Kilè mwen ka aplike pou Èd Pèsonèl la?

Ou ka aplike pou èd pou katastwòf FEMA a, jis apre Prezidan an fin fè deklarasyon ofisyèl gen yon katastwòf nan zòn lakay ou a. Depi Èd Pèsonèl la deklare (gen lòt kalite deklarasyon), FEMA travay ak Stet epi ak gouvènman lokal yo pou idantifye zòn kote moun pral bezwen Èd Pèsonèl.

Se Gouvènè a ki fè Deklarasyon Ijans nan Stet la, anvan oswa imedyatman apre katastwòf la. Men, anvan ou aplike pou Èd Pèsonèl FEMA a, Prezidan an dwe fè yon deklarasyon federal, ann apa. Suiv nouvèl nan zòn lakay ou epi/oswa verifye sou sit disasterassistance.gov si yon deklarasyon deja fèt nan zòn lakay ou a. Si konte, vil oswa katye ou ye a pa site nan premye deklarasyon an, kontinye suiv paske yo ka site l pita.

Dènye Mizajou