznis ki te sibi domaj aprè pasaj siklòn yo. Espesyalis retablisman ak rekonstriksyon ki soti nan Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) ak nan Administrasyon TiBiznis Etazini (U.S. Small Business Administration, SBA) disponib pou ede nenpòt moun ki bezwen enfòmasyon oswa oryantasyon pou ranpli yon aplikasyon.
Sèt (7) sant redèsman ki rete yo louvri soti 8è a.m. pou 5è p.m. lendi jiska vandredi epi
ant 9è a.m. pou 2è p.m. chak samdi nan adrè sila yo:
- St. John
- Cruz Bay nan U.S. Virgin Islands Legislature, St. John Annex, 1D Cruz Bay
- Coral Bay nan Town & Country Building, 8-1 Estate Emmaus
- St. Croix
- Christiansted nan St. Peter’s Episcopal Church, 38-44 Castle Coakley
- Frederiksted nan Rotary Club West, 40 KA-KD Estate LaGrange
- Christiansted nan Old Post Office Building ki nan kwen Church ak Company streets.
- St. Thomas
- Charlotte Amalie nan ansyen Scotiabank, 81 CC & DD Kronsprindsens Gade
- Charlotte Amalie nan Tutu Park Mall, 4605 Tutu Park Mall, Suite 233
Sivivan yo gen jiska dat limit 8 janvye 2018 lan pou enskri opre FEMA pou resevwa asistans epi pou aplike pou prè lajan SBA pou pwopriyetè kay, lokatè ak biznis ki gen tout gwosè. Sivivan yo ki gen koneksyon nan Entènèt gendwa enskri nan DisasterAssistance.gov oswa yo ka rele nan 800-621-3362. Moun ki gen yon andikap pou pale oswa ki mal pou tande epi ki itilize TTY ta dwe rele nan 800-462-7585 dirèkteman. Moun ki sèvi ak 711 oswa ak Sèvis Relè Videyo (Video Relay Service, VRS) gendwa rele nan 800-621-3362.
###
Samdi 30 desanm
Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).
Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.
Aprè gwo dezas, Administrasyon Etazini pou TiBiznis (U. S. Small Business Administration, SBA) se premye sous Fon Federal pou asistans redrèsman alontèm. Asistans sa a se prè lajan ki gen enterè ki ba epi li disponib pou tout biznis kèlkeswa gwosè yo ki pa nan agrikilti, òganizasyon prive ki pa pou fè pwofi ansanm ak pou pwopriyetè kay ak lokatè ki gen pwopriyete yo ki domaje akòz dezas la.
Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.informusvi.com oswa nan www.usviupdate.com. Swiv nou sou twitter nan twitter.com/femaregion2 ak www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands.
Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org. Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org.