Asistans Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) pou Sivivan Andikape yo

Release Date:
Jen 7, 2024

Pou pwopriyetè kay ki elijib yo, FEMA ka ede ak reparasyon epi amelyorasyon adisyonèl si oumenm oswa yon manm nan fwaye ou gen yon andikap.

Pou ki atik ki gen rapò ak andikap FEMA ka bay asistans?

FEMA ka ede pwopriyetè kay yo peye tout pri atik sa yo lè sa nesesè pou yon manm fwaye ou:

  • Ranp eksteryè.
  • Ba pou apiye.
  • Chemen amenaje pou antre lakay ou ak veyikil ou.

Kilè FEMA ka bay lajan pou ede ak atik ki gen rapò ak andikap?

FEMA ap peye pou kèk oswa tout atik sa yo lè:

  • Kay ou te domaje nan katastwòf la epi li te deja genyen youn oswa plizyè nan atik sa yo.
  • Kay ou te domaje nan katastwòf la epi yon moun nan fwaye ou bezwen youn oswa plizyè nan atik sa yo, menm si yo pa te fè pati kay la anvan katastwòf la.
  • Yon moun nan fwaye ou te andikape akòz katastwòf la epi li bezwen youn oswa plizyè nan atik sa yo.

Ki moun ki ka jwenn asistans pou reparasyon oswa enstalasyon atik ki gen rapò ak andikap?

Ou ka jwenn asistans nan men FEMA pou reparasyon kay ou si:

  • Oumenm oswa yon moun lakay ou se yon sitwayen ameriken, rezidan ki pa sitwayen ameriken, oswa yon moun ki pa sitwayen kalifye,
  • FEMA ka konfime idantite w,
  • Ou se pwopriyetè kay ou epi li sitiye nan yon zòn ki afekte nan yon katastwòf ofisyèlman rekonèt,
  • Ou rete nan kay ou a pandan pi fò tan nan ane a,
  • Yon manm nan fwaye ou bezwen youn oswa plizyè nan atik ki endike anwo yo akòz yon andikap,
  • Ou pa gen asirans ki kouvri domaj katastwòf la te koze lakay ou.
  • Yon enspeksyon FEMA konfime katastwòf la te domaje kay ou epi li pa an sekirite pou viv ladan li, oswa yon moun nan fwaye ou te andikape akòz katastwòf la.

Èske FEMA pral kouvri depans pou tout bezwen aksesibilite lakay mwen?

Wi. Asistans Reparasyon Kay pa limite ak yon plafon finansyè pou atik ki nan lis pi wo yo lè yo nesesè pou rann kay ou aksesib an sekirite pou nenpòt moun ki andikape nan fwaye ou.

Kay mwen an te domaje epi li te genyen atik sa yo. Kòman mwen kapab jwenn asistans?

Aprè w fin aplike pou asistans katastwòf, yon enspektè FEMA ap kontakte w pou pran yon randevou pou evalye domaj ki nan kay ou a. Enspektè a pral note domaj ki genyen nan atik aksesibilite yo. Si w kalifye, w ap resevwa lajan pou ekipman aksesibilite w yo ak pou lòt reparasyon. Si lajan an pa kouvri reparasyon ki gen rapò ak aksesibilite yo nèt, ou ka fè apèl pou jwenn finansman total pou reparasyon sa yo.

Kay mwen an te domaje men li pa te genyen atik sa yo. Kòman mwen kapab jwenn asistans?

Aprè w fin aplike pou asistans katastwòf, yon enspektè FEMA ap kontakte w pou pran yon randevou pou evalye domaj ki nan kay ou a. Ou ka rele Liy Asistans FEMA a tou nan 1-800-621-3362 pou plis enfòmasyon sou amelyorasyon an tèm aksesibilite. Ou ka elijib pou finansman total pou amelyorasyon an tèm aksesibilite ou yo, si FEMA detèmine kay ou a pa an sekirite pou viv ladan li epi ou voye enfòmasyon sa yo bay FEMA:

  • Resi oswa devi atik ki gen rapò ak aksesibilite ki dwe konstwi oswa enstale, epi
  • Yon deklarasyon yon pwofesyonèl sante siyen, swen oswa reyabilitasyon ki akonpanye ak enfòmasyon kontak yo, ki eksplike ou bezwen atik sa yo.

Kay mwen an pa t domaje, men katastwòf la te lakòz yon moun nan fwaye mwen andikape. Kòman mwen kapab jwenn asistans?

Si katastwòf la lakòz nenpòt moun nan fwaye ou andikape, FEMA ka ede ou, menmsi kay ou pa te domaje nan katastwòf la. Ou dwe rele Liy Asistans FEMA a nan 1-800-621-3362 pou plis enfòmasyon sou amelyorasyon an tèm aksesibilite. Ou ka elijib pou finansman total pou amelyorasyon an tèm aksesibilite ou yo, si ou voye enfòmasyon sa a bay FEMA:

  • Resi oswa devi atik ki gen rapò ak aksesibilite ki dwe konstwi oswa enstale, epi
  • Yon deklarasyon yon pwofesyonèl sante siyen, swen oswa reyabilitasyon ki akonpanye ak enfòmasyon kontak yo, ki eksplike ou bezwen atik sa yo epi katastwòf la te lakòz andikap.

Mwen pa dakò ak desizyon FEMA a. Kòman mwen kapab konteste?

Si ou pa dakò ak desizyon FEMA a, ou ka konteste li pandan w ap montre poukisa ou bezwen asistans FEMA pou atik ki gen rapò ak andikap oswa amelyorasyon pou aksesibilite. Lèt desizyon ou resevwa nan men FEMA a ap genyen plis enfòmasyon sou tip dokiman pou voye.

Ou ka itilize yon fòm opsyonèl demann kontestasyon, ki enkli nan lèt desizyon ou resevwa nan men FEMA. Ou ka chwazi tou ekri epi siyen yon lèt pou voye ak dokiman ou yo pou ede FEMA konprann poukisa ou bezwen aistans.

Kòman Mwen kapab voye dokiman yo?

Ou kapab voye dokiman jistifikatif bay FEMA pandan w ap:

  • Transfere li sou kont Asistans Katastwòf ou a nan DisasterAssistance.gov.
  • Voye li atravè lapòs bay FEMA, P.O. Box 10055, Hyattsville, MD 20782-8055.
  • Fakse li nan 1-800-827-8112.
  • Vizite Sant Rekiperasyon Pou Katastwòf (Disaster Recovery Center): Lè fonksyònman: Soti Lendi pou rive Samdi, 9:00 a.m. jiska 7:00 p.m.
    • Bristol Community College, 11 Field Road, Attleboro, MA 02703
    • Leominster City Hall, 25 West Street, Leominster, MA 01453

Kòman mwen kapab mande yon amenajman?

Si w gen yon andikap oswa yon bezwen lang ki mande yon amenajman pou kominike avèk pèsonèl FEMA a oswa jwenn aksè nan pwogram FEMA yo, kontakte Liy Asistans FEMA nan 1-800-621-3362. Si w ap itilize yon Sèvis Relè Videyo (Video Relay Service, VRS), Telefòn ki Gen Soutit (Captioned Telephone Service, CTS) oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo ou pou sèvis sa a.

Pou ou jwenn dènyè enfòmasyon yo vizite 4780 | FEMA.gov. Swiv FEMA sou Twitter (X) nan twitter.com/femaregion1 ak nan facebook.com/fema.

Pou mizajou sou operasyon repons ak rekiperasyon nan Massachusetts, swiv Ajans Jesyon Ijans Massachusetts (Massachusetts Emergency Management Agency) sou Twitter (X)MEMA (@MassEMA) / Xak Facebook Massachusetts Emergency Management Agency (MEMA) | Facebook oswa vizite Massachusetts Emergency Management Agency | Mass.gov.

Tags:
Dènye Mizajou